Jewografi kreyòl Jean Marie Théodat (Jan Mari Teyodat)

Nan peyi d Ayiti, gen yon polemik ki gonfle sou kesyon lang lan. Gen de moun ki panse fò k nou ta kite afè franse a atè, paske pifò Ayisyen pa konprann ni. Epi tou, gen lontan depi se gran nèg sèlman ki pale li. Yo te sèvi avèk li tankou yon baboukèt pou anpeche pèp la pale sa li bezwen. Si ou pa te ka pale franse, ou pa te gen dwa alapawòl.

Gen de lòt ki di ou : » kreyòl la pa lang, li pa gen dwa depase pòt kizin nan ». Yo fè ou konnen ke pa gen ase moun ki pale kreyòl nan lemonn, pa gen ase liv ki ekri ladann, pa gen ekriven ki chwazi li kòm sèl mwayen pou pibliye. Agiman sa yo pa ka anpeche nou konsidere ke enterè yon lang, se pa ni kantite moun ki pale li, ni kalte ekriven li bay : se entelijans kolèktiv li charye, se eritaj inivèsèl li reprezante ki fè nou pran li ak de men.

Se moman sa a mwen santi mwen dwe di yon mo. Lamarin pa metye mwen, mwen pa lengwis, mwen pa menm pwofèsè kreyòl. Se jewograf mwen ye, e se goumen mwen ap goumen ak plim nan pou se pa an franse li ekri sa a. Men, mwen te di tèt mwen : fò k se an kreyòl pawòl sa a pale. Yon fason pou nou apwofondi pwoblèm lan, an menm tan ke nou ap fè kreyòl la vanse. Kreyòl, se yon lang mwen pale tankou yon eritaj, ki genyen ladann yon mesaj sakre nou pa ta dwe janm bliye. Ou pa renmen yon lang paske se li ki pi bèl, ni se li ki pi gran : ou renmen li paske se pa ou li ye. Pèsonn pa ka retire li nan men ou.

Nan jenerasyon pa m nan, ekri kreyòl se te yon evennman, tèlman pa te ko gen règ, ni akò ant save yo ki te ap travay sou sa. Mwen grandi ak yon lang, mwen edike nan yon lòt. Si mwen ta pran fè imaj, se kòm si mwen ta manje nan yon lang, epi mwen ta dijere nan yon lòt ; mwen ta renmen nan yon lang, mwen ta divòse nan yon lòt. Eksperyans viv nan de lang, sòti nan youn, antre nan yon lòt, pa gen danje, se pa yon pwoblèm li ye : se toujou menm mwen menm nan ki lakòz. Se mwen ki konnen, mwen ki deside, se pa lang nan. Men se granmèsi zanmi mwen Michel Anne Frédéric Degraff ke mwen vin deside ekri kreyòl la tou. Li te ekri mwen pèsonèlman, yon si bèl lèt, kreyòl li te tèlman fen, ke mwen te bije file plim mwen pou reponn ni. Mwen te pran tan, men mwen te pran anpil plezi. Depi lè a, zonbi goute sèl. Mwen selebre kreyòl la chak jou.

Se la a m ta renmen konnen sa ki pase nan tèt yon moun, lè lang li te aprann yon bagay, se pa nan lang sa li ap anseye li. Pou mwen pi klè : mwen te mande tèt mwen : « èske yon kou jewografi an kreyòl posib ? Pou yon nèg ki pa te abitye ekri ni li an kreyòl, eske li posib pou li fè yon travay syantifik valab an kreyòl ? » Repons la se wi : akondisyon nou bay tèt nou mwayen pou pale ak ekri kreyòl na tankou nenpòt lang. Se konsa mwen te rive fè li.

Depi pase trant an mwen ap anseye jewografi. Men, se aletranje mwen te toujou fè sa. Mwen anseye an franse nan La Sorbonne, an panyòl lè mwen al Inivèsite San Marcos o Pewou, nan PUCE ann Ekwatè, an angle lè mwen ale Jamayik epi lòt kote si sa nesesè : sa pa janm poze yon pwoblèm. Mwen te gen chans aprann pale ak ekri plizyè lang.

