ads-img

Goute sèl se espas etalaj liv an kreyòl pou rale mennen moun vin koute, vin founi je gade, jofre sa ki anndan yo, pran on lòsyè. Apre sa y ava ale dèyè yo nan libreri oswa nan bibliyotèk pou yo plonje ladan yo pou yo bay lespri yo manje. Zonbi goute sèl, li pa mande rete. Plis gen moun k ap li, se plis ap gen moun k ap anvi ekri, se plis sa yo ekri yo ap vin pi djanm… Pa gen manti nan sa!

Nan tan lontan se kont ak pwovèb, de twa pwezi an Kreyòl, ekriven Ayisyen te konn mete sou fèy papye. Apati 1950 Feliks Moriso Lewa chanje règ jwèt la. Li lage Dyakout (liv pwezi) ak Antigòn (pyès teyat) nan men pèp Ayisyen. Depi lè sa a nou pa janm vire gade dèyè. Nan jounen jodi a, gen bonkou moun k ap ekri an kreyòl nan tout branch lakonesans. Yo merite ankourajman!

Goute Sèl

Goute Sèl