
- This event has passed.
Santan depi Ayiti endepandan
January 1
Premye janvye 1904: peyi d Ayiti gen santan depi li endepandan
Prezidan Ayisyen an, Nord Alexis (Nò Aleksi) ansanm lòt otorite leta òganize gwo seremoni nan Gonaives (Gonayiv) pou yo fete Ayiti ki gen santan depi li endepandan. Yo inogire Palè Ewo yo nan plas kote Jean Jacques Dessalines (Jan Jak Desalin) te fè deklarasyon endepandans peyi a pou yo onore memwa zansèt yo. Se Georges Baussan (Jòj Bosan) ki te fè plan Palè Ewo a.