ÈSKE OU PA TA BWÈ ON TI SOUP JOMOU?

Èske ou pa ta bwè on ti soup jomou? (DPGP 2, pp. 82-84)

Depi kèk tan, m remake epòk sa a, epòk soti Nwèl tonbe nan Premye janvye, mete m nan yon eta ki prèske difisil pou m esplike. Se tankou on lakontantman ki la anba anba nan kè m, on jan an maskay, alòske chagren layite kò l byen bòzò, san wont, san jennman. Èske se kè grenn ki pran m lè m wè timoun k ap dezannouye kò yo, nan man­nyè ti inosan kòmsadwa, san yo pa oblije mande tèt yo sa k pral pase demen? Osnon, èske se paske m santi tradi­syon leve-jwenn mwen ap kouri kite m, tradisyon bwè likè ak kre­mas, manje pate ak akra, souye pye jouk li jou nan reve­yon 24 osnon 31 desanm? Men tou, èske se pa lòt pi gwo rezon an: koze pa bwè ti soup jomou an nan maten Premye janvye a? Gendwa se sa wi, paske m te tande on moun k ap di: “Nou pa gen dwa di nou Ayisyen pou n pa bwè on ti soup jomou Premye janvye!”

Souvni soup jomou mennen m nan yon koze enpòtan sou soup an jeneral. M chonje fwa sa a se an Frans m te ye, epi m te tande on nèg lakay ki di “M gen lontan m pa manje on bon soup jo­mou!” M di ‘nèg lakay’ paske m te verifye sa. Koze m te tande a te oblije m al chache konnen si si­twayen an se te nèg lakay toutbon vre. M pa t vle pou se te on Gi­ya­nè, on Gwadloupeyen, on Matiniken, osnon on moun k ap chare Ayisyen. Paske m pa t panse on nèg lakay te ka janm di ‘manje soup’: se pa sa nou janm tande moun ap di lakay depi nou piti. Men m vin konprann, pou lamitye sa a, se pa t sèlman on kesyon ‘pa manje soup jomou depi lon­tan’, se te on kesyon tou ‘pa ben­yen nan bouyon kilti lakay, nan bouyon leve-jwenn nou depi twò lontan’. Paske si ‘les Français mangent leur soupe’, se tout dwa yo, nou menm Ayisyen, se bwè nou bwè soup nou. Nou gran­moun, nou pa rete ak pyès moun! Fransè pa ta ka vin di nou ki jan pou nou pale lang nou.

Men nou konprann byen se pa lang franse m ap akize. Podyab lang lan! Li pa lotè anyen. Tout moun ki ‘nòmal’, depi yo piti y ap pale lang yo, yo jis pale l san yo pa oblije ap poze tèt yo ke­syon sou rezon ki fè tèl pawoli pati tèl jan, tèl son soti tèl lòt jan. Moun nòmal yo se pifò moun nan sosyete a. Konsa tou, lè yo tande ki jan tèl koze pati nan tèl lòt lang, yo gen tandans dekalke pawòl sa a sou menm koze nan lang pa yo. Sitou lè lang pa yo se on lang zòt lonje dwèt sou li kòm on lang ki manke moso. Gen on pawòl ki di ‘konnen mal, lespri chè’, ki parèt tankou on kòmantè ki pèmèt nou konprann pou ki sa anpil koze pa janm debat jan sa ta dwe fèt. Se sou kèk grenn moun ki pa nòmal yo, moun ki gen folidamou lang yo, tankou sanba pwezi, mèt-a-pa­wòl, espesyalis kesyon lang, se sou yo menm ki toujou ap zing-zing satiyèt sa tout moun di, ki jan yo di l, pou ki yo di l, nou konte pou ede n konprann sa k ap pase nan koze ‘bwè’ osnon ‘manje’ soup la.

Wi, pou ki sa se bwè nou bwè soup, se pa manje nou manje l? An jeneral, on bagay n ap bwè, li nan boutèy, nan krich, nan kalbas, nan gode, nan tas, nan vè... Epi nou leve l met nan bouch nou, nou kage tèt nou si n ap kaba dènye gout. Kidonk se on bagay ki likid. Se konsa nou bwè dlo, kafe, te, diven, akasan… Lè se yon remèd, on boutèy kon­po­ze, nou oblije mezire ki kantite n ap bwè: nou sèvi ak mezirèt, ak ti kiyè, gwo kiyè. Non, nou pa bwè remèd tan­kou bouyon, paske remèd pa bouyon. “Ki pawòl sa a, tiga­son? Ou ap melanje moun yo wi!” Eskize se lizay, bouch mwen twò dous nan pawòl la: m vle di nou pa sèvi ak medikaman tankou yòy, kage san rete. Men vrèman vre, se menm jan, menm mannyè nou bwè bouyon, nou bwè re­mèd. Bouyon mande kiyè, sitou lè l cho. Epitou, bouyon se pa dlo. Bouyon fèt ak dlo; menm gen bouyon yo rele ‘dlo sal’. Bouyon fèt ak viv tou, ak fèy, ak vyann, si gen mwayen. On soup se on bouyon: on bouyon espesyal, on bouyon soup blanch osnon on bouyon soup jomou. Bouyon pa ka sèvi nan boutèy, yo ta ka sèvi l nan on gode osnon nan on tas, si pa ta gen bòl osnon kwi. Men se bwè n ap bwè bouyon an, ak on kiyè, souple; se pa manje n ap manje l. Paske gen bòl ak kiyè, paske gen viv ak zo, sa pa anpeche nou bwè. Sanble sa k pi enpòtan an, se likid la. “E koze labouyi a, kote ou kite l?” Se vre labouyi likid, men menm lè labouyi a ta epè tankou on kafondi, se bwè nou bwè l tou. Sa k fè sa? M pa konnen. M bwè pwa…

Nèg lakay, m kwè m di sa plizyè fwa deja: lang nou se poto-mitan leve-jwenn nou. Zansèt nou yo pase l ban nou; nou gen devwa pou nou kenbe l, sèvi avèk li kòmsadwa, devlope l, epi pase l bay sa k ap vin dèyè yo. Nou pa dwe ni fè l petevi, ni kite l konkonzi, ni defigire l, ni donmaje l. Nou menm k ap viv deyò sitou, ki oblije sèvi ak lòt lang, nou gen plis reskonsablite toujou pou nou rete veyatif nan jan n ap sèvi ak lang lan. Nou pa janm dwe bliye lang se byen eritaj, se pa byen pèsonèl ni Pyè ni Jak.

Dèyè pawòl enpòtans ti soup jomou sa a, gen on pawòl travay pou endepandans lang nou, majè granmoun li, on jan pou l ka kanpe djanm nan travay pou devlopman nou.

Kite yon repons