
- This event has passed.
Yo boule Makandal nan boukan dife
January 20
20 janvye 1758: Yo boule Makandal nan boukan dife
Kolon blan nan Sendomeng te kondane Makandal a mò poutèt li te alatèt yon gwoup esklav rebèl ki te leve kanpe kont sistèm esklavaj la nan koloni an. Yo boule li vif sou laplas piblik nan kapital koloni Sendomeng lan (Kap Franse) pou yo trase yon egzanp sou li devan lòt esklav yo.