Ekri Kreyòl Fasil-Biwo Nasyonal Alfabetizasyon

18 me  1991 Dizui me mil nèf san katreven onz

Fèt drapo. Fèt inivèsite.

Viv lavi pou tout moun. Viv lapè pou tout moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje pou tout moun. Viv travay pou tout moun. Viv lekòl pou tout moun.

Aba lavi chè. Aba lagè. Aba grangou. Aba lamizè. Aba lenjistis. Aba pàn kouran.

Tout moun se elèv. Tout moun se pwofesè. Tout moun ap aprann ekri kreyòl fen. Chak moun ap montre yon lòt moun ekri kreyòl ak twa ti prensip. Pawòl nou fèk li yo, ap montre nou jan chak lèt ret nan wòl yo, jan tout son ekri menm jan, epi jan nanpwen lèt ki bèbè, ki initil.

1.-CHAK LÈT RET NAN WÒL YO

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a nan: katreven   drapo   ap   aprann   chak   ak   twa   aba   lavi   lamizè pàn   lagè travay.

an nan: san   aprann   nan   kouran   lasante   manje   grangou

b nan: aba

ch nan: chak   chè

d nan: drapo

e nan: me   katreven   inivèsite   se   elèv   pwofesè   ekri   kreyòl   montre   lasante manje   lekòl   ret

 è nan: nèf   fèt   elèv   pwofesè   lèt   chè   lamizè   lapè

 en nan: katreven   fen   prensip   lenjistis

 f nan: nèf  fèt  fen pwofesè

g nan: lagè   grangou

i nan: dizui   mil   inivèsite   viv   lavi   lamizè   lenjistis   ekri   ti   prensip

j nan: lenjistis    manje      

k nan: katreven   ekri     kreyòl   chak   kouran   lekòl

l nan: mil   elèv   kreyòl   lòt   lèt   wòl   lenjistis   lavi   lamizè   lagè   lasante lapè    lekòl

m nan: me    mil    moun montre   lamizè

n nan: nèf   inivèsite   moun   aprann

o nan: drapo   yo

on nan: onz   montre

ou nan: tout     moun    kouran     pou

p nan: drapo   pwofesè   ap   prensip   pàn   lapè

r nan: katreven   drapo   aprann   ekri   kreyòl   montre   prensip   ret kouran travay

s nan: inivèsite    se    pwofesè    prensip   lenjistis   lasante

t nan: katreven   fèt   inivèsite   tout   montre   lòt   twa   ti   lèt   ret   travay

ui nan: dizui

v nan: katreven   inivèsite   elèv   lavi   viv   travay

w nan: pwofesè   twa   wòl

y nan: kreyòl   yon   yo   travay

z nan: dizui    onz    lamizè

An menm tan, tout egzanp sa yo montre nou dezyèm prensip la se:

2.- TOUT SON TOUJOU EKRI MENM JAN

Anpil·egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

3.- NANPWEN LÈT Kl BÈBÈ, ki pa pale, ki pa remèt son pou yo remèt la

Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil    chanm  moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz.

Kalkile prensip sa yo byen.

Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri.

Suiv modèl yo byen.

Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon