| BON NOUVÈL
21èm Ane - 228 - Oktòb 1987 |
| Deklarasyon inivèsèl dwa tout moun |
Anpil moun konn tande pale sou dwa chak moun genyen. Se yon dokiman ki te sòti nan Nasyonzini nan jounen 10 desanm 1948. Asanble Nasyonzini an te dakò pou tout reprezantan peyi ki fè pati l yo degaje yo kou mèt Jan Jak pou gaye, afiche, distribye papye sa a nan tout peyi yo. Ann Ayiti sa pa janm fèt. Se chak moun ki pou debouye yo pou chache konnen. Otorite bò isit pa vle moun konnen bòn libète yo.
Bon Nouvèl fè yon dilijans pou jwenn li pou fanatik li yo. Nou pibliye l pou ou, nou konnen li ka itil ou. Ou dwe aprann li tankou « Nòtrepè », li pa anpil, se trant atik li ye. Se mèt kò ki veye kò. Pa bliye Ayiti se yonn nan peyi ki siyen papye sa a, poutan… Rat kay manje pay kay, zandolit mouri inosan.
*Atik 1 Tout moun fèt lib, yo gen menm valè e menm dwa. Yo pote andedan yo rezon ak konsyans, yo dwe viv tankou frè youn ak lòt.
*Atik 2 1) Dwa ak libète ki nan deklarasyon sila se pou tout moun, san diferans sou koze ras, koulè, sèks, lang, relijyon, opinyon politik oswa lòt faktè tankou nasyonalite, ran sosyal, pozisyon ekonomik epi,...
2) Anplis, yo pa gen dwa trete pèsonn daprè kondisyon politik, jiridik osinon kondisyon entènasyonal peyi li. Kit se yon peyi endepandan, oswa yon peyi ki sou lobedyans yon lòt.
*Atik 3 Tout moun gen dwa pou yo viv pou yo lib e pou yo jwenn sekirite.
*Atik 4 Pèsonn pa dwe viv nan esklavaj ni nan lasèvitid. Esklavaj ak keksyon vann moun tankou esklav aboli sou tout fòm yo ka parèt.
*Atik 5 Pèsonn pa dwe sibi tòti (kraze zo), ni pèn ak trètman kriyèl, degradan, ki pa fèt pou moun.
*Atik 6 Tout moun gen dwa, tout kote yo ye pou yo rekonèt pèsonalite yo devan lalwa.
*Atik 7 Tout moun egalego devan lalwa, e dwe jwenn pwoteksyon egal devan lalwa san ankenn diferan Tout moun dwe jwenn pwoteksyon kont tout fòm diskriminasyon (prejije), ki vyole deklarasyon sila, e kont tout fòm pwovokasyon.
*Atik 8 Tout moun gen dwa pran konkou tribinal konpetan lè li sibi move zak ki vyole dwa fondamantal li jan konstitisyon an ak lalwa prevwa l.
*Atik 9 Pèsonn pa dwe sibi arestasyon, anprizonnman, oswa egzil abitrè.
*Atik 10 Tout moun gen dwa pou l pale e pou yo tande l nan yon tribinal endepandan ki pa gen patipri pou l reklame dwa l oswa pou l mande egzaminen yon akizasyon yo koke sou do l.
*Atik 11 1) Tout moun ki akize pou yon deli gen dwa plede inosans li depi yo pa ka demontre li koupab tout bon selon lalwa nan yon jijman piblik kote li gen tout garant nesesè pou l defann li.
2) Pèsonn pa gen dwa sibi kondanasyon pou zak li te komèt nan yon moman kote dwa nasyonal oubyen entènasyonal pat konsidere zak sa a kòm yon deli. Ni tou li pa dwe sibi pèn ki pi grav pase sa lalwa te prevwa nan moman li te komèt deli a.
*Atik 12 Pèsonn pa gen dwa antre defason abitrè nan lavi prive yon moun, fanmi li, kay oswa korespondans li, ni atake onè l ak repitayon li. Lalwa dwe pwoteje tout moun menm jan kont tout bagay sa yo.
*Atik 13 1) Tout moun gen dwa sikile alèz e chwazi kote pou yo rete sou teritwa peyi y ap viv la.
2) Tout moun gen dwa kite nenpòt peyi, pwòp peyi l tou, e retounen ladann jan l vle.
*Atik 14 1) Nan ka pèsekisyon tout moun gen dwa mande azil nan nenpòt peyi.
2) Dwa sa a pa ka aplike lè yon moun sibi yon akizasyon jidisyè pou yon deli komen oswa yon zak ki kontrè a pwoposizyon e prensip Nasyonzini yo.
*Atik 15 1) Tout moun gen yon nasyonalite.
2) Yo pa gen dwa retire nasyonalite pèsonn defason abitrè ni retire dwa li genyen pou l chanje nasyonalite.
*Atik 16 1) Dimoman yon jenn gason ou byen yon jenn fi fin fòme, yo gen dwa marye epi fonde pwòp fanmi yo, kèlkanswa ras, nasyonalite oswa relijyon yo. Yo egalego pandan tout dire maryaj la e lè yo nan divòs.
2) Pou maryaj la fèt fòk tou lè 2 moun yo dakò nètale san yo pa fòse yo.
3) Fanmi senannan natirèl fondalnatal sosyete a, kidonk ni sosyete, ni leta dwe pwoteje l.
*Atik 17 1) Tout moun gen dwa posede byen pou kont li oubyen ansanm ak lòt moun.
2) Yo pa gen dwa pran sa yon moun posede pa mwayen gwo ponyèt.
*Atik 18 Tout moun gen dwa panse lib, e antre nan relijyon k fè l plezi. Yo gen dwa tou chanje relijyon oswa kwayans, e manifeste kwayans yo pou kont yo oubyen ak lòt moun. Yo gen dwa anseye e pratike kilt y ap obsève a.
