Pierre riche, Rene Dor, Ferdinand Dor twa jèn mizisyen ki te fòme on triyo ane 1942 ki te rele " trio des jeunes". Yo te gen lide mete kanpe on pi gwo fòmasyon mizikal konplè. An 1943, Rene St Aude rebatize triyo a "Jazz des jeunes.
Jete bliye, ranmase sonje.
Sonje Jazz des jeunes fè pati patrimwann mizikal peyi nou, fyète kilti nou. Depi fòmasyon l yo te fikse misyon yo fè tout Ayisyen kou etranje fè konesans ak richès folklò nou rasin nou mak fabrik nou. Jazz des Jeunes te rive kwoke wo drapo kilti a fè l flote toupatou, kiba, almay, pari etazini.
Lan peryòd inogirasyon bisantnè yo fè mèvèy, on ekip mizisyen gwo kalib tankou Antalcidas Murrat, twonpetis pawolye, konpozitè aranjè montre talann. Se Antalcidas Murrat ki fè aranjman tout konpozisyon folklorik yo, pi bèl bolewo yo, aranjman mizik vodou yo mereng yo se boul pik li. San bliye lòt mizisyen pwa lou tankou: Dieujuste Dorlette, Marcel Bichotte ,Mozart Duroseau, Ferra pierre, Rene st Aude, ki li menm te gen misyon vini ak talan l te rankontre sou wout li tankou Willy Frederic Gerard Dupervil, Emmanuel Auguste Daniel Mayala, Frederic Carpentier, Evelyne Dejean, Kettly Lafont, Pierre Blain, Jean Claude Felix, Ernst Letemps e latriye.
Papa m te konn di nou, poto mitan jazz des jeunes se te mèt Antalcidas, majòjon nan aranjman mizik vodou, mizik fòlklorik.
Antalcidas Murrat se youn pami premye moun ki antre vaksin- banbou nan salon gras ak bèl aranjman l yo. Dapre Adrien Berthaud "se youn nan ra mizisyen ki ekri mizik sou plizyè ryt" ibo, petro, bolewo, balad, mereng.
Jete bliye ,ranmase sonje Ayiti Dantan. Si nou pa bliye si nou sonje anvan Jazz des jeunes ale li kite yon refren ki pati konsa" Lè n ale sa k ap jwe w petro lè n ale sa k ap jwe w ibo lè n ale sa k ap kenbe kòn nan ? Jazz des Jeunes se te w mapou, on referans .