Ki sans alfabetizasyon pou Ayisyen?

BON NOUVÈL

25èm Ane - 270 - Septanm 1991

Ki sans alfabetizasyon pou Ayisyen?

Alfabetizason se pa rans. Alfabetizasyon se pa demagogi. Alfabetizasyon se pa pwopagann politik. Alfabetizasyon se pa aprann li ak ekri sèlman. Alfabetizasyon se kle ki louvri pòt lavi. Se yon kokenn chenn mouvman ledikasyon ki makònen nan rasin kilti pèp la e k ap pouse pèp la moute nan wout bwase transfòme sosyete a. Tankou yon motè k ap ede moun vanse jou apre jou. Alfabetizasyon se yon fòs k ap louvri je moun, k ap moutre malere chimen liberasyon li. Alfabetizasyon se pa yon mwayen pou ede Ayisyen konnen kilti lòt pèp. Okontrè, alfabetizasyon se yon aktivite le­vasyon natif­natal k ap pouse pèp ayisyen an konnen idantite pwòp tèt li pi fon. Konnen sa ou ye, sa ou vo, sa ou ka fè, se deja premye pa sou wout rekonsilyasyon ak kilti lòt pèp yo.

Sot 1943 rive 1991

alfabetizasyon an Ayiti

se grimas, se tenten

Premye kanpay alfabetizasyon an koumanse sou Lesko an 1944, li kaba an 1945 nan deblo­zay. Tenten te pete nan mitan patizan blan Meriken e patizan blan franse. Yon gwoup te vle sèvi ak kreyòl la pou fè moun aprann angle plopplop. Lòt gwoup la te bezwen anplwaye kreyòl la pou fè Ayisyen konnen franse pi vit. Deblozay mete pye. Ayisyen divize. Kanpay alfabetizasyon bwè luil.

Yon dezyèm kanpay tanmen nan Mabyal an 1948 anba pwoteksyon INESKO. Leta pa te vle mele nan sa. Te manke òganizasyon. Rive 1955, adjo kanpay! Sa fini la san bri san kont.

1957, Divalye moute. Gwo pawòl, bèl pwo­mès, anpil demagoji. Papa Dòk lanse yon twazyèm kanpay alfabetizasyon san okenn preparasyon, ni fòmasyon monitè, ni moti­vasyon serye. Kanpay derape, yon dal pwopagann politik fèt pou gouvènman. 2 zan pita, tchouboum! Alfabetizasyon neye nan dlo. Reskonsab ledikasyon nanchon an chwazi detwa espesyalis pou planifye katriyèm kanpay. Nèg save sa yo te lanse kanpay la vre. Men 5 mwa pi ta li mouri.

ONEK ONAAK MISYON-ALFA

ONPEP ONEKA

Vin gen 5 lòt kanpay alfabetizasyon ki lanse nan peyi a soti 1961 rive 1991. Yo tout dis­parèt nan tenten menm jan yo te koumanse a. ONEK parèt tèt li, apre li chanje non, li tou­nen ONAAK. Gouvènman an te resevwa anpil anpil kòb pou sa. Apre 16 zan alfabeti­zasyon, se gou amè sèlman ONAAK kite nan bouch Ayisyen. Nan plas alfabetizasyon, se blòf, vòl, kòripsyon, pwopagann politik, pèp la te rekòlte.

Se nan mitan tout dezolasyon sa a Misyon-Alfa pwente. Li te parèt tankou yon larivyè dlo fre nan yon savann dezole. Jou 7 mas 1986 la, moun te anvayi estad Silvyo Katò Pòtoprens lan pou manifeste espwa yo nan yon Misyon Legliz mete pou louvri je, trase chimen bay pèp Bondye pase. Deviz Evèk yo sete "alfabetize 3 milyon Ayisyen an 5 kan". Metòd la te bon: "Goute sèl". Pèp la te motive. Kanpay la te koumanse anfòm. Nan kèk zòn, monitè yo te jwenn anpil pwoblèm, etikèt kominis paske travay yo t ap fè a se te yon tra­vay kapital. Men, sanzatann an 1988, yon kominike parèt: Evèk yo fèmen Misyon Alfa. Rezon: Monitè Misyon Alfa se kominis. Evèk pa sèvi ak kominis.

