Di bonjou gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou.
Depi nou piti, granmoun nou fè devwa yo, yo aprann nou di bonjou. Gen anpil timoun ki wondonmon: se pens ak pikwa pou granmoun rive fè yo desere machwè yo, ouvè bouch yo, pou yo di moun bonjou. Men, vle pa vle, prensip la antre nan tèt yo kanmenm—yo konnen si yo pase sou on moun, yo pa di l bonjou, se maledve. E, esperyans montre sa, lè on moun maledve, timoun kou granmoun, malè ka rive w!
Yo aprann nou di bonjou, yo ensiste pou n konn di bonjou, paske di bonjou montre chemen. Maurice Sixto ban nou 2 bèl egzanp pwovèb sa a. Nan premye a, li ban nou prensip la, li defini règ jwèt la. Nan dezyèm lan, li bay demonstrasyon prensip la, li montre sa k pase lè on moun pa suiv prensip la, pa respekte règ jwèt la.
“Ti Sentaniz” koumanse konsa: Bonjou madanm pi bon pase konn lawout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi w gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous Mòn Tayfè, jous Mòn Malanga, pou y al montre w nenpòt ki kay.
Nan “Monkonpè Teofil”, Sixto kanpe ap pale ak konpè l Teofil, epi on sitwayen pwoche kote yo: li di Sixto Comment vas-tu? epi san l pa menm salye Teofil, li mande Teofil pou l di l kote bò Absalon rete bò isi a. Teofil bay sitwayen an on esplikasyon vire tounen, li voye l al mache, li voye l al flannen. Si w mande Teofil sans sa l fè a, l ap di w: M voye msye a al rekonèt li.
Lè w monte sou moun tankou chwal, al mande yo wout, yo voye w al kay Madan Bonjou!
(Men gen on lòt prensip tou ki kore aksyon Teofil la, prensip moun ki di men koulèv la, se li k touye koulèv la, prensip granmoun nou te konn kore pou nou, lè n te piti, san yo pa antre nan koze politik avèk nou, ak pawòl pa lonje dwèt bouwo nou sou moun, paske dwèt bouwo se dwèt denonsyasyon.)
Nou ka al pi lwen ak koze di bonjou montre chemen an—paske se pa sèlman wout ak chemen di bonjou ka montre on moun: di bonjou ka ouvè anpil pòt pou ou! Di bonjou se koneksyon. Di bonjou bay koneksyon.