Raphaël Confiant, envite d onè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl
Soti 2 pou rive 6 desanm 2020 dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl ap dewoule, anba tèm “pouki n ap fè literati”, nan Pòtoprens, Gonayiv ak Ench suivan yon fòmil ibrid (reyèl/vityèl) kote oganizatè yo ap genyen pou yo itilize posiblite nouvèl teknoloji kominikasyon yo ofri pou atenn yon piblik ki pi laj. Raphaëel Confiant se envite d onè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Li se ekriven lamatinik youn nan majòjon mouvman “Kreyolite” bò kote Jean Barnabé ak Patrick Chamoiseau “Prix Goncourt” pou woman li a ki rele “Texaco”.
Gen anpil lòt ekriven ak lòt entelektyèl k ap patisipe nan dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Tankou Pierre Michel Chery ki se envite espesyal, manm Akademi kreyòl Ayisyen. Genyen tou Rodolphe Mathurin k ap envite espesyal tou, Jean Euphèle Milce prezidan d onè dezyèm edisyon an, Manno Ejèn, Lyonel Trouillot, Christophe Phillipe Charles, Iléus Papillon, André Fouad, Hector Pouillot, ekriven gwadloupeyen, Dominique Batraville, Hilario Batista Félix, ekriven kiben elatriye. Edisyon Freda k ap fè pwomosyon pou literati kreyòl ann Ayiti ap patisipe nan aktivite si la a. Objektif prensipal festival Entènasyonal Literati kreyòl se fasilite: “ diskisyon, deba, echanj nan mitan pèp Kreyolofòn yo. Kreye yon espas espesyal pou difizyon ak pwomosyon pwodiksyon literè lang kreyòl. Ankouraje plis moun pwodui an kreyòl. Fè popilasyon an dekouvri otè ak zèv ki donnen nan jaden literati kreyòl la. Kreye yon espas deba ak diskisyon ant otè ak lektè.
Anpil aktivite tankou: Konferans, teyat lari, vant siyati ak eskpozisyon liv, emisyon espesyal nan radyo, televizyon ak rezo sosyal yo, lekti senik, fwa liv, omaj, atelye ekriti pou timoun, pwojeksyon fim, atelye ekriti pou jèn elatriye. Fòk nou di Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) se premye festival Literati Kreyòl nan peyi Ayiti ak nan Karayib la. Se kontribisyon Ayiti pou akonpaye dinamik devlòpman ak reyonnman lang Kreyòl nan lemonn. Se yon inisyativ powèt Jean Baptiste Annivence ki anime sou Signal FM emisyon literè “Pawòl Kreyòl” ki se yon vitrin, yon espas pou pwomosyon, valorizasyon ak difizyon lang kreyòl ak liv ki ekri an kreyòl. Nan kad dezyèm edisyon sila a gen anpil aktivite ki kòmanse fèt tankou “Lòsyè mo” ki se yon ribrik sou paj facebook festival la, ki pèmèt piblik la dekouvri divès otè k ap ekri an kreyòl.
Schultz Laurent Junior
Le National
Jedi 9 Jiyè 2020