ONAAK menm te kaba jou 7 fevriye 1986 avèk dechoukay Janklod. Yo ranplase l pa ONPEP. Lajan depanse, rezilta zewo. An out 1988, yon dekrè parèt ak yon lòt òganis nan plas ONPEP. Se ONEKA. Pandan n ap ekri atik sa a, se ONEKA k ap feraye toujou. La­chanm poko janm ranplase l. Kidonk, poko gen okenn biwo ofisyèl alfabetizasyon an Jiyè 1991. Lajan ki dispoze pou sa jous kounye a, se pèp la ki fè maraton pou ranmase l. Poko gen okenn lajan ki vote pou sa. Poko gen okenn òganizasyon serye ki fòme pou sa. Poko gen okenn bon jan pwogram ki bati. Mas pèp peyi a poko motive tout bon. Sa ki pi rèd, poko gen okenn metòd: kijan, pa ki mwayen, sou ki pant, ak ki moun, pakikòman alfabeti­zasyon pral fèt? Epi kilè l ap koumanse djanm? Tout sa se gwo kesyon ki fè nou pè. Nou pè paske nou pa dwe echwe. Si Kanpay alfabeti­zasyon Lavalas la bwè luil, nou tout chire. Nou chire paske pèp la riske pa janm kwè ankò nan ankenn lòt mouvman Alfa. Nou chire paske nou ka pa janm jwenn ankò nan ankenn lòt mouvman Alfa. Nou chire paske nou ka pa janm jwenn ankò yon moman istorik tankou sa a, ni yon teren sosyal si pare pou chanje lavi, pou bati yon peyi tounèf.

ALAFABETIZASYON LAVALAS LA DWE REYISI

Alfa Lavalas la dwe bay bon rezilta. Pou sa fèt, men detwa lide anpil moun pote:

Alfa ak Leta

Alfa pa ka fèt san bon jan sekirite. Alfa pa posib san bon jan desizyon politik. Alfa pap pote bon rezilta san bon jan mwayen lajan, san gwo òganizasyon ofisyèl ki kore sou lalwa. Se Leta ki gen pouvwa politik pou garanti libète ale vini, libète lapawòl ak sekirite moun. Se leta ki gen pouvwa chanje sistèm ak enstitisyon sosyal ki bare wout alfabetizasyon mas pèp la. Se pou Leta pran reskonsablite l vit e toutaklè nan kesyon Alfa a.

Alfa ak Lekòl

Sistèm lekòl ki nan peyi a se bagay ki kòronpi nètale. Iv Dejan te di yon lè: "Yon gouvènman ki nan enterè mas pèp ayisyen an ta dwe chavire sistèm lekòl sa a tèt anba. Sistèm lekòl sa a se yonn nan pi gwo lèlmi pèp la. Se yon sistèm ki aprann timoun meprize lang yo, meprize tèt yo, meprize kwayans yo, meprize jan fanmi yo viv e jan yo menm yo viv. Lekòl la aprann timoun yo meprize travay tè ak metye paran yo fè. Sistèm lekòl la pa aprann nou reflechi sou sitirasyon lakay nou. Li pa moutre nou chache sa ki lakòz mizè nou..." Kidonk se yon lekòl ki meprize kilti nou, ki fè nou tounen ti etranje andedan lakay nou. Lekòl sa a divize nou an 2 kan: moun lavil ak moun andeyò. Moun lavil ki andeyò kilti peyi a vin pase pou moun andedan, epi moun an pwovens ki andedan kè peyi a vin pase pou moun andeyò. Kanpay alfabetizasyon an pa ka pote bon jan rezilta san sistèm lekòl sa a pa chanje. Epi se 2 milyon moun sot 15 a 40 tan sèlman ki pral rantre nan alfabetizasyon. Se pa 3 milyon. Gen yon milyon timoun ki pa al lekòl. Fò Leta pran ka yo an menm tan tou.

Alfa ak gouvènman pèp la

Se premye fwa nan istwa nou, pèp la mete moun pa li pou gouvènen l. Gouvènman pèp la se gouvènman k ap travay ak pèp la, pou pèp la, nan pèp la. Li pa ka sèvi ak pèp la pou regle pwòp zafè li. Non! Gouvènman pèp la ap sèvi pèp la. L ap garanti tout dwa pèp la: dwa travay, dwa manje byen, dwa dòmi byen, dwa devlope konesans ak konsyans li.

