Elvaj lapen nan peyi d Ayiti

Libète

25 – 31 oktòb 1994 * Ane 3 * No 109

Elvaj lapen nan peyi d Ayiti

Elvaj lapen, se yon bagay ki ka ede nou vanse. Vyann lapen gen anpil vitamin, li gen plis pwoteyin e li gen mwens grès pase lòt bèt nou abitye manje. Anpil Ayisyen renmen griyo. Men, vyann lapen pi bon pase vyann kochon.

E

lvaj lapen nan peyi d’Ayiti se yon bagay ki ka ede nou avanse. Se yon lòt mwayen nou ofri peyi a. Paske se bagay tou ki enpòtan anpil.

Enpòtans elvaj lapen

Tout moun pat janm ka manje yon bon ti moso vyann nan peyi d Ayiti. Depi koudeta 30 septanm 91 la, bagay la vin pi rèd. Tout moun, rich tankou pòv, blije mare senti yo pou mezire ti moso vyann yo kapab manje nan yon jounen. Gen yon bann rezon ki esplike sa.

Manje pou bay poul ak kochon tèlman chè lakòz moun ki te konn gade bèt sa yo blije kraze yon kite sa. Manje konsantre tankou “sondeble” ak “sonderi” ki pou fè bèt yo pwofite vin ra depi koudeta a. Nou pa jwenn yo paske grenn ble ak soya ki pou prepare manje konsantre yo pa egziste ankò nan peyi a. Menm pay mayi ak pay pitimi ou prèske pa ka jwenn tou. Sa ki lakòz gwo gadò poul ak gwo endistri kochon ki te gen nan zòn akote Pòtoprens yo prèske disparèt. Sa k pi rèd la, lamveritab ou te konn grese bèt avè l vin tounen kounye a manje pou moun manje kòm viv e silvouplè malere pa ka machande yon lamveritab nan mache.

Nan chèche solisyon, nou jwenn elvaj lapen ki ta ka ranplase lòt vyann yo ki monte tèt nèg.

Vyann lapen dwe kòmanse rantre nan manje pèp ayisyen. Lapen se yon ti bèt prèske tout moun konnen. Vyann li ka vin gen gwo enpòtans nan manje pèp la. N ap gen chans pou nou wè pandan n ap li rès atik la poukisa nou kwè lapen se siy lespwa pou lemonn antye espesyalman pou peyi d Ayiti.

Lapen

Lapen se yon bèt ki bay pitit li tete. Nèg save yo klase l nan bèt k ap wonyen pyebwa “Ordre des rongeurs”. Se yon bon bèt. Ou gade l paske ou ka sèvi ni ak po l ni ak vyann li.

  • Vyann lapen se yon vyann ki bon anpil, li gen anpil vitamin
  • Po lapen sèvi pou fè fouwo pou pare fredi. Gen kèk po lapen ki vann byen chè.

An nou gade tablo sa a pou nou wè kouman vyann lapen pi rich pase tout lòt vyann yo.

Pousantay selon vyann yo

pwoteyin

%

grès

%

dlo

%

Lapen 20,8* 10,2* 67,9
Poul 20,0 11,0 67,9
Jenn ti bèf 19,1 12,0 68,0
Kodenn 20,1 22,2 58,3
Mouton 15,7 27,7 58,8
Bèf chatre 16,3 28,0 55,0
Kochon 11,9 45,0 42,0

*- Vyann lapen gen plis pwoteyin.

*- Vyann lalpen gen mwen grès

Nan tout vyann nou sot montre sou tablo a, nou wè se vyann lapen ki pi bon, paske li bay plis fòs, li gen mwens grès, you moun ka dijere l pi byen.

Poukisa nou vle gade lapen

(Gadinay Lapen)?

Fòk nou kòmanse anvizaje vyann lapen nan manje nou pou pi devan nou kwè se yon bèt tout moun pral gade lakay yo. Lapen se yon bèt ki pa gen pwoblèm pou gade paske li fasil pou bay manje. Manje lapen tout kote se zèb ak pay sèch. Nan tout bèt ou ka gade lakay ou, lapen se bèt ki manje zèb ak pay chèch pi byen.

Vyann lapen gen koulè blanch. Li bon anpil pou manje. Vyann lapen pa gen anpil grès, ou pap janm bouke manje l, li pap janm ba w maladi kè, ni maladi yo rele kolèstewòl ou ka jwenn nan vyann ki gen koulè wouj yo. Vyann lapen pa gen anpil sèl tankou vyann ki gen koulè wouj yo. Men vyann lapen gen prèske menm kantite vitamin ak fè ou ka jwenn nan lòt vyann yo.