Men se premyè fwa mwen gen opòtinite fè sa nan lang manman m nan, e se pa yon ti zafè. Mwen ap fè kou nan UEH epi nan lekòl Saint-Louis de Gonzague, kote kou yo fèt an franse. Men, pwofesè yo toujou fè yon ti rale an kreyòl. Kidonk sa pa choke pèsonn lè yon pwofesè ap pale kreyòl. Se lè egzamen an rive, lè nòt vin pou pran, ke bwa mare tout bon. Defi pa mwen se bije elèv yo pran nòt an kreyòl tou, bije pwofesè a ekri an kreyòl sa li di a, ki se sèl fason pou bay lang nan tout enpòtans li, paske se li nou pale lè nou vle yo konprann nou toutbon. Si se pa sa, nou tonbe nan woutin : kote pwofesè a se wout pa bwa l ap chache lè li soti nan yon lang pou vire nan yon lòt. Li pale franse pou mistifye elèv yo, li pale kreyòl pou li joure yo oubyen ba yo baton.

Moun te toujou konprann, nan tan lontan, ke lasyans pa pou kreyòl. Se te bagay lakay, bagay anba tonnèl, bagay pèsonèl ak bagay minè ki te regle nan lang sa a. Nan kanè lekòl la, li te ekri « il est interdit de parler créole dans la cour de l’école… ». Kidonk, chak fwa mwen te kanpe devan yon bann elèv, se te franse a ki te vini pi dous nan bouch mwen. Sete yon reflèks entelektyèl ki te gen ladann yon konplèks sosyal. Jan ou te aprann tande a se konsa ou pale. Se an franse mwen te aprann syans jewografi a, se an franse mwen te prepare pou mwen anseye li, se an franse li te pi fasil pou mwen pou mwen pataje li ak lòt moun. Men mwen te aprann fè sa tou an angle, an panyòl parapò ak peyi kote mwen te rive al bay konferans, patisipe nan yon aktivite syantifik. Kijan fè li te diferan pou mwen an kreyòl, ki se lang manman m nan ?

Enben, jodi a mwen konnen. Se paske mwen pa te ko metrize lang nan. Epi tou, nan lespri mwen, te rete yon baryè pou separe sa ki savan, ki mache ak franse, yon bò, ak sa ki banal, ki mache ak kreyòl, yon lòt bò. Kreyòl mwen pa te ko rèk pou te antre avèk mwen nan inivèsite.

Epi yon jou, pandan mwen ap fè yon kou sou sa yo rele « tectonique des plaques » la, mwen te gen difikilte pou te fè etidyan yo konprann sa mwen vle di a. Lè mwen pale an franse yo pran nòt, men se pa tout bagay yo konprann nan sa mwen ap di a. Lè mwen vire an kreyòl, yo konprann pi byen, men pèsonn pa pran nòt : yo pa fò nan ekri kreyòl.

Lè mwen mande yo nan ki lang yo vle kou a fèt, gen youn ki di mwen : “pwofesè, si ou te ka fè kou a an kreyòl epi tou ou ban nou yon rezime an franse pou nou al aprann li pakè, se ta ap sa nèt ».

– Kisa nou ye la a, mwen mande li, francophones ou bien créolophones ?

– Nous sommes des pokophones, professeur. Nou poko ka pale franse a byen, nou poko ka ekri kreyòl la kòmsadwa, kidonk nou poko tout jan.

Ti anekdòt sa a, vini raple nou ke se pa goumen franse a ap goumen ak kreyòl la nan bouch nou, se nou menm ki poko gen mwayen nan tèt nou pou nou metrize de lang listwa nou kite pou nou an. Nan tout peyi, pale plizyè lang se yon richès, akondisyon pa gen diskriminasyon, ni paspouki lè yon moun pa pale yon lòt lang ki pa sa majorite a pale a. Yon lang, se yon zouti pou pèmet nou konprann epi pataje kompleksite reyalite a. Yon zouti pou lovri je nou, san nou pa bije al chache okenn eksplikasyon ezoterik pou sa nou pa konprann.

Li ta toujou pi bon pou tout moun ta pale menm lang, men li pa fasil pou jwenn yon sèl lang ke tout moun ka konprann. Anglè ou tande se li ki ap mennen an, se pa tout moun ki pale li. Chinwa ki se pèp ki pi peple sou latè pa konprann li. Menm ameriken an gen enterè aprann lòt lang. Kidonk, pale anpil lang se yon avantaj li toujou ye. Pou kominike ak tèt ou, lè ou ap ekri, pou kominike ak lòt moun ki pa pale lang pa ou la. Ann Ayiti, nou gen privilèj ke de lang nou resevwa kòm eritaj yo sanble. Pa gen lang ki pi sanble ak fransè a pase kreyòl : se tankou manman ak pitit. Pifò mo nou ap itilize nan jewografi a, se nan fransè nou pran yo : tektonik, jewografi, ekoloji, estratigrafi, jewoloji, elatrye. Men fò k nou admèt ke se nan lang grèk mo sa yo jwenn rasin. Nou toujou kapab pran nan makout leksikal fransè a tout bon zouti nou bezwen pou pale pawòl pa n. Si fransè a pa bay li, nou toujou ka envante li.

