Pwovèb Kreyòl

Pwovèb Kreyòl

Abitid se vis.

Afè kay moun se mistè.

Afòs makak karese pitit li, li touye li.

Agawou di si Bondye vle.

Ak pasyans w a wè trip foumi.

Ak po ou vini ak po ou prale.

Akoma tonbe tout moun di se bwa pouri.

Akoz diri ti wòch goute grès.

Ale chache pa di pote vini pou sa.

Anbisyon touye rat.

Annafè pa dòmi.

Apa se kay bourik ou prale lè ou rive ou va wè longè baton ke li.

Apranti pa mèt.

Apre dans tanbou lou.

Apre fèt se grate tèt.

Apre yon tan se yon lòt.

Asasen toujou pè kouto.

Atake pa difisil, se fè bak ki rèd.

Atansyon pa kapon.

Avan bourik te gen maleng mouch te viv.

Avan chen manje zo, li mezire machwè l.

Avan ou ri moun bwete gade si ou mache drèt.

Avan ou tire wòch nan mache gade si manman ou pa la.

Avan mayi te donnen makak te manje grenn bwa.

Avan tiraj tout lotri bèl.

Avantaj kòk se nan zepon li.

Avèg di ou l ap ba w on kout wòch si li pa anba men li konnen li anba pye li.

Avèg pa kondi lapriyè.

Avèk pasyans w ap wè tete foumi.

Babye malfini babye poul.

Babye yanm babye tè.

Ba li bwè monte pase mèt.

Bat chen an tann mèt li.

Bat men ankouraje chen.

Batiman vapè ranni li pa bourik pou sa.

Baton gonmye miyò pase men vid.

Baton ki bat chen blan an se li ki bat chen nwa a.

Baton ou gen nan men ou se ak li ou pare move kou.

Baton ride pye pye ride baton.

Bay kou bliye pote mak sonje.

Bay piti pa chich.

Bèf dèyè bwè pi bon dlo.

Bèf ki gen anpil mèt dòmi deyò.

Bèf manje kann kabrit nan boya.

Bèf manje kowosòl se pa pou plen vant se pou bouch dous.

Bèf nan poto pa pe kouto.

Bèf pa konn di savann mèsi.

Bèf pou wa savann pou wa nanpwen repwòch.

Bèl antèman pa di paradi.

Bèl antèman pa parad.

Bèl bonjou pa vle di zanmi pou sa.

Bèl cheve pa lajan.

Bèl dan pa di zanmi pou sa.

Bèl fanm bèl malè.

Bèl kont fè bliye chagren.

Bèl nòs pa bon menaj.

Bèlmè ou ba ou kalalou pa kwè li manman ou pou sa.

Bèlmè pa janm genyen bon do.

Bèlmè pa manman.

Berejenn pa janm chanje koulè.

Bèt ki pa gen ke Bondye pouse mouch pou yo.

Bite pa tonbe.

Bòkò ba ou pwen men li pa di ou dòmi nan gran chimen.

Bòkò di li wete moun nan bouch tou men se Bondye ki fè gerizon.

Bon pa dire.

Bondye di: “Tout timoun mwen yo, kouche! Koulèv di: “Mawen atè deja.”

Bondye chase mouch pou bèf san ke.

Bondye fè chen men li pa nan grangou li.

Bondye ki Bondye gen madichon ale wè pou mwen ki chen.

Bondye konn bay li pa konn separe.

Bondye konn kenbe krab mete nan makout avèg.

Bondye konnen pou ki sa li bay chen maleng dèyè tèt.

Bondye pa janm bay moun chay twò lou pou yo.

Bouch fi pa gen dimanch.

Bouch granmoun santi men pawòl nan bouch yo pa santi.

Bouch manje tout manje men li pa pale tout pawòl.

Bouchon pa janm twonpe boutèy.

Boukannen tann bouyi.

Boulèt ki boulèt dlo mennen li ale.

Bouki al nan mache li wè kaka chen li kwè se longan gri.

Bourik chaje pa kanpe.

