JACQUES STEPHEN ALEXIS (JAK ESTEFÈN ALEKSI) MOURI: NANPWEN JISTIS

Yo koupe tèt solèy, o!                                                                                                                                                                                                                            Li tonbe lwen lwen,                                                                                                                                                                                                                               Li tonbe lwen lòt bò Lagonav…                                                                                                                                                                                                      Men gade jan li senyen, mezanmi.                                                                                                                                                                                              Jan li senyen sou tout bagay.

Phillipe Thoby-Marcelin

 

Jacques Stephen Alexis (Jacques Latour Alexis) [Jak Estefèn Aleksi/Jak Latou Aleksi] se moun Pon Lestè, Gonayiv nan Nò peyi d Ayiti. Papa li te rele Stephen Mesmin Alexis (Stefèn Mesmen Aleksi), manman li te rele Lidya Nuñez [LidyaNounyèz] (pitit grandon dominiken ki te vin tabli Ayiti nan mitan 19yèm syèk). Jacques te fèt on samdi 22 avril 1922 sou lokipasyon ameriken. Nou konn ki jou ki dat li fèt, nou pa konn ki jou ki dat li mouri.

Ann avril 1961, Alexis ak kat lòt kanmarad (Charles Adrien-Georges [Chal Adriyen-Jòj), Guy Béliard [Gi Belya], Hubert Dupuis-Nouillé [Ibè Dipwi-Nouye], Max Monroe [Maks Monnwo]) monte yon chaloup, yo pran lanmè pou yo, soti Barakowo, Gwanntanamo nan Kiba pou yo ale Ayiti.  Chaloup la al chwe Mòl Sen Nikola. Yo annik debake, otorite nan lokalite a atrap yo. Yo malmennen yo byen malmennen. Pyès moun pa byen konnen sa yo te devni apre sa.  Gen moun ki di yo te fizye yo la menm. Gen lòt moun ki di gadkòt te vin chèche yo tousuit monte ak yo Pòtoprens. Rive yo rive nan kapital la ak yo, yo kondi yo mennen yo bay François Duvalier (Franswa Divalye) ki te prezidan peyi a alepòk. Gen lòt kònèsè ki deklare se pa konsa sa te pase. Se Katye Jeneral Lapolis oswa Kazèn Desalin yo te mennen yo an premye. Ann apre, yo travèse Fò Dimanch ak yo. Epi nan demen maten, yo fizye yo nan bayawonn ki nan paraj fò a. Kilès nan pawòl sa yo ki se pawòl verite? Nou pa konnen. Sa ki sèten sèke otorite nan peyi d Ayiti te disparèt Jacques Stephen Alexis ak kat kanmarad yo. Alexis te gen 39 an sèlman. Li te gen tan fè anpil pakou monte desann ann Azi, ann Ewòp, nan Lamerik Latin. Li te fè konesans anpil gran tèt nan lemonn. Li te ekri woman, kont, anpil anpil atik nan jounal, li te monte òganizasyon politik, li te bay yon bann konferans, li te manm klib sosyal. Se te yon medsen newològ, yon militan politik, yon teyorisyen. Li te marye (1949) divòse (1956) an Frans, remarye ann Ayiti. Li te papa de timoun yon tifi (Florence [Florans]) ak yon tigason (Jean Jacques [Janjak]).

