KI SA KI FÈ LATÈ TRANBLE?

Pou nou konprann ki sa ki fè latè tranble, fò nou konprann ki jan latè fèt. Si nou gade anndan glòb terès la n ap wè gen 3 kouch prensipal: kwout, manto ak nwayo. Epesè kwout la varye ant 5 ak 70 kilomèt. Epesè manto a se apeprè 2,900 kilomèt, epesè nwayo estèn a se apeprè 3,000 kilomèt. Kwout la pi mens anpil pase lòt kouch yo. Si Latè te yon zaboka, nou ta ka di po zaboka a ze a se kwout terès la, chè zaboka a se manto a epi grenn zaboka a se nwayo a. Gade desen ki anba a.

Kwout Latè pa inifòm. Li dekoupe an plizyè gwo blòk wòch masif ki rele plak oubyen plak tektonik. Gen 7 plak tektonik prensipal ki kouvri apeprè 95% sifas Latè. Men non yo bay plak prensipal sa yo: Plak Pasifik, Plak Amerik di Nò, Plak Amerik di Sid, Plak Antatik, Plak Afrik, Plak Erazi, Plak Endo-Ostrali. Nan tout plak yo, se Plak Pasifik la ki pi gwo. Se sou li Oseyan Pasifik la chita men li tèlman gwo ou te ka mete tout kontinan yo chita sou li youn akote lòt. Gen lòt plak ki pi piti tankou Plak Karayib, Plak Arabi, Plak Somali, eksetera. Plak yo toujou an mouvman. Y ap deplase nan espas ki genyen ant yo a. Yo deplase 4 santimèt pa ane an mwayèn. Akoz espas ki genyen ant plak tektonik yo, nou kapab di sifas Latè pa lis. Li tankou yon ze ki fele plizyè kote. Gade desen ki anba a pou nou wè plak tektonik yo ak kouman yo deplase youn parapò ak lòt.

Gen plak yo rele plak kontinantal paske yo gen kontinan ki chita sou yo. Gen plak yo rele plak oseyanik paske yo gen oseyan ki chita sou yo. Ayiti chita nan lizyè Plak Amerik di Nò ak Plak Karayib. Nou rele lizyè ki gen ant plak yo fay. Yon fay se fant ki gen ant de plak e se nan espas sa a plak tektonik yo deplase. Se nan zòn sa a tou tè a ka tranble. Gen 2 fay ki travèse peyi d Ayiti: Fay Anrikiyo-Jaden Bannann nan penensil sid la ak Fay Septantriyonal nan nò. Se nan Fay Anrikiyo-Jaden Bannann tranblemanntè 2010 la ak tranblemanntè 2021 an te rive. Se nan Fay Septantriyonal gwo tranblemanntè ki te dewi vil Okap la te rive an 1842.

Plak tektonik yo toujou ap deplase youn parapò ak lòt sou manto a. Yo ka fè kolizyon youn ak lòt, yo ka deplase nan direksyon opoze youn parapò ak lòt oubyen yo ka fwote youn ak lòt tou. Leplisouvan, mouvman ant plak yo pa fè dega, men pafwa yon plak konn kole yon kote e l ap fè fòs sou yon lòt plak pou li ka deplase. Lè kon sa, presyon akimile jiskaske yon pati nan plak la oubyen nan plak yo kase toudenkou oubyen youn nan plak yo antre anba lòt plak la sanzatann. Se sa li lakòz Latè tranble. Nou rele fenomèn sa a tranblemanntè.

 

Gen tranblemanntè ki fèt fon nan kwout la, gen lòt ki fèt pi pre sifas Latè. Yo rele kote tranblemanntè a fèt anba tè a fwaye oubyen iposant tranblemanntè a. Yo rele zòn sou sifas Latè ki dirèkteman anwo fwaye a episant tranblemanntè a. Lè tranblemanntè a rive, sa kreye yon pakèt enèji ki pral deplase soti nan fwaye a ale nan tout direksyon sou fòm onn sismik. Se lokalite Ti Twou nan Depatman Nip ki episant tranblemanntè ki te pase Ayiti a jou ki te 14 out 2021 an.  Tranblemanntè a te fèt yon distans 10 kilomèt anba tè a. Enèji onn sismik yo lakòz Latè tranble e sa pral koze anpil dega: kay tonbe sou moun, pon ak wout kraze, glisman tè, eboulman, eksetera. Yon lòt kalite fenonèn ki konn rive apre yon tranblemanntè se sounami. Enèji tranblemanntè a brase lanmè ak anpil fòs epi sa vin kreye yon seri gwo lam lanmè ki pral anvayi tè nan zòn lan. Se sa k fè li enpòtan pou moun ki rete bò dlo tande anons nan radyo pou yo konnen si pou yo kite zòn kote yo ye a pou y al non zòn ki pi wo parapò ak nivo lanmè a.