Pa gen lang ki evolye pou kont li. Tout lang sibi enflyans yon lòt lang. Sa gen rapò ak pwoksimite jewografik, kiltirèl epi politik ki ka jwe pou fè kèk mo de yon lang antre nan yon lòt. Ann Ayiti pa egzanp, nou gen de twa deseni ke kreyòl ap ranmase mo anglè ki finn pa antre nan vokabilè nou tout : chany, mayas, janjanbrèt, faktori, bouchin, ribil, elatrye. Nou pa lage kreyòl la pou sa. Yon lang se yon basen kote tout sa ki antre ladann sibi yon melanj ki gen pou fèl antre an reaksyon ak tout lòt engredyan yo. Se sa ki pou enpeche lang nan deperi. Tankou jan Coupé Cloué te di li nan yon chante selèb : « N ap jete sa ki pou nou, n ap ranmase sa k pa pou nou. Yo fè yo voye ban ou, an nou fè voye ba yo tou ».

Se la a mwen te renmen fè yon ti rale pou mwen di ke se pa lang nan pwoblèm nan, se konpleksite reyalite ke nou ap viv la. Fòk yon nèg pa konfonn zouti a ak pwoblèm lan, pa konfonn djak ak kawotchou. Lè machin ou plat, se wou a ki an pàn, se pa djak la. Lang nan, se tankou yon djak : se zouti pou leve pàn nan. Plis ou abitye leve pàn, plis zouti ap fasil nan men ou. Si se premye fwa, ou gen pou ou santi li rèd pou sèvi ou. Sèl repons pou sa ki ap mande si kreyòl la kapab pale serye, se eseye li. Pi bon mwayen pou eseye li, se ak elèv yo. Si ou rive fè yo konprann konpleksite reyalite a nan lang sa a, ou rann peyi a on doub sèvis : ou ede pitit li yo vin pi eklere, ou ede lang nan bay pi bon sèvis.

Pou sa ka rive fèt, se tradui pou nou tradui pou yo. Mwen te fè efò mete tout sa mwen konnen nan lang manman m kòm si se te ak manman m mwen te ap pale. Mwen mete an plas yon leksik, nou rele l tchala kreyòl, pou bay chak mo yon plas nan vokabilè a. Lè ou wè konsa, ou santi lang nan pa ka ba ou manti. Chak mo chazi pou sa li vle di epi tou pou sa li pa vle di. Lè konsa ou bije rete veyatif pou pa itilize yon mo pou yon lòt, paske moun gen tandans kwè tout bagay se bagay, ou pa bezwen klè lè w ap pale, depi yon konprann ou. Gen de nivo ou ap pale, ou pa ka kontante ou deske yo konprann ou. Pawòl la dwe klè pou tout moun lè se lasyans ki angaje.

Mwen ap travay nan yon domèn, jewografi, kote lang nan gen anpil enpòtans. Yon jewograf, se tankou yon mekanisyen li ye : li dwen konn non chak mòso pyès ki gen nan machin an. Non tout peyi, non tout fenomèn natirèl, non tout pwoblèm ki ka poze. Se li ki pou di w ki sa ki fè peyi a an pàn, sa ki fè li pa ka mache. Pa egzanp, lè gen male pandye, lè gen danje ak katastròf, se li ki konnen ki jan pou nou fè pou sèvis ak bonjan sekou rive jwenn sa ki bezwen yo. Kidonk, lè gen ijans, tout enfòmasyon ou bezwen ta dwe vin jwenn ou nan lang ou konprann pibyen an. Rekòmandasyon pa mwen, se admèt ke peyi an gen de lang : youn pou li ekri, youn pou li pale. Lè se lavi moun ki angaje, ou dwe reflechi ak sajès, san idyoloji pa ladann. Moun yo pi fasil li franse : an nou afiche an franse pou you ka li li ak kè poze. Moun yo abitye pale kreyòl : radyo ak televizyon dwe pale an kreyòl pou yo ka tande san grate tèt.

