
Ou pral konn Jòj
- (Kow, kow, know) Onè
- (yon vwa reponn) Respè! Ki wou?
- Se mwen!
- Ki wou?
- Se mwen towo gwonde brave danje reskonsab malè. Ki wou?
- Se mwen ti nèg d Ayiti... Ayiti Toma... M monte chwal mwen devan dèyè lè mwen vle.
- Men ki wou, tonnè!
- M kase chenn nan pale kreyòl, ekri franse .. . Mwen fè lago kache ak lapawoli, m gen dizon ak tout pyebwa nan lanati. M mare lalo ak bèt nan lanmè.
- Sa k mennen w isit?
- M vin defann kòz ti nèg ti zòrey kabrit ki mare disèt ne anba kòd lamizè.
- Ki dat ou fèt?
- Se Antwàn nan gonmye ou ye, ou konn dat mwen fèt, ou konn dat m ap mouri!
- Ou fèt an trannsis, pa vre?
- Ou te konnen… pou ki ou mande m?
- Ou se yon belijeran! Yon grenn pwonmennen! Ou te vire won an Frans... Ou te ann Espay... ! Men kote bistouri w ... kote sonn ou?
- Papa fè pitit, li pa fè santiman l. Depi m tou piti pwezi reklame m.
- Tande non, ou konnen isit se antre pa soti?
- Pwezi se lafimen dife, li antre soti kote li vle, powèt gen pwen disparèt... Powèt se lonbray. Men li la a, pran l si w kapab.
- Apa w ap ban m defi. Sa w t al chèche kay frè Sen Lwi Gonzag.
- Se la papa m te voye m lekòl. Bon gade non, ki lè w ap wete zago w sou zo kòtòf malere?
- Pa poze m kesyon.
- Ki lè w ap sispann souse san travayè?
- Pa fouye m, m pa patat.
- Ki jou w ap dekrete lajistis pou tout kretyen vivan?
- Pa poze m kesyon. Ou sonje isit se antre pa soti?
- W ap betize m gen Konbèlann, m gen Bisuit leta, m gen Pye pou pye, m gen Trip fonmi… pwezi se Gate priyè, pwezi se Zèb atè, se wanga, pwezi se maji... M ale kenbe m si w kapab.
Menes Dejoie (Menès Dejwa)
Jiyè 1992
Bon Nouvèl (tradiksyon Georges Castera fè pou yon powèm James Noël; moun k ap chante a se Wooly Saint Louis Jean – Wouli Sen Lwi Jan)
Poto (Pwezi Jòj Kastera, moun k ap chante a se Lody Auguste – Lodi Ogis)