*Atik 19 Tout moun gen dwa gen opinyon pa yo e yo gen dwa pale san kè sote. Yo pa dwe entimide ni anmède pèsonn poutèt opinyon li. Tout moun gen dwa chèche enfòmasyon ak opinyon. Yo gen dwa pibliye opinyon yo tout kote, pa nenpòt mwayen.
*Atik 20 1) Tout moun gen dwa reyini lib, nan lapè.
2) Yo pa dwe fòse pèsonn pou l antre nan pyès asosyasyon.
*Atik 21 1) Tout moun gen dwa patisipe nan gouvènman peyi l swa dirèkteman, swa pa mwayen reprezantan yo chwazi yo menm.
2) Tout moun gen dwa okipe fonksyon piblik nan peyi l.
3) Volonte pèp yon peyi se baz otorite pouvwa piblik yo. Pèp la ka moutre volonte li. Volonte sila esprime pa mwayen eleksyon lib ki fèt nan yon tan yo fikse pou sa. Eleksyon sa yo, yo menm dwe fèt omwayen "sifraj inivèsèl" egal, kidonk se tout moun ki pou patisipe ladan yo. Vòt la dwe fèt an sekrè oswa pa lòt mwayen ki ka garanti libète vòt la.
*Atik 22 Tout moun se manm sosyete a, kidonk yo gen dwa jwenn bon jan sekirite. Yo dwe jwenn satisfaksyon nan dwa ekonomik, sosyal e kiltirèl ki enpòtan anpil pou ede moun nan devlope pèsonalite l ak tout lòt valè li genyen nan li. Bagay sa yo va fèt gras a yon efò nasyonal ak yon tèt ansanm entènasyonal ki baze sou resous tout moun nan yon peyi genyen.
*Atik 23 1) Tout moun gen dwa travay e chwazi yo menm pwòp travay yo vle fè a. Yo dwe jwenn bon jan kondisyon nan travay la epi bon jan garanti kont chomay.
2) Tout moun gen dwa pou yo jwenn yon salè egal pou yon travay egal, san diskriminasyon, sa vle di: si yon fi ak yon gason ap fè menm travay, yo dwe touche menm lajan.
3) Tout moun k ap travay gen dwa pou yo jwenn yon salè rezonab e satisfezan ki pou pèmèt yo menm ak fanmi yo mennen yon egzistans nòmal san twòp tèt chaje. Nan ka nesesè, salè sa a dwe pèmèt moun nan bay tèt li ak fanmi li tout sòt pwoteksyon.
4) Tout moun gen dwa fonde sendika e antre nan lòt sendika pou defann enterè yo.
*Atik 24 Tout moun gen dwa repoze. Yo dwe gen yon tan travay rezonab, e patwon an dwe ba yo vakans peye chak tan.
*Atik 25 1) Tout moun gen dwa gen posibilite pou mennen yon vi yon ti jan alèz li menm ak fanmi li. Li dwe ka bay tèt li manje, rad, kay, asirans medikal ak tout kalite sèvis sosyal. Yo dwe pran reskonsabilite yo lè yo pap ka travay ankò, lè yo malad, lè yo domaje, lè yo pa gen mari, lè yo granmoun, e depi yo pa gen mwayen pou viv.
2) Fi ansent ak tout timoun yo pote a dwe gen yon swen espesyal. Tout timoun kit li te lejitim oubyen natirèl dwe gen yon pwoteksyon egal.
*Atik 26 1) Tout moun gen dwa pou yo jwenn bon jan edikasyon. Omwens, edikasyon elemantè ak fondamantal la dwe gratis. Enstriksyon elemantè a obligatwa, kidonk tout moun dwe jwenn li. Tout moun dwe gen yon fòmasyon teknik e pwofesyonèl. Tout moun dwe gen menm posibilite pou yo fè etid siperyè yo, daprè merit chak moun.
2) Wòl edikasyon an se devlope pèsonalite tout moun e ranfòse respè dwa moun ak libète fondalnatal yo. Edikasyon an dwe pèmèt youn konprann lòt piplis, youn tolere lòt epi ede zanmitay tabli nan mitan tout nasyon ak tout relijyon. Li dwe ankouraje devlopman aktivite Nasyonzini pou konsève lapè.
3) Paran yo gen plis dwa pase tout moun pou chwazi fòm edikasyon pou bay pitit yo.
*Atik 27 Tout moun gen dwa patisipe lib e libè nan lavi kiltirèl kominote a. Yo gen dwa jwi tou sa ki gen rapò ak seksyon atistik e patisipe nan pwogrè syantifik ak benefis ki sòti ladan yo.
*Atik 28 Tout moun gen dwa travay pou tabli yon lòd sosyal entènasyonal kote dwa ak libète tout moun respekte.
*Atik 29 1) Tout moun gen devwa vizavi kominote a.
2) Lalwa etabli limit nan jwisans dwa ak libète tout moun, yon fason pou yo ka respekte dwa ak libète lòt moun. Limit sa yo pèmèt tou yo tabli yon lòd sosyal kote bon jan moralite ka tabli, e yon byennèz jeneral nan yon sosyete demokratik.
3) Dwa ak libète sa yo pa ka mache nan sans kontrè a prensip Nasyonzini yo.
*Atik 30 Anyen nan deklarasyon sila a pa dwe entèprete yon fason pou pèmèt yon peyi, yon gwoup osinon yon moun mennen a devlope aktivite oswa reyalize zak ki siprime yon dwa kèlkonk ki pwoklame nan deklarasyon an.