Rèv pa mwen se ta pou tout etidyan metrize de lang yo ak kè kontan. Paske lè ou pale yon lang, ou gen yon sèl fenèt ki louvri. Lè ou pale de lang, ou gen dwa chanje pozisyon pou ou wè bagay yo on lòt jan. Mwen rete kwè ke pwoksimite de lang sa yo ba nou yon gwo avantaj pou nou elaji vokabilè toulede lang yo. Gen de lè se mo kreyòl la ki pi kòdyòm pou dekri yon reyalite lokal, lè sa a se pou mo a antre tèlkèl nan franse pa nou an. Yon mo tankou restavèk pa gen mwayen tradui l an franse san li pa pèdi nannan li. Pa gen mwayen tradui zonbi, lwa, marasa, an franse (revenant, esprit, jumeau) san ou pa pèdi moso nan siyifikasyon kreyòl la. Menm jan an, kreyòl la pran mo franse pou li fòje pawòl pa li, franse a dwe evolye ann Ayiti, fòk li ranmase kont mo kreyòl li, se konsa sèlman nou ap rele li yon lang itil, e se konsa sèlman li ap sispann rete yon lang prete. Kreyòl la di konsa : « kanson prete pa danse matinik ». Ou pa ka danse jan ou vle ak yon pantalon ki pa pou ou. Si franse a se pàn li ye, fòk nou petri li menm jan ak kreyòl la, fòk nou ka fè jedemo pou pouse limit ekpresyon an jis kote n pa ta panse.

Mwen anvi, lè mwen ap pale kreyòl, pou mwen pa bije ap fè zuzu paske sa m ap di ya enpòtan. Kreyòl la gen tout zam ak tout zouti pou nou di tou sa nou bezwen. Se nou menm ki on jan pentad, ki kapon. Pou dè rezon de prestij nou pa ta vle desann pyedestal franse a pou nou pale menm lang ak pèp la. Men fòk nou di, pyedestal la, se pa pou youn oubyen yon lòt lang li ye. Se pou valè pawòl ki ap pale a. Ou gen dwa ap pale franse epi se ranse ou ap ranse. Ou gen dwa ap pale kreyòl, sa pa vle di ou pa te al lekòl. Yon moun ki save ann Ayiti ta dwe metrize de lang yo, lè l ap ekri, tankou lè l ap pale. Se ta dwe kondisyon pou rekonèt yon nèg eklere.

Lejou nou kapab eksplike yon pwoblèm nan de lang, nou déjà fè mwatye chimen konesans lan. Depi yon elèv poze mwen yon kesyon sou yon tèks li pa konprann, mwen di li tradui li an kreyòl. Si kreyòl la bon, ou ap konprann pi vit. Menm jan an, depi m santi nan ekplikasyon an lojik la ap bay flay, mwen mande elèv la ekri sa li di m nan an franse. Lapoula ou gen pou ou santi diferans lan. Kidonk, pedagoji pa m, se sèvi ak de lang yo tankou de fwèt : yon kou pou youn, yon kou pou lòt. Men se mèn bèt la n ap bat. Lè ou anvi konprann, pa gen lang ki pou anpeche ou vanse. Plis lang ou pale, pi vit ou konprann sa ou dwe konnen. Olye pou l ta antrave ou, lang nan se nechèl pou leve tèt ou, se nechèl pou gade pi lwen.

Finalman, lè mwen gade kaye mwen ap ekri ladann nan, mwen wè de lang yo makonnen youn ak lòt tankou de marasa, yon fason kote youn ap ede lòt. Lè franse a manke sèl, kreyòl la ba l piman. Lè kreyòl la manke mo, franse a pote rèl, e se lè sa a etidyan yo kontan. Yo pa pè pale franse ankò, yo pèdi wont pale kreyòl la, paske se lang pwofesè a itilize pou li fè kou a. Menm jan an, se pou nou retire konplèks nan reprezantasyon de lang yo.

Gen moun ki kwè franse a se lang yon elit li ye, e ke li dwe ye. Kidonk, malere pa gen dwa pale li. Sa ta yon sakrifis ki te ap koute nou chè, si nou ta jete lang sa a ki se yon eritaj, yon tradisyon, epi yon bon zouti pou antre nan konpleksite reyalite lemonn. Ou pa jete yon lang ki gen Paul Valéry ladann. Si se pa sa ou gen yon pwoblèm ak lakilti ak lentelijans. Ou chache fè lang pa ou la vanse san mande lòt yo fè bak. Se devwa nou, kòm anseyan, pou nou egzije elèv yo pale franse a kòmsadwa. Franse kòrèk vle di, franse tout moun konprann, san w pa bije savan.