Ansasinay Jacques Stephen Alexis te lage tout fanmi li nan tribilasyon. Se te yon gwo kou pou Stephen Mesmin Alexis (papa li). Se sèl grenn pitit gason an li te genyen. Stephen Mesmin Alexis pral mouri ann egzil Karakas, Venezyela ennan apre (15 out 1962). Kilès ki konnen si se pa chagren ki pote l ale? Li te ekriven, jounalis, istoryen, pwofesè lise Gonayiv. Li ekri yon woman (Le nègre masqué) ak yon pyès teyat (Le faisceau). Li te fè yon jounal (L’Artibonite) kont okipasyon ameriken nan peyi a (1915-1934). Histoire élémentaire d’Haiti se non yon liv Stephen Mesmin Alexis te ekri sou istwa d Ayiti.  An 1926, prezidan Louis Borno voye Stephen Alexis nan pòs anbasadè peyi d Ayiti ann Ewòp (Pari ak Bèljik). Jacques te gen katran. Pandan yo an Frans, paran Jacques Stephen Alexis mete li nan klas primè College Stanislas de Paris (Kolèj Estanislas Pari), yon lekòl katolik prive ki gen anpil prestij jouk jounen jodi. Jacques Cousteau (Jak Kousto), Christian Dior (Krisyan Dyò), Edmond Rostand (Edmon Rostan), Anatole France (Anatòl Frans) [Pri Nobèl Literati], Claude Simon (Klod Simon) [Pri Nobèl Literati], Pierre Audi (Pyè Odi), Jacques Lacan (Jak Lakan) se non kèk lòt moun koni ki pase lekòl sa a.

An 1930, gouvènman ayisyen leve anbasadè Stephen Mesmin Alexis nan pòs ann Ewòp. Fanmi Alexis an retounen Ayiti. Jacques Stephen Alexis al fin fè klas li kay Frè Senlwi (Collège des Frères de l’Instruction Chrétienne Saint Louis de Gonzague): Youn nan gwo lekòl katolik prive nan peyi a. Apre Filo, li rantre fakilte medsin ann Ayiti. Lè li diplome kòm doktè an 1945, li te gen 23 zan.

Jacques Stephen Alexis derape nan politik byen bònè. A 16 zan li leve l al enskri nan premye Pati Kominis Ayisyen an (PCH) Jacques Roumain (Jak Woumen) te mete sou pye an 1934. Pandan li te lamedsin, Alexis te antre fon nan mouvman etidyan. Se li ki te responsab jounal fakilte a (Le Caducée).

Soti 1940 rive 1947 apeprè, Ayiti te tankou yon leman. Ekriven, politisyen, atis soti diferan kote nan lemonn swa pou yo vin fè yon vwèlta nan peyi a swa pou yo vin plante poto yo. Nicolas Guillen (Nikola Giyenn) te yon powèt kominis. Apre li te fin pèdi nan eleksyon pou majistra Kamagwe, Kiba li te rantre ann Ayiti an 1942. Jacques Roumain pase ak li nan diferan klib literè. Lane apre a, Alejo Carpentier (Alewo Kapantye), yon womansye kiben te debake ann Ayiti pou li te fè konferans.

Dezan apre vwayaj Carpentier a, yon atis ameriken ki te rele DeWitt Peters (Dewit Pitèz) louvri Le Centre d’Art/Centre d’Art d’Haiti (Santda) nan Pòtoprens. Yon sant ki pral jwe gwo wòl nan fòmasyon atis ak pwodiksyon atistik peyi d Ayiti. Menm ane a (1944), de ekriven matinikè, Aimé Césaire (Eme Sezè) desann Ayiti ak madanm li Suzanne Césaire (Sizàn Sezè) pou yo bay konferans, fè kou nan inivèsite pandan sis semèn. Andre Breton, yon powèt sireyalis franse rantre ann Ayiti an desanm 1945 pou li pase de mwa nan peyi a ap fè konferans, brase lide, chita pale ak ekriven ansanm ak militan politik. Li fè zanmi ak anpil jèn ekriven ayisyen tankou Jacques Stephen Alexis, Gérald Bloncourt (Jeral Blonkou), René Dépestre (Rene Depès). Aktivite sa yo te bay mouvman politik ak mouvman kiltirèl nan peyi a yon bon bourad.