Bourik di se nan mache do yo poze.

Bourik fè pitit pou do li poze.

Bourik Sendomeng te mèt abiye kou l abiye koul midi fòk li ranni.

Bourik swe pou chwal dekore ak dentèl.

Bourik travay pou chwal galonnen.

Bri la pou fèt rezon la pou tande.

Byen koukou pa byen frize.

Byen mal pa lanmò.

Byen pre pa di rive pou sa.

Byen pre pa lakay.

Byen san sye pa pwofite.

Bwa pi wo di li wè, grenn pwomenen di li wè pase l.

Bwadchenn di li fò van kase li.

Bwè tafya respekte boutèy.

Chak chaplè gen kwa pa li.

Chak kochon gen samdi pa l.

Chak koukouy klere pou je li.

Chanje mèt chanje metye.

Chay pa janm twòp lou pou mèt li.

Chans kokoye genyen palmis pa genyen li.

Chay sot sou tèt tonbe sou zepòl.

Chen gen kat pye, li pa kouri nan kat chimen.

Chen ki jape pa mòde.

Chita pa bay.

Chodyè prete pa kreve pwa sèk.

Dan pouri gen fòs sou bannann mi.

De je kontre manti kaba.

De towo pa gwonde nan menm savann.

Degoute miyò pase pa pise.

Dèyè do se nan Ginen.

Dèyè mòn gen mòn.

Difisil pa bonè se lachans ki bay.

Dlo lacho blan, men li pa lèt pou sa.

Dlo pa monte mòn.

Doktè bay swen men li pa Bondye.

Doulè yon fanm se pou tout fanm.

Dwèt ou santi ou pa ka koupe l jete.

Dwèt trese kòd, kòd mare bra.

Dyab fè dyab pè dyab pa manje dyab.

Dyòl fanm se akòdeyon.

Evite miyò pase mande padon.

Fanm gaspiyè toujou dwe.

Fanm jalou pa janm gra.

Fanm pou yon tan, manman pou tout tan.

Fanmi se dra blan.

Fè koupe fè.

Fè tan kite tan.

Fezè nat fè nat li dòmi atè.

Fiyèl mouri makomè kaba.

Fòk boutèy fin plen avan bouchon jwenn.

Fòk ou konn manje pawòl pou ou gen zanmi.

Fòk ou pase maladi pou ou konn renmèd.

Foumi pa janm mouri anba sak sik.

Gade pa boule je.

Genyen pou wou genyen pou kabwèt.

Grangou se mizè, vant plen se traka.

Gwo vant pa gwòs gwo tèt pa lespri.

Intelejan twonpe leve bonè.

Jaden lwen gonbo di.

Jan poul grate se pa konsa li manje mayi.

Jan ou tann kabann ou konsa ou kouche.

Jansiv te la avan dan.

Je fon kriye davans.

Je pa dan dwèt pa kòn.

Je wè bouch pe.

Je wouj pa boule kay.

Jistis Bondye se kabwèt bèf.

Jou devenn lèt kaye kase tèt.

Jou fèy la tonbe nan dlo se pa jou a li pouri.

Jou malè wanga pa sèvi.

Jou va jou vyen.

Joumou pa donnen kalbas.

Jwèt se jwèt, kòchèt pa ladan.

Kabrit plizyè mèt mouri nan kòd.

Kalbas gran bouch pa kenbe dlo.

Kanmarad fè pann.

Kapab pa soufri.

Kapon antere manman li.

Kay koule twonpe solèy li pa twonpe lapli.

Kay piti nat anba bra.

Kayiman soti nan dlo li di ou teta malad se pou w kwè l.

Ki mele pis ak grangou chen.

Konn li pa di lespri pou sa.

Kreyon bondye pa gen gòm.

Kòfrefò pa swiv kòbya.

Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.

Kote yo plimen kodenn, poul pa ri.

Kouto pa janm grate manch li.

Labou rete kouran.

Lagè avèti pa touye kokobe.

Lajan al kay lajan.

Lajan fè chen danse.

Lajan kase wòch.

