FANM OSNON FI? (2)

 

Fanm osnon fi? (2) (DPGP 2, pp. 124-126)

M te kite nou lòtjou ak on envantè m fè nan sis pyès Mo­ris Siksto sou diferan mo ki sèvi pou bay ‘lide fi’ osnon ‘lide fanm’ osnon toulede ansanm. N a chonje tou, depi nan  atik “Mwa mas: mwa tout fanm” lan (28 mas-3 avril 2007), m te pati ak lide konm­kwa ‘fi’ se ta mo ki ta sèvi an jeneral pou pale de nenpòt moun nan gwoup la. Pè­mèt mwen site sa m te di a: “Gen on moman, lide ki te vin an premye nan tèt mwen lè m t ap pale de kategori a, se te lide ‘fi’. Se mo ki te sanble pou mwen mo ki te ka sèvi nan nen­pòt ki moman, mo ki pa t ap choke okenn moun, mo ki te pi res­pek­tab. Paske tou, se ak mo sa a, san­ble, tout moun ta sèvi on fason san derespektan lè y ap idantifye nen­pòt ki moun nan kategori a: Kilès fi sa a ? M wè fi sa a on kote deja, m pa chonje ki bò? Èske ou konn non fi sa a? Madanm Pòl la se on bèl fi. Lè m antre a, m te wè gen plizyè fi nan sal la; te gen ni fi ni gason. Mèt kay sa a, se on fi osnon on gason?”

Premye demach nan jan de ankèt sa yo, se fè lis diferan mo osnon pawoli nou jwenn: fanm, fi, madan, madanm, matmwazèl, manzè, medam, tifi, tikòmè. Lòd m mete yo a pa vle di youn pi enpòtan pase lòt: m jis suiv lòd alfabè a. Dezyèm de­mach la, m konpare premye lis la ak on lòt lis ki soti nan kenz lòt pyès Moris Siksto (Ton­ton Jamil, Mi Cartera, Machann Poulè, Dictatures, La petite veste de galerie de papa, Le jeune agronome, Monkonpè Teofil, Men on lòt lang, lòm sitwon, Ton Chal, Madan Jil, Lapriyè devan Katedral, Bisantnè, Tant Mezi, Ti Kam). M rejwenn tout menm mo yo, plis 3 lòt an­kò: dam, ti fanm (on varyasyon sou fanm), timoun.

Twazyèm demach la, se analize nan ki sans Siksto sèvi ak chak mo sa yo. Nou ta ka sè­vi ak de metòd diferan pou sa. Youn se ta gade on seri de pèsonaj ki sanble, dapre sitiya­syon, dapre laj, dapre sikonstans lavi, epi analize mo Siksto sèvi pou li pale de pèsonaj sa yo. Lòt metòd la, se ta gade chak grenn mo pou kont li dapre tout kalite lan­viwonnay lòt mo ki mache avèk li (tankou lè nou konsidere ‘fanm’, nou jwenn: fanm vanyan, fanm Dendri/Bò Chapèl, on katedral fanm, on bèl ti fanm, fanm kolokent, fanm anraje…) . Men nou pa p ka fè tou de wout yo ansanm…

An nou konsidere kat pèsonaj sa yo : Lea Kokoye, Lili—de la fouque chaude (nan Lea Kokoye), Ti Kam, ak Se­les­tin (nan Pè Tanba). Siksto prezante Lea Kokoye ak etikèt ‘fi’: “Lea kokoye se on fi ki te rete ni­me­wo 13, ri Lantè­man.” Anndan menm pyès la, nou rankontre Lili. Nan lan­gaj Derilis, okton minis Edikasyon Nasyonal la, Lili, “se on mat­mwazèl, on fi k debake la a, on fi (ki fè) dènye nèg tran­ble nan pan­ta­lon yo devan ministè a”. Nan langaj Siksto li menm, Lili ‘de la fouque chaude’ se “yon bebe kanm­paw, … lestonmak li, ou a di se de pipirit k apral pran vòl … dèt l ap fè pa dèyè menm, se bagay tèlman grav, peyi a pa gen kòb pou l peye dèt sa yo.” Ti Kam, li menm, se ak on etikèt ‘fanm’ Siksto prezante l: “Se te on bèl ti fanm, men ou wè l t ap pase on flo.” Men on madanm ki t ap pase di Ti Kam: “Pitit, ou pa on lèd timoun, kouman ou fè kite kou­kou kouvri ou konsa?” Afè Selestin lan li menm, se gwo koze. Pè Tanba, kòm Afriken, pa janm abitye rete san fanm, lè madanm li mouri, “li rete chwa li sou yon ti­fi, men yon bèl ti kòmè,  … on eskandal byolojik.”

Nan prezantasyon Lea Kokoye, pa sanble gen okenn lòt pa­wòl ki te ka pase pi byen pase ‘fi’, lè n konsidere ki moun Lea ye. Se on demwazèl avanse, ki pa sanble li ko fè pozisyon. Ti medam k ap travay Edikasyon Nasyonal yo ap pran plezi sou li: l ap chache travay, epi l ap mache ak on vijinite… Lea poko konn lavi; nou pa ta ka di ‘se on fanm’. Minis lan pa wè anyen nan li. Pa gen afè! Se vre jan l abiye, kalite rad ki sou li fè l sanble plis ak on ‘madanm’ pase on ‘ti matmwazèl’… Lea Kokoye se senbòl mo fi a menm.

Derilis rele Lili on fi, on matmwazèl: li pa rele l on fanm pas­ke msye se nèg ki gen lizay. Nan wòl li kòm okton, fò l konn pale ak moun, fò l konn pale de moun tou. Men lè De­ri­lis di Lili fè dènye nèg tranble nan pantalon yo, li tou montre nou kouman l wè Lili, ki koutje li te fè tou. Lè l al jwe kat ak zanmi l yo nan aswè, nou mèt sèten se de on fanm ki t ap bay payèt li pral pale. Bliye koze fi a…

Sitiyasyon Ti Kam montre nou byen se on moun ki pase mati. Li pa on lèd timoun, se on bèl ti fanm. Li jis bezwen ti swenyay. Koze a di ‘Fanm se on moso kajou, li pa mal pou repare.’ Istwa Ti Kam lan montre sa klè. Men nou ta gendwa di tou Ti Kam se on fi ki pa konn sa l vle…

Selestin se on jenn tifi. Li menm ak Lili, yo pa gen menm sitiyasyon lavi, men yo bay payèt menm jan: youn se on eskandal byolojik, lòt la se on bebe kanmpaw… Youn tonbe nan men Pè Tanba ki pa abitye rete san fanm, lòt la al pote tèt li bay on minis ki pase tout tan l ap pase fèy ki montre pòz…

M konnen nou ta renmen fè lasisin ak pawòl sa yo, men se on konvèsasyon n a oblije kontinye an prive.

Dèyè pawòl ‘fanm’ osnon ‘fi’, gen anpil sipriz … lè n gen tan pou n fouye chache.

Kite yon repons