Alfa ak lang peyi a

Lang peyi a se pa franse. Se kreyòl Ayisyen an. Alfa pa posib si lang pèp la pa pran plas li toupatou nan sosyete a. Fè alfabetizasyon an kreyòl pandan lekòl an franse, se simen divi­zyon nan kè sosyete a. Fòk kreyòl enskri nan matyè timoun ap aprann lekòl. Fòk tout papye nan tout biwo leta fèt an kreyòl. Lè a rive kote kreyòl la dwe chèmèt chèmetrès lakay li. Lang nou se nou menm menm. Li pa dwe sèvi zouti ni pou rabese nou, ni pou mete nou nan yon kwen.

Alfa ak lavi peyi a

Nou tout Ayisyen, nou sèmante n ap bati yon Ayiti nouvo. Sa ka pran anpil tan. Men nou sèmante n ap rive konstui yon Ayiti libere.

Sa vle di se tout move sitirasyon sosyete a n ap chanje. Aprann li tout bon, aprann ekri tout bon etan n ap aprann reflechi tout bon, se youn nan mwayen pou nou viv tout bon. Alfabetizasyon makònen ak tout detay nan lavi nou. Alfabetizasyon marye ak tout aktivite ekonomi an. Lavi nou ap miyò toutotan nou wè pi klè, pi lwen, pi fon.

29 jen 1991:

Chita koze sou Kanpay Alfabetizasyon Lavalas

Sa ki te di nan rankont la?

Rankont sa a te bay anpil moun okazyon reflechi sou kanpay alfabetizasyon lavalas la. Men lide ki pi fò yo:

Wòl leta nan kanpay alfabetizasyon tout nanchon se:

1. Fè tout moun aprann li, ekri, kalkile.

2. Toujou mobilize pèp la anfas tout lèlmi chanjman

3. Mete mwayen nan men pèp la pou li rive kontwole epi patisipe nan tout sa ki konsène lavi peyi a.

4. Devlope konsyans kritik pèp la, reveye lespri li.

5. Ranfòse santiman nasyonal pèp la ak kapasite rezistans li ki chita sou istwa ak kilti peyi a.

6. Devlope solidarite nan mitan pèp la epi tou solidarite ak lòt pèp k ap sibi menm tray ak li.

7. Ankouraje inite nan kan pèp la pou pèmèt li bati yon sosyete ki chita sou plis jistis.

Men makfabrik Biwo Santral Alfabetizasyon an:

1. Li dwe granmoun tèt li

2. Fòk Leta ni Lachanm ba li tout pouvwa ak otorite pou li reyalize kanpay la.

3. Biwo a dwe laji kò li, tabli baz li nan depatman yo, komin yo ak seksyon kominal yo.

4. Li dwe gen bon jan relasyon ak tout sektè ki vle pote kole pou fasilite patisipasyon pèp la.

5. Biwo a dwe genyen kapasite teknik ak volonte politik pou fè kanpay alfabetizasyon an nan sans revandikasyon pèp la.

Relasyon Biwo Nasyonal la ak tout lòt òganizasyon k ap pote kole nan alfabetizasyon se:

1. Biwo a ap kontwole aktivite tout ògani­zasyon k ap pote kole nan alfabetizasyon an.

2. Biwo a reskonsab suiv epi etidye valè tout pwogram kanpay alfa a.

3. Se tout sektè ki dwe mete men nan kanpay alfa a.

4. Tout pwogram alfa a dwe suiv menm chi­men, menm kadreman. Yo dwe suiv yon metòd ki marye ak revandikasyon pèp la.

Ki rekòmandasyon yo fè?

1. Marye alfabetizasyon ak aktivite eko­nomik

2. Pran mezi pou pa gen analfabèt ankò. Mete lekòl pou tout timoun.

3. Asire sekirite tout monitè ak patisipan yo.

E vwala! Se pa lide ki manke. Se pa volonte ki manke. Gen jenewozite, gen konfyans, gen senserite tou. Sa ki manke se makònay tètkole. An franse yo rele sa kowòdinasyon. Sa ki manke se òganizasyon. Sa ki dwe fèt rapid: Lachanm dwe kraze ONEKA, epi bay biwo Lavalas la egzistans legal. Leta dwe bay biwo a mwayen. San pèdi tan, biwo sa a dwe prezante bay nanchon an pwogram ak metòd li. Li dwe detaye kijan li pral òganize kanpay la. Sa ki prese, se pa pale mete la. Se foure pye nan batay pou nou wè si kanpay alfabetizasyon an ta koumanse an jiyè 1992. Pa bliye:

Two prese pa fè jou louvri

men

pi bonè se granm maten...

Pòl Antwàn

 

Kite yon repons