Fanm osnon fi? (1) (DPGP 2, pp. 121-123)
Nan kozman semenn pase a (Mwa mas: Mwa tout fanm), m te di klè mo fanm lan se on mo depi m piti m pa t janm alèz avèk li. M te bay kèk egzanp ki montre ki jan li difisil pou nou sèvi ak mo a konmsi sèl sans li te genyen, se sans youn nan de kategori moun ki genyen sou latè—sans modèn nou tande nan bouch jounalis ak militan feminis nan radyo. Jan nou te wè l la, pou manman Jètrid, on timoun onz-douz an, rele Jètrid ‘fanm’ se te on fason pou l mete on distans ant li menm ak Jètrid, se te on pawòl dezagreman, on jouman: se pa t on pawòl afeksyon ant manman ak pitit, ni on pawòl idantifikasyon (Jètrid se on tifi, on timoun). Lè Jètrid li menm kouri ak on bò frè l Jetwo, ki te soti pou l pase l de twa kout fwèt, mo ‘fanm’ lan ki soti nan bouch Jètrid la te mete on distans tou ant frè ak sè (‘Se si m ta madanm/fanm ou, ou ta gen dwa pou ou leve men ou sou mwen!’).
M te pwomèt nou m te pral nan achiv pou m te ka wè sa k pase ant epòk m te timoun ak epòk jodi a. Pwomès se dèt, m fè devwa m: m konsilte de (2) kategori achiv. Premye kategori achiv la, se moun ki egziste ak memwa yo. M fè on ti ankèt sou kèk moun ki nan laj mwen (moun ki fèt nan fen ane 50 yo) ak sou kèk moun ki pi gran pase m. M te mande yo èske yo di fanm osnon fi. Yo tout santi mo ‘fanm’ lan on ti jan ‘pa sonnen byen’, yo ‘malalèz’ pou yo sèvi avè l, men pa t gen esplikasyon pi klè. Demach mande moun ki pale on lang sa yo panse de tèl fòm osnon de tèl lòt fòm, se on demach ki pa janm bay rezilta klè. Memwa antre ladan l: ki sa nou chonje? kouman nou chonje li? Lizay antre ladan l tou. Gen moun ki gen lizay, gen lòt ki san lizay. Sa konn fè yo ba ou repons yo panse sosyete a aksepte, osnon repons yo panse moun k ap fè ankèt la ap chache, repons li ta renmen tande. Kidonk fè ankèt dirèk se pa pi bon fason pou nou chache repons pou kesyon sou lang.
Dezyèm kategori achiv la, se nan pyès Moris Siksto yo m jwenn li. Tèks sa yo se on kout kamera ki kapte pou nou on ekip pawòl ak pawoli ki sèvi temwayaj on epòk. Sa k pi enpòtan an, lè Siksto t ap konpoze pyès yo, lè l t ap ekri yo, lè l t ap anrejistre yo, li pa t ap imajine kalite travay nou t apral fè ak pawòl li yo. Kidonk li pa t prepare pawòl sa yo espesyal pou nou, e se sa menm ki bay pawòl sa yo tout enpòtans yo pou rechèch n ap fè a. N ap oblije fè on ti soufri jan m chwazi pou m mennen travay la. M ap kòmanse ak lis sa m jwenn nan chak tèks m chwazi yo. M ap bay fraz ki gen pawòl ki konekte ak kategori ‘fanm/fi’, sou kèlkeswa fòm nou jwenn pawòl sa a, nan kèlkelanswa kondisyon pawòl sa a pale. M espere lè m idantifye pyès yo, nou menm bò kote pa nou, n a al retande yo pou n ka suiv analiz m pral fè avèk nou lòt semenn.
Lea Kokoye: 1. “Lea kokoye se on fi ki te rete nimewo 13 ri Lantèman.” 2. “…gen on fanm yo rele Sò Tèsi, tèt li toujou mare, pip li nan dyòl li…” 3. (a) “Madan Bòs Silis, (b) on fanm vanyan, (c) Manzè Miraya, (…)” 4. “de fi nan lakou a, ki pi byen avèk li, vini yo kore l…” 5. “Minis … se (a) on matmwazèl, (b) on fi k debake la a, (c) on fi li rive la a, dènye nèg tranble nan pantalon yo devan ministè a…”
Ti Sentaniz: 1. “Fanm Bò Chapèl, yo fè lesiv…” 2. “Charitab te gen on fanm yo te rele Dyedòn…”
Madan Senvilis: 1. “… pandan m kanpe nan ri a, se konsa m wè on madanm k ap desann, de bra l yo, youn chak bò l yo, ou ta di se on zaviwon l gen chak bò l yo …” 2. “…men lè l ap deyanbile nan lari a, ou gade katedral fanm sa a k ap vini, se on skandal biyolojik …” 3. “M di O! O! Apa se (a) madan Senvilis, (b) yon fanm Dendri…”
Loktama Konpè: 1. “…Vin al chache manje pou mwen, nan men manzè Àn Moris.” 2. “Se on fanm Gonayiv ki te konn fè bon manje…” 3. “Pandanstan sa a, li chita lan salon an avèk fi a, l ape pale avèk li…”
Pè Tanba: 1. “Yon semèn, m ale Brazavil, lè m parèt, m wè figi tout medam yo byen long.” 2. “…yo konnen pè Tanba se Afriken, li pa janm abitye rete san fanm …” 3. “L ap gade dènye (a) ti medam k ap pase, e nan gade gade li rete chwa li sou (b) yon tifi, men (c) yon bèl ti kòmè.” 4. “…fanm ou tounen vin jwenn ou, ou pa gen okenn esplikasyon pou ou bay pèsonn.”
Gwo Moso: 1. “Vè 3è konsa, ou wè de ti medam k ap deboukle soti ri Kapwa…” 2. “Madanm, sa ou wè m di ou la, se sa wi…” 3. “Machann pistach la di: ‘Bon Mouche sa a, (a) ou pa gen fanm… (b) ou pa gen madanm?” 4. “Afè de fam, se pa bagay m janm pran oserye.” 5. “M te gen on fam, lè m antre lakay mwen, rele m rele l sèlman, l pipi sou li…” 6. “… gen on fanm enfimyèz ki t ap pase menm lè a, pral lopital…” 7. “…sa m regrèt, se fanm li di l te konn frape tèt yo nan tout panno kay la, yo pa t la jodi a pou yo te wè sa.”
Eskize se lizay, m pa p kontrarye nou nan bèl travay fouye chache dèyè pawòl…