Syèl la prèt pou kouche sou bra solèy lavi w
Poutan, yon latriye timoun
Granmoun
Tout aliyen ap tann
Yon transfè
Yon anvlòp
Yon kout fil
Yon komisyon w voye
Pou chodyè yo ka monte.
Ou chita
W ap panse
W ap kalkile
W ap eseye trase kata lavi
Pou w dekouvri yon jan, yon mannyè, yon strateji
Pou ou wè kote w prale.
W ap gade tiktak lavi a k ap kouri
Menm lè nannuit bare solèy sou pon zetwal jounen ki refize limen.
Ou frape
Ou reponn
Pesonn pa janm fè w sign.
Chak jou w leve
Ou pran lari
Ou brase, ou vire
Ou frape, ou souke, pou si lavi ta vle reponn ...
Tonm
Tonm
Tonm
Tonm
Tiktak lavi a pa chanje.
Tèt ou prèt pou pati kite lavi w dèyè
Pou w degaje w, brase chabon nan sann dife lanfè
Pou batman kè ou pa kanpe.
Kè w ap boule w
Sèvo w prèt pou pati
San yon gout dlo pou rafrechi lespri w.
Ou travay, ou redi
Fouye lavi nan tout rakwen, pou yon lè
Yon lè, ou ta banke ak yon frechè, yon bouke flè.
Tonm toum lavi
Tonm toum fredi
Chay yo twò lou pou ou. …
W ap mache, w ap brase, w ap tribiche
Monte desann chèche chimen nan fon lespri w
Pou ou wè, si yon lè, ou ta souke zetwal nou yo ki ap dòmi;
Poutan, Chans ou kole nan fon ganmèl malè esplwatasyon.
Tonm
Tonm
Tonm
Tonm
Tiktak lavi pa vire bò.
Ou pati
Ou pran lyann
W al ateri nan lòt peyi.
Ou pran kouri kite peyi w
Kite zanmi, kite fanmi w
W al ateri nan lòt peyi
Kot yon bann moun ki pa sanble w
Ki pa konnen w
E ki pa ba lavi menm sans ak ou.
Ou travay, ou rantre
Chèk la pa janm ase.
Chak jou w leve ou pran lari
W al tribiche, w al bourike
W al “ponnche”
W al bay san …
W al bay lè …
Se sa k woutin lavi w.
Ou monte
Ou desann
Chak jou gen menm koulè.
Tonm
Tonm
Tonm
Tonm
Tiktak lavi a pa chanje.
Ou pa gen dwa malad, ou pa gen dwa absan
Lakay ap tann
Ti chèk la twò piti. …
Bòs la pa ka konprann.
“Bil” yo pa ka ret tann.
Tèt ou bwouye
Tèt ou chaje
Lakay pa ka konprann. …
Yon peyi k ap trimen
Yon peyi y ap plimen
Poutan, se sa w genyen. …
Ou ta renmen l chanje
Ou ta renmen l leve
Pou yon lè, yon lè tankou Jodi, ou ka tounen lakay
Poutan, lannuit bare solèy sou pon zetwal lavi ki refize limen
Nyaj yo bare chimen
Pou anpeche flè yo pouse.
Yon chimen san trase
Yon lavi san koulè
Rèv ou chita nan fon ganmèl malè.
Ou mache
Ou kouri
Bouske lavi nan faktori
Dizèdtan, douzèdtan, fredi, lanèj, ou la
Malgre imilyasyon;
Lakay ap tann, se ou ki pou reponn …
Demonstrasyon, pwotestasyon, se ou ki toujou la
W ap goumen
W ap rele
W ap reyaji
Defann imaj peyi w …
Se li w genyen.
Chak jou w leve
Chak jou w kouche
Chagren monte lapyè l sou tèt biskèt tèt ou
Ki fè, somèy pa vin nan je w
Poutan, Tansyon ap sakaje w.
Tonm
Tonm
Tonm
Tonm
Syèl la prêt pou kouche
Nan bra solèy lavi w
Poutan, se ou ki pou reponn
Yon nouvèl
Yon kout fil
Yon “anvwa mwa”
Yon lanmò
Yon lopital …
Mwa kay la ki rive
Lekòl yo pou w peye ….
Ti chèk la twò piti.
Tonm toum lavi
Tonm toum fredi
Tren an ap fofile nan tou tinèl Bouklin
Etan yon nas filarenyen panse ap plòtonnen lespri w.
M ap gade w
W ap gade m
San je nou youn pa janm wè lòt
Lespri nou makònen.
Ayiti
Ayiti
Kilè w ap fè yon pa!
Ou frappe
Ou reponn
Pesonn pa janm fè w sign.
Souf ou prêt pou koupe
Chay yo twò lou pou ou.
Tonm toum lavi
Tonm toum fredi
Lakay ap tann
Chodyè yo pa monte.
Tonm
Tonm
Tonm
Tonm
Transfè a pa ase.
Syèl la prêt pou kouche
Sou bra solèy lavi w
Poutan, yon latriye timoun ap tann
Paske,
Tiktak lavi a pa kanpe.
Ou frape
Ou rele
Se ou ki pou reponn
Se dyaspora ou ye.