On vire tounen nan Dèyè Pawòl
Nan ribrik sa a, Espas Kreyòl envite nou chak semenn pou n al fè on vire tounen dèyè pawòl lakay nan seri 4 liv Wozvèl Janbatis [Rozevel Jean-Baptiste] yo ki rele Dèyè Pawòl, Gen Pawòl. Se on vire tounen pou n deniche pawòl, pawòl tout koulè, tout longè … pou fè lapati mache. Se on pretèks pou nou satiyèt memwa leve-jwenn nou ak pawòl ki sanble tèt koupe ak pawòl nou te konn pale lè n t ap grandi.
(Alòs, lè nou fin satiyèt memwa nou, si n chofe, nou gendwa al dèyè (youn nan) liv yo sou sit entènèt https://www.editionsjb.com)