Kòmansman gadinay lapen

Yon moun pa bezwen gwo konesans espesyal pou fè elvaj lapen, sèlman nou ka ba li kèk konsèy. Nou ka di l kon sa: Anvan ou kòmanse fè gwo elvaj kòmanse pito ak 2 ou 3 pè lapen e piti piti ou ka ogmante yo ak lòt lapen jouk ou vin gen anpil anpil lapen. Nou di w sa yon fason pou w pa fè erè, pou w pa depanse kòb ou pou granmesi si w pa abitye.

Grandè ak kantite lapen

pou gadinaj

Grandè ak kantite lapen chita sou kantite tan ak kantite lajan ou genyen. Nou pral ban nou kèk ekzanp:

  1. Yon kalòj ki gen yon mal ak 3 femèl oubyen 4 femèl kapab bay yon fanmi ki pa gen anpil moun, vyann pou l manje.
  2. Yon kalòj ki gen 20 mal ak 200 femèl mande yon bon ti tan, you moun ap bezwen 4 trè d tan pou l okipe 100 femèl lapen.
  3. Yon kalòj ki gen 600 femèl lapen ap bezwen 2 moun tout lajounen pou okipe yo. Fòk kalòj yo byen fèt, byen pwòp. Fòk ou kapab louvri fèmen yo san pwoblèm.

Antouka, kèlkeswa gwosè gadinay lapen ou genyen ou dwe etidye byen pou konnen si w ap ka vann lapen yo anvan menm ou kòmanse mete kòb deyò pou w fè gadinay lapen.

Ras lapen

Nan blòk Amerik la, gen plis pase 30 ras lapen. Men si w vle fè komès vyann, fòk ou chèche ras ki bay pi gwo lapen yo.

Ras moun pi konnen:

  1. Lapen blanch neyo-zelann

Se pi bon ras ki genyen pou fè komès vyann. Tout gadò lapen ap chèche l. Men kouman ou ka rekonèt li:

Li gen yon po blanch, zye l gen koulè wòz, zòrèy li plen venn. Li long men pa twòp. Ranch li byen plen. Zèpòl li menm gwosè ak rès kò a. Lè yo bon pou manje yon mal ka peze 4,5 kg (9 liv), femèl la peze 5 kg (10 liv). Yon pòte lapen nan ras sa a ka bay 8 oubyen 10 ti lapen.

  1. Ras lapen kalifònyen

Koulè po l blanch, men nen l, pye l, zòrèy li ak ke li gen koulè mawon ou byen nwa. Zye l gen koulè wòz. Ranch li yo byen plen, zo do l bonbe, zèpòl li laj, men ti zo l tou piti. Lè li pare pou manje, mal yo ka peze 4 kg (8 liv) femèl yo menm ka peze 4,5 kg (9 liv).

Yon pòte lapen kalifònyen ka bay 6 ou byen 8 ti lapen.

  1. Ras Lajan Chanpay (Gri)

Se youn nan pi ansyen ras nou konnen. Lè ti lapen yo fenk fèt, yo gen koulè nwa, piti piti yo vin ap chanje plim yo vin tou gri (ajante). Anba koulè gri a nou jwenn kèk plim ki gen koulè gri fonse ansanm ak kèk plim nwa ki long anpil nan tout kò l. Zye l gen koulè mawon, kò l gen koulè nòmal ak yon ti alonj nan dèyè l. Zèpòl li ak do l devlope anpil.

Lè yo rive nan moman pou w manje yo mal yo peze 4,5 kg (9 liv), femèl yo menm 4,8 kg (9.6 liv).

d) Jeyan dè flann (Géant des flandres)

Se yon ras ki la depi lontan. Tankou jan nou tande non an, ras sa a bay gwo lapen. Tout pati nan kò l egal ego, menm longè menm lajè. Zye l gen koulè mawon fonse. Zòrèy li long anpil, li gen plizyè koulè: li kapab koulè blan, gri, ble, nwa, koulè sab eksetera. Zo l gwo anpil, pat dèyè yo parèt pi lou. Femèl yo gen plis pli nan kou yo. Yon femel lapen sa a peze 6,5 kg (13 liv) mal la menm peze 7 kg (14 liv).

Chwa premye ekip lapen

pou gadinay la

Pou kòmanse ak gadinay lapen fòk ou gen yon premye ekip lapen. Li enpòtan pou w chwazi pi bon ras la. Premye bagay pou w fè se vizite plizyè kote yo gade lapen, e si l posib chwazi kote ou wè moun nan gen anpil lapen san ti lapen yo pa mouri anvan yo grandi. Se yon bon gadinay.