Moun rapòte Jacques Stephen Alexis te kòmanse ekri byen bonè (18 an). Men lè Jacques Stephen Alexis pibliye yon tèks analiz nan Les Cahiers d’Haiti (Lè Kaye d Ayiti) sou yon liv pwezi (Jets Lucides) [Jè lisid], Hamilton Garoute (Amiltonn Gawou) te mete deyò li te gen 23 zan. Anpil entelektyèl te bat bravo di se te yon bèl travay. Menm ane li te diplome nan lekòl medsin lan, Jacques Stephen Alexis mete ansanm ak lòt kanmarad pou yo mete yon jounal politik deyò (La Ruche) [Larich]. Yon jounal ki pral jwe yon gwo wòl nan mobilize mas pèp la ak etidyan inivèsite kont gouvènman Elie Lescot (Eli Lesko). Moun ki te nan komite redaksyon jounal la se te Gérald Bloncourt (Jeral Blonkou), Jacques Stephen Alexis (Jak Stefèn Aleksi), Laurore Saint-Juste (Lowò Senjis), Lucien Daumec (Lisyen Domèk), Max Ménard (Maks Mena). Se sou non vanyan li (Jacques la colère), Jacques Stephen Alexis te ekri atik nan jounal la.

Mwa desanm 1945 se yon mwa ki te te cho anpil ann Ayiti. Popilasyon an te bouke anba diktati Lescot a: politik prejije, politik kraze zo, politik baboukèt, politik moun pa, dizèt, gagòt nan kès leta, biznis ak etranje ki pa te nan enterè peyi a. La Ruche ap frape gouvènman Elie Lescot a fò. Se atò gouvènman an fè bosal mache arete moun.

Se twòp atò! Ekip La Ruche la lanse grèv jeneral. Yo mande popilasyon an pou li leve kanpe. Grèv jeneral ak manifestasyon nan lari senk jou, youn dèyè lòt, soti 7 janvye rive 11 janvye 1946! Lame pran pouvwa. Elie Lescot tonbe.

Ann apre, Jacques Stephen Alexis ap pati kite peyi a pou li al aprann newoloji nan lopital La Salpétrière an Frans. Li te travay nan Hopital Necker-Enfants malades (Lopital Nekè-Anfan malad) lè li te fin diplome nan pwogram lan. Pandan li te an Frans, li rankontre Pablo Neruda (powèt, politisyen chilien), Jorge Amado (womansye brezilyen), lòt gwo ekriven ak militan politik. Li te manm pati kominis franse a tou. An 1949, li marye ak on fransèz (Francoise Montès). Yo fè yon timoun ansanm an 1951, yo rele li Florence. Pandan li an Frans, Jacques Stephen kòmanse ekri Compère Général Soleil, yon woman anpil moun konsidere kòm yon chedèv nan literati ayisyen. Gallimard pibliye li an 1955.

An 1956 li patisipe nan premye kongrè ekriven ak atis nwa nan Sorbonne, Paris (Sòbòn, Pari). Se menm ane sa a, li retounen ann Ayiti. Li mete yon òganizasyon maksis sou pye (Parti d’entente populaire, [Pati Antant Popilè]). Li remarye ann oktòb 1959 ak yon nyès Emile Rouner (Emil Woumè) ki te rele Andrée Roumer (Andre Woumè). Yo fè yon pitit gason, yo leve non anperè Dessalines (Desalin), yo reli l Jean Jacques (Janjak).

Pandan li t ap monte òganizasyon, ekri nan jounal, chita pale ak lidè nan lemonn, fè konferans, rankontre ak ekriven pasipala, Jacques Stephen Alexis te toujou ap ekri woman ak istwa kout. Apre Editions Gallimard te fin pibliye Compère Général Soleil an 1955, yo pral mete deyò Les Arbres musiciens (1957), L’Espace d’un cillement (1959), Romancero aux etoiles (1960). Antou Jacques Stephen Alexis pibliye kat liv ki gen yon plas espesyal nan literati ayisyen an nan senkan sèlman.

Mwa avril sa a fè 60 an depi gouvènman François Duvalier te elimine Jacques Stephen Alexis ak kat kanmarad. Se on dilere pou yon ekriven, yon medsen, yon milian kou Jacques Stephen Alexis, yon moun ki t ap travay pou li chanje kondisyon lavi mas pèp ayisyen mouri nan kondisyon li mouri a. Se on dilere pou menm apre plis pase 50 an panko janm gen yon bon ankèt ki bay an detay kouman sa te pase pou tout moun ta konnen non kriminèl yo. Ala de dilere!

Menes Dejoie (Menès Dejwa) 21 avril 2022

Kite yon repons