Ekaliptis, yon pyebwa ki seche tè

Libète

28 fevriye – 7 mas 1995 * Ane 3 * No 127

Ekaliptis, yon pyebwa ki seche tè

D

epi nan kòmansman ane 1980 yo, pwojè pyebwa egziste nan tout peyi a. Òganis k ap fè rebwazman yo, toujou fè lwanj pou nim ak ekaliptis kòm 2 kalite pyebwa ki grandi byen nan peyi cho. Nan gwo sal ministè agrikilti a, gen yon tablo ki make : “Nim se yon pyebwa ki vin sove tè Dayiti”. Men, pa gen okenn pozisyon sou ekaliptis. Eske sa vle di ekaliptis se yon pyebwa ki seche tè ?

Ki sa ekaliptis la ye ?

Pwojè sou pyebwa yo toujou fè konnen kilti pyebwa (silvikilti) gen yon mak fabrik sosyal, nan sans li kapab ede peyizan yo nan aktivite fè jaden. Nan tout pepinyè, se nim, lisena ak ekaliptis ki dominen tout lòt kalite ti pyebwa tankou ti pyebwa ki bay fwi, kajou, bwadòm, etsetera. Moun k ap ankouraje plantasyon yo di, nim kapab touye kèk vèmin plant, tankou ensèk. Yo di tou, lisena se yon pyebwa ki pran azòt nan lè a epi mete l nan tè a pou plant yo ka grandi. Men, yo pa grandi. Yo pa janm di anyen sou ekaliptis.

Ki konpòtman peyizan ayisyen

devan ekaliptis pepinyè

Nan pepinyè yo, pwojè rebwazman yo toujou leve menm kantite nim, ak ekaliptis. Nan yon sezon pyebwa, yon peyizan konn resevwa 150 oubyen 250 ti pyebwa nan chak kalite sa yo. Lè li mande pou l jwenn pye fwi, pepinyeris konn reponn : “Pwojè a pa gen bi pou l fè rebwazman ak fwi. Si yon moun vle gen pye fwi, se pou l fè pepinyè pa l.”

Peyizan ayisyen konnen ki konpòtman pou l genyen. Nan Vyalè (Tigwav) ak Ench, nou te remake nan ane 1985-1986, peyizan yo konn plante ti pyebwa yo, epi yo mare bèt ladann. Osnon, yo plante pye ekaliptis yo nan lantouray, oubyen ankò, nan tè kote yo pap fè jaden nan ane a. Sa vle di, peyizan yo pa konsidere ekaliptis tankou yon pyebwa k ap fè mirak.

Pandan n ap rapòte esperyans peyizan yo fè ak ekaliptis, nou dwe tou di : se pa kalite pyebwa a sèlman ki esplike konpòtman sa yo. Se kondisyon travay tè yo tou, ki fè ti peyizan an pa wè enterè l nan plante pyebwa. Sou tè fèm, eritye osnon demwatye, peyizan pa renmen plante pyebwa. Paske, depi valè tè a ogmante, mèt li ap monte pri fèmay la. Lòt eritye ap vin jwi pòsyon pa l la. Pwopriyetè pral mande travayè demwatye, plis rant nan separe rekòt yo.

Menm lè peyizan an gen konesans sou jan yon pyebwa ka fè yon tè bay plis rannman, nan anpeche grès tè a ale nan lanmè, nan pran plis dlo pou viv ak danre yo, li pa toujou enterese. Se menm konpòt-man an li genyen lè teknisyen mande l fè mi sèk, kanal kontou, ranp pay, etsetera. Yon egzanp : nan Karitas dyosezèn Ench, yon etid ki rele “Pwojè agwosilvikòl ak Chapant agrè nan pwojè a”, montre, depi yon peyizan pa gen sekirite sou tè l ap travay, li pap fè jefò pou pwoteje l. Malgre gen animatè ki t ap fè pase lide sou itilite rebwazman ak konsèvasyon tè a. Se yon rezilta ki bay prèv sou enpòtans kondisyon travay tè genyen sou jefò pou fè tè a bay plis.

Ekaliptis, se yon pyebwa ki seche tè

Nan ane 1856, gen yon kriz bwa pou boule nan Niljinis (peyi Enn). Ewopeyen yo te gen pwoblèm pou yo chofe kay yo. Se kon sa yo voye chèche plan “Eucalyptus Globulus” (se nan save yo bay ekaliptis) nan peyi Ostrali pou plante nan rejyon Niljinis. Se paske ekaliptis pouse rapid, ki fè se li menm yo te chwazi.

Men, dapre direktè rechèch sou pyebwa nan lekòl Deradin (Enn), se yon blòf lè yo prezante ekaliptis tankou yon pyebwa ki pouse vit epi ki bay anpil pyebwa. Chak ane, nan kondisyon ki miyò, ekaliptis bay 6 mèt kib edmi bwa, pou chak kawo tè. Tandiske yon pichpen (“Casuarina equisetifalia”, nan lang nèg save yo) ki gen 5 lane, mezire 19 mèt kib edmi pou yon kawo tè.

Anplis, se kantite dlo ekaliptis pran nan tè a ki fè yon peyizan ayisyen k ap travay sou kont lapli, pa gen enterè plante ekaliptis. Nan ane 1983, yo fè espe-ryans nan distri Toumki (Enn) sou kantite defisi dlo ekaliptis fè nan yon tè. Dapre etid la, nan yon rejyon kote pi piti pase mil milimèt lapli tonbe, tè a fè defisi dlo pou jan li ta dwe mouye pou ekaliptis la pouse. Menm jan an, dlo anba tè a pa sifi pou ekaliptis ak lòt plant yo jwenn. Paske, lè yo mezire kantite dlo ki tounen vapè nan tè ki gen ekaliptis, yo jwenn yon bilan negatif, depi kantite lapli ki tonbe, rete anba mil milimèt.

An 1975 ak 1978, sèvis ki okipe irigasyon nan peyi Ostrali, fè menm esperyans lan. Ni imidite tè a, ni dlo anba tè a, diminye nan plantasyon ekaliptis depi kantite lapli a pa depase mil milimèt nan yon ane.

Kidonk, se pa yon blag. Reyèlman, ekaliptis seche tè. Nan rejyon tankou Fawès, Nòdès, etsetera, ki gen repitasyon zòn sèch ann Ayiti, peyizan pa dwe plante ekaliptis. Paske ti kantite lapli ki tonbe nan zòn sa yo, ekaliptis ap bwè l san li pa kite anyen pou lòt kilti ki plante bò kote l.

Jak Belante

 

 

Kite yon repons