Anvan w aksepte yo pote lapen fòk kalòj ou fin byen prepare, byen ranje. Pou w jwenn bon ras lapen, ou gen 2 bagay enpòtan pou w gen nan tèt ou:

  1. Jan ou wè lapen ki nan kalòj yo
  2. Jan ou wè yo separe kalòj
  3. Jan ou wè lapen yo nan kalòj kay mèt yo:

Lè w al vizite yon kalòj lapen, fò w gade byen si kote yo gade lapen an byen pwòp. Fòk ou gade si lapen yo pa fè yon bann mouvman nan kaj yo. Fòk ou gade si gen jenn lapen ki byen pòtan (anfòm). Fòk ou gade si pa gen move sant nan zòn nan. Fòk ou gade si pa gen lapen k ap estènye. Fòk ou kontwole si gen ti lapen, konbyen yo ye pou chak pòte. Fòk ou gade konbyen femèl ki genyen, konbyen ki gen pitit. Fò w jwenn sou chak 3 femèl lapen, 2 femèl ki gen pitit (2/3 femèl).

  1. Jan ou wè yo separe kalòj:

Lè w gen pou achte, gade byen chak lapen w ap achte. Li toujou bon pou w achte sa ki soti nan menm ras. Pa achte lapen ou wè k ap fè kòlè nan kaj yo. Fòk po yo trè byen fèt, byen founi. Pa achte lapen plim yo fè lenn, oubyen si po yo manke plim. Zye lapen yo dwe byen klere, byen kale. Pa achte lapen ki gen zye ap louvri fèmen prèt pou dòmi. Dan lapen yo pa dwe jòn epi dan yo dwe anfòm nan bouch yo.

Pou n fini lapen yo dwe anfòm, byen vivan, plen plim, byen pòtan. Gade byen pou w wè si lapen w ap achte a pa gen gal sou po l. Fòk kò l pwòp san okenn ti blese ladann.

Laj premye ekip la

  1. Si w achte lapen ki fin granmoun ou ka kòmanse gen ti lapen prese prese touswit. Rezon an senp. Bèt ki pi granmoun pa malad fasil e y ap adapte yo fasil fasil nenpòt lòt kote yo mete yo. Fòk yo fin abitye ak zòn nan anvan pou w kwaze yo. Sa dwe pran kèk semen kon sa.
  2. Si w vle pran swen lapen w ou menm, pito w achte jenn lapen. Jenn lapen yo pa koute chè epi yo adapte yo vit vit kote w mete yo.

Men gen ti pwoblèm:

Ou pap ka dekouvri konpòtman yo vit lè y a gen pou yo granmoun. Epi ou oblije pran yon bon ti tan pou kwaze yo.

  1. Pou evite tout pwoblèm sa yo, li ta pi bon pou w achte femèl ki pa gen menm laj epi kwaze kèk nan yo an menm tan. Ekzanp achte femèl ki gen 3 mwa, 4 mwa, 5 mwa.

Mal lapen ou gen pou achte:

Lè w ap achte mal lapen, fòk ou achte yon bon mal ki konn kwaze ak plizyè lòt femèl deja. Femèl lapen ap aksepte kwaze ak mal lapen ki gen anpil eksperyans pi fasil. Fòk ou pa bliye achte yon lòt jenn mal ki pou ranplase mal ki gen eksperyans la. Se li menm ki pral kontinye peple ras la, pou fè l vin anpil anpil yon bèl ekip.

An nou Separe

Lakonesans

Eske nou konnen

Sa nou ka fè lè yon moun

gen tansyon twò wo

(Ipètansyon)?

  1. Pran yon pòpòt lam veritab.
  2. Mete li nan yon (1) lit dlo e kite li bouyi pandan yon bon ti moman.
  3. Lò li fin byen bouyi, sikre yon tas e bwè li touswit.
  4. Vide dlo sou rès la. Se sa moun ki gen tansyon an dwe bwè lò li swaf.
  5. Fè remèd sa a chak jou jouk lò tansyon an vin nòmal.

Sa nou ka fè lè yon moun

gen mal gòj?

  1. Pran yon ponyen fèy seriz (seriz ayisyen)
  2. Pile yo nan yon mòtye. Prije yo jouk tan yo bay yon ji tou vèt e vide yon vè dlo sou ji vèt la
  3. Gagari dlo sa a.

Sa nou ka fè lè yon moun

gen difikilte pou li pipi?

  1. Pran yon bout rasin seriz ak tout kòs li. Bout rasin sa a dwe gen twa fwa longè dwèt yon moun.
  2. Lave li, e mete l bouyi pandan 10 minit nan yon lit dlo.
  3. Bwè sa kòm tizan.

Lò li fin bwè tizan sa a, moun ki te gen difikilte pou pipi a ka al pipi ven (20) fwa nan yon jounen.

Koze say o soti nan liv Tivolèn C. Brutus ak A. V. Pyè Nwèl: “Les plantes et les légumes d’Haïti qui guérissent”.

 

Kite yon repons