Lajan fèt pou konte.

Lamizè fè chen monte kayimit.

Lang fanm bale lari.

Lang fanm pa gen dimanch.

Lang pa lanmè men li neye mèt li.

Lanmè pa sere kras.

Lanmò sèjan ranje kaporal.

Lanmou pa konn pantalon pyese.

Larivyè anpeche pase dlo li pa anpeche kase tèt tounen.

Lavi genyen yon sèl pòt lanmò genyen san.

Lavi se grenn chen, pa dèyè li gade.

Lawouze fè banda toutan solèy pa leve.

Lè bab kamarad ou pran dife mete pa ou a la tranp.

Lè chat pa la rat bay kalinda.

Lè pa vle kenbe kabrit li di janm li fè li mal.

Lè chodyè plen kouvèti pran pa li.

Lè ou wè yon vye zo sou chimen ou, sonje li t gen chè sou li.

Lè marengwen ap vole ou pa konn kilès ki mal kilès ki femèl.

Lè malfini vole li pa jwenn poul li pran pay.

Lè ou montre makak voye wòch se tèt ou li kase avan.

Lè ou pase maladi ou konn renmèd.

Lè ti poul cho se malfini ki dèyè li.

Lè vant plen gouyav gen vè.

Lè vant chat plen li di ke rat anmè.

Lè w ap manje ak dyab kenbe kiyè ou kout.

Mache chèche pa janm dòmi san soupe.

Mache sou pinga w `pou pa pile si ou te konnen.

Mache twonpe chita.

Madichon ou bay bèlmè ou, se li ki rive manman ou.

Makak karese pitit li jistan li touye li.

Makak di sa ki anba zong li se li ki pa li.

Makak sou pa dòmi douvan pòt chen.

Maladi gate vanyan.

Maladi pa konn vanyan.

Maladi vini a chwal li ale apye.

Malere pa dwe gen de defo.

Malere pa janm gen rezon devan grannèg.

Malè pa gen klaksonn.

Malfini pou grann poul pou grann.

Manje kuit pa gen mèt.

Manje ki bon nan bouch se li ki gonfle ou.

Manman chen pa janm mòde pitit li jous nan zo.

Mapou tonbe kabrit manje fèy li.

Manti kouri santan verite kenbe l yon jou.

Men ale men vini zanmi dire.

Men anpil chay pa lou.

Menm nan lanfè gen moun pa.

Mennen koulèv lekòl se youn fè l chita se de.

Merite pa mande.

Mizè fè bourik kouri pase chwal.

Moun ki ba ou konsèy achte kabrit nan tan lapli, se pa li ki ede w pran swen li nan tan lesèk.

Moun ki di men koulèv la se li ki tiye l.

Moun ki di ou mete sèl nan solèy pa ede ou wete li lè lapli.

Moun ki ede ou achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou ba l manje nan tan sèk.

Moun ki genyen lateng pa renmen peny.

Moun ki swe pou ou se pou li ou chanje chemiz.

Moun mouri pa konn pri valè dra blan.

Moun pa se dra.

Nan move tan kabrit rale bèf.

Nan benyen pa gen kache lonbrit.

Nan tan grangou patat pa gen po.

Nanpwen glas solèy pa fonn.

Nanpwen metye ki pa nouri mèt li.

Nèg fè lide li Bondye ba l dwa.

Ou konn konbyen ou genyen ou pa konn konbyen ou rete.

Ou konn sa w ap kite ou pa konn sa ou pral jwenn.

Ou pa dwe joure manman kayiman avan ou fin janbe dlo.

Ou pa janm konnen kote dlo pase pou li antre nan bwa joumou.

Ou wè jodi ou pa konn demen.

Ou wè moun ou pa konn moun.

Pa janm koupe dwèt moun k ap ba ou manje.

Pa konnen pa al lajistis.

Padon pa geri maleng.

Pale franse pa di lespri.

Pale moun mal se lapriyè jouda.

Pay te di pase sa malta kouvri li.

Pawòl nan kè pa gate zanmi.