Gen moun ki kwè kreyòl la se sèl lang nou dwe pale, kòm kwa sa ki pa konprann li bije aprann pale li tou. Malerezman gen anpil liv ki rete pou tradui anvan n ka gen aksè ak tout kantite bèt ki gen pou aprann nan yon bibliyotèk. Pandan tan sa a, nou gen chans pale franse, e lang sa a gen anpil bon bèt ladann. Lè yon moun gen privilèj li Racine, Molière, Motesquieu, Rousseau, Voltaire, Hugo, Balzac, Flaubert, Stendhal, Zola, Proust, Mallarmé, Verlaine, Baudelaire epi Sartre nan lang orijinal la, ou pa ezite. Ou pa fè chèlbè tankou se pa anyen sa. Se yon kokenn avantaj nou genyen sou anpil lòt pèp : nou ekri yon lang ki se yon rezèvwa konesans pami youn ki pi rich nan lemonn. An nou pran sa oserye. Se pa nan retire liv franse nan biblyotèk yo ke nou ap anrichi konesans timoun yo, se nan tradiksyon meyè zèv ki egziste, kit se an franse, an angle, an panyòl, elatrye.

Gen yon ankèt ki te fèt an 2009 ki te revele ke 85% pwofesè lekòl fondamantal yo pa metrize okenn lang. Ni franse, ni kreyòl. Paske yo pat chwazi metye a kòm yon vokasyon, men tankou yon fòkseli. Yo te bije fè yon jan pou pa mouri grangou, yo tonbe nan fè pwofesè. Pifò ladan yo ta renmen chanje metye : paske yo touche mal, yo pa jwenn konsiderasyon yo ta merite a, epi tou, yo pa te prepare pou pran presyon elèv. Depi yon timoun gen difikilte pou li aprann, baton nan dèyè li. Sa a se siy ke pwoblèm nan pi grav ke jan yo poze l la. Se pa lang nan pwolèm nan, se konpetans pwofesè a pa genyen. Se kòm si ou ta pran yon kòdonye pou leve yon pàn kawotchou. Li ap fè li kousi kousa. Men, si se te yon kawotchouman, li te ap fèt pi vit, pi byen.

Pedagoji pa mwen, se fè kou nan toulede lang peyi a, paske elèv yo pale de lang. Nou pale e nou ekri nan toulede, san nou pa fè diferans, paske elèv yo konprann toulede lang yo. Sa a se yon avantaj pou yon pwofesè parapò ak lè ou ap travay ak yon gwoup ki pale yon sèl lang. Se kòm si sou yon teren foutbòl, abit la te deside mete liy touch la pi lwen pase kote li te ye a. Extension du domaine de la langue, en quelque sorte. Toutotan mwen kapab, mwen mande elèv yo, annatandan yo gen liv an kreyòl, olye yo aprann yon tèks franse pakè, pou yo tradui li an kreyòl. Tout sa ou tradui, ou konprann ni de fwa, ou konprann ni pi fon. An nou tradui pou fè kreyòl la mache. An nou tradui pou fè franse a ateri. Mwen mande moun ki enterese pou yo fè efò tradui chante kreyòl yo an franse. Se yon ekzèsis ki toujou enteresan lè ou anvi metrize lang nan. Pa gen wout pa bwa: bay kreyòl la jarèt, se bay franse lanmen. Se pa sèlman franse nou ki pa kòdyòm, kreyòl nou manke jèvrenn. Nou poko fè travay apwofondi kote chak mo gen tokay li nan chak lang. Tchala kreyòl la poko fini.

Sa vle di, an nou fè efò pou nou chache bon jan zouti pou bije de lang yo pale youn ak lòt. Nou gen okazyon inisye yon dyalòg ki toujou bon lè ou ap fè rechèh. Abitid pale de lang nan pa sifi, se bon jan egzèsis pou nou envante, bon jan tradiksyon ki pou fèt pou nou ka ale pi lwen nan chimen konesans. Etidyan ak pwofesè sou menm liy : nou poko gen tout metriz nou bezwen pou manyen de lang yo ak menm ladrès, men nou konnen ke pa gen lòt mwayen pou nou bay tèt nou limyè ke nou ap chache a.