 

Yo rele save ki etidye kesyon tranblemanntè sismològ. Moun sa yo sèvi ak aparèy ki rele sismograf pou yo mezire fòs oswa mayitid tranblemanntè. Yo mezire mayitid tranblemanntè dapre yon echèl ki rele echèl Richtè. Nan tablo ki anba a, nou kapab wè efè tranblemanntè kapab genyen sou moun ak sou anviwónman an selon mayitid yo. Nou di "kapab genyen" paske efè yo pa garanti. De tranblemanntè ki genyen menm mayitid gendwa gen diferan efè selon kote yo rive ak selon degre preparasyon moun ki rete nan zòn kote yo pase a te fè. Yon tranblemanntè ki pase nan yon zòn ki pa gen moun p ap touye moun, p ap kraze kay. Kon sa tou, yon tranblemanntè ki pase nan yon lokalite kote moun pran tout prekosyon nan kote ak jan yo bati kay, gendwa pa fè twòp dega.

 

Echèl Richtè

 

Mayitid Efè
0-1.9 Tranblemanntè a twò fèb pou moun santi l. Se sèl sismograf ki ka detekte tranblemanntè sa a.
2-2.9 Se tranblemanntè ki pi fèb moun ka santi.
3-3.9 Nou ka konpare vibrasyon tranblemanntè sa a ak vibrasyon yon gwo kamyon k ap pase.
4-4.9 Fenèt ka kraze. Objè ki piti oubyen ki pa estab ka tonbe.
5-5.9 Mèb ka deplase.
6-6.9 Kay ak bilding ka domaje
7-7.9 Kay ak bilding ka deplase kite fondasyon yo. Tè a ka fann. Tiyo ki pase anba tè ka kase.
8-8.9 Pon ka tonbe. Pi fò kay ak bilding ka kraze.
9 oubyen plis pase 9 Gendwa gen gwo destriksyon.

 

Dapre Echèl Richtè a, mayitid yon tranblemanntè ka mezire ant 0 ak 10. Yon tranblemanntè ki gen yon mayitid 2.5 dapre Echèl Richtè a se yon tranblemanntè ki fèb tandiske yon tranblemanntè ki mezire 7.2 dapre Echèl Richtè a se yon tranblemanntè ki ka lakòz anpil dega. Yon tranblemanntè ki mezire 2 nan Echèl Richtè a 10 fwa pi pisan pase yon tranblemanntè ki mezire 1 nan menm echèl la. Yon tranblemanntè ki mezire 3 nan Echèl Richtè a 10 fwa pi pisan pase yon tranblemanntè ki mezire 2 nan menm echèl la, eksetera, era. Kidonk, yon tranblemanntè ki mezire 3 nan Echèl Richtè 100 fwa pi pisan pase yon tranblemanntè ki mezire 1 nan menm echèl la.

 

Apre yon tranblemanntè fin rive yon kote, pral genyen sa yo rele replik. Replik se lòt tranblemanntè ki pral fèt nan menm zòn men ki pi fèb pase premye tranblemanntè a. Sa rive paske plak kote premye tranblemanntè a te rive a gendwa pa fin kase nèt e toujou gen presyon k ap fèt ant wòch yo ak anndan wòch yo ki kontinye ap kraze apre premye gwo chòk la. Ka gen plizyè santèn replik apre yon tranblemanntè e yo ka fèt sou plizyè mwa. Plis mayitid yon tranblemanntè wo se plis ap gen replik. Replik yo ka koze dega tou, men yon bagay ki sèten, sèke yo koze anpil kè sere. Moun pè domi anndan kay. Yo pito dòmi deyò pou yo pa viktim pandan yon replik.

 

Yon tranblemanntè se yon fenomèn natirèl e m mete aksan sou mo "natirèl" la. Se pa kont Bondye gen ak moun ki fè Latè tranble. Toutotan Latè egziste e toutotan Latè rete jan l fèt la, ap toujou gen tranblemanntè. Malerezman, sismològ yo poko ka di nou  ki lè yon tranblemanntè pral rive. Yo ka rive nenpòt ki lè. Se nou ki pou pare pou nou limite dega yo.

 

 

Kite yon repons