Pawòl pa chay.

Pise gaye pa kimen.

Pitit se richès malere.

Pòt an bwa pa goumen ak pòt an fè.

Premye so pa so.

Pwason te fè dlo konfyans, men se dlo ki bouyi l.

Pwomès se dèt.

Pye kout pran devan.

Rakonte se vann.

Rann sèvis bay chagren.

Rat kay k ap manje kay pay.

Ravèt pa janm gen rezon douvan poul.

Rayi chen men pa di l fimen tabak.

Renmen tout pèdi tout.

Sa Bondye ba ou bèlmè ou pa kapab pran li.

Sa Bondye sere pou ou lavalas pa pote l ale.

Sa chat konnen se sa li montre pitit li.

Sa je pa wè kè pa anvi.

Sa je pa wè kè pa tounen.

Se jou babye ou konnen pawòl kache.

Sa k pa touye ou, li angrese ou.

Sa k rive koukouloulou a, ka rive kakalanga tou.

Sa k vid pa kanpe.

Sa kòk di anlè se pa sa li di atè.

Sa manman ti chat konnen manman ti rat konnen l tou.

Sa nèg fè nèg Bondye ri.

Sa ou fè se li ou wè.

Sa ou jete pa mepri ou ranmase li pa bezwen.

Sa ou pa konnen pi gran pase ou.

Sa ou pa renmen se li ou wè.

Sa ou plante se li ou rekolte.

Sa pòv genyen se li l pote nan mache.

Santi bon koute chè.

Se an jwèt yo batize jwif:

Se anvi bay ki bay.

Se bon kè krapo ki fè l san tèt.

Se kouto senpman ki konnen sa ki nan kè yanm.

Se lè koulèv mouri ou wè longè l.

Se mèt kò ki veye kò.

Se moun ki konn chimen simityè ki pote sèkèy.

Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen.

Se pa lè moun ap neye pou montre l naje.

Se soulye ki konn si chosèt gen twou.

Sèl pa vante tèt li di li sale.

Si bèf te konn fòs li li pa t ap kite yo mennen li labatwa.

Si kalfou pa bay simityè pa jwenn.

Si m te konnen toujou dèyè.

Si sèpantye te di sa ki nan kè l li pa t ap jwenn pèsonn moun ede li antere manman li.

Sòt ki bay, enbesil ki pa pran.

Sòt pa touye men li fè swe.

Tanbou bat nan raje, men se lakay li vin danse.

Tanbou prete pa janm fè bon dans.

Tete pa janm twò lou pou mèt li.

Ti bout kouto miyò pase zong.

Ti chen gen fòs devan kay mèt li.

Ti pwason suiv kouran.

Timoun fwonte grandi devan bawon.

Timoun fronte fè bab nan simityè.

Tonbe ki pa leve se lanmò.

Tòti soti nan dlo li di ou kayiman gen malozye, kwè li.

Toujou gen retay kay tayè.

Tout priyè genyen amèn.

Twò prese pa fè jou louvri.

Twòp dèy nui mò.

Twou manti pa fon.

Van jete grenn se lapli ki fè l pouse.

Vant plen di gwayav mi gen vè, vant vid di kite m wè.

Van vante li woule pilon ale wè.

Vodou pa dans blan men lè li angaje li danse li.

Vòlò vòlò vòlò dyab ri.

Vye chodyè fè bon kalalou.

Vye chodyè fè pi bon manje pase chodyè nèf.

Vye manman pare pou zepina, zepina pare pou vye manman.

Vye moun pa vye chen.

Vwazinay se fanmi.

Wòch nan dlo pa konnen doulè wòch nan solèy.

Wont pi lou pase sak sèl.

Yo pa konte wowoli.

Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.

Zafè kabrit pa zafè mouton.

Zafè moun se mistè.

Zanmi lwen se lajan sere, zanmi pre se kouto de bò.

Zanno kase nan sak grenn li pa pèdi.

Zèb ou pa vle leve nan jaden ou, leve devan pòt ou.

Kite yon repons