Chita koze ak yon chany nan Pòtoprens

Libète

1 – 7 novanm 1994 * Ane 3 * No 110

Chita koze ak yon chany nan Pòtoprens

Ramo Dezamo – Depi ki lè w kòmanse biznis sa a?

Chany – Se depi lane 1981, mwen kòmanse kite zòn lakay mwen nan Kenskòf pou m vin nan Pòtoprens. Lè sa a mwen t ap degaje m nan komès fresko, lè mwen wè li pa rapòte, mwen kanpe bourèt la mwen pran bwat chany mwen. Lè sezon lapli, mwen monte nan peyi m, m al travay. Se ak kòb soulye a mwen fè ti monnen pou m achte angrè met nan plan yo. Men, kounye a, bagay la tèlman di, mwen plis anvi ret nan peyi m.

Ramo Dezamo – Kòman w fè pou w sanble lajan sa a?

Chany – Mwen gen 2 lòt frè m ki nan biznis lan, nou konn fè ti sòl pou n wè si n ta fè yon ti ekonomi.

Ramo Dezamo – Anvan w te kòmanse vin lavil kouman lavi a te ye pou w?

Chany – Lè sa a lapli te konn tonbe anpil, nèg te ka travay, men nan monte desann lavil ou wè kèk bagay ki enterese w, ou vin rete. Kounye a gen anpil solèy, e lè angrè a kontre ak solèy la, se koupe l koupe plan yo.

Ramo Dezamo – Kouman bagay yo mache nan epòk sa a?

Chany – Nou prèske pa jwenn woulman pou n fè menm, kòm metye w konnen se li k nouri mèt li, nou blije tounen nan menm vye dyòb sal nou te ye a.

Ramo Dezamo – Ki sa nou plante kon sa?

Chany – Se pistach, chou, ponmtè, zonyon, patat, joumou, epi nou fè gadinay. Anvan nou pat konn desann, se bagay yo ki vin tèlman di ki fè nou oblije desann.

Ramo Dezamo – Eske gen dlo wouze nan zòn nan?

Chany – Ti miso pa gen dlo wouze, epi remèd plan an se lapli.

Ramo Dezamo – Kòman w viv lè w nan Pòtoprens?

Chany – Enben bagay yo pa fasil, si w sot nan lari a, ou fè 5 goud, ou blije manje 2 goud, ou sere 3 goud. Si w kite timoun dèyè fòk ou pot kichòy pou yo. Si w bezwen yon plan se ladann pou w achte l. Ou oblije òganize w yon jan. Pou dòmi an menm, se nou tout, alò anpil nan nou ki lwe yon ti chanm epi nou dòmi ladann. Men, gen lòt nèg, se nan depo yo dòmi, yo pi mal toujou. Kon sa tou gen moun ki rete kay fanmi yo.

Ramo Dezamo – Konbyen tan ou ka pase lavil lè w desann?

Chany – Mwen pa konn ret anpil, yon 8 jou kon sa.

Ramo Dezamo – Ou di se fresko ou te kòmanse vann anvan kouman sa te ye?

Chany – Nan fresko a, mwen konn ap depanse 30, 40 dola, m pa fè 5 dola benefis. Lè m wè sa, m vann bourèt fresko a, m wè bwat la pi fasil, m pran bwat la. Pou w ta vann fresko a byen, fò w ta nan yon lekòl, kòm se nan lari m konn ap pwonmennen, glas la konn fin fonn nan men m, lè m wè sa, m fè sa k pi fasil la.

Ramo Dezamo – Konbyen kòb kon sa ou fè pa jou nan lari a?

Chany – Lè sa bon, ou fè nenpòt 7, 8 dola, lè sa a ou sere 4 dola. Gen moun ki pa konn vle peye sa nou mande a, men mwen toujou chèche mwayen antann mwen avè l paske se viv w ap chèche viv. Travay la se travay ou li ye, se pa moun ki ba w fè l.

Ramo Dezamo – Lè transpò a te chè kouman nou te konn degaje nou?

Chany – Se 2 kous machin ki pou mennen w al Kenskòf, mwen konn pran Lali Boudon an, epi m fè rès wout la apye, mwen pran pi bon mache a, paske Petyonvil Kenskòf se 5 dola. Nou konn fè yon gwoup 3, 4 epi n ap pale tout wout a, li pi fasil.

Ramo Dezamo – E moun ki pa desann yo, ki sa yo fè?

Chany – Moun ki pa desann yo, yo trese makout pa douzèn, yo vann li 20, 25 dola, genyen ki fè chabon. Zòn Kenskòf se yon zòn abitan pa pè pase mizè.

Ramo Dezamo – Kòman nou fè pou nou vann rekòt yo?

Chany – Se pa nou menm ki vann Pòtoprens, nou antann nou ak vandè. Vandè yo mete machandiz la sou kamyon, epi y al vann Pòtoprens. Kounye a afè pwoblèm gaz la, sanse se ou k sibi l, paske pri moun nan ta peye w yon sak ponmdetè, li blije pa ka ba w li. Paske fò l kalkile pri machin nan, e angrè chè. Epi semans bètrav la ki te nan 10 dola, kounye a se 35 dola, sak angrè menm koute 70 dola. Kòm Prezidan an vini kounye a, nou kwè sa va chanje.

Ramo Dezamo – Lè gen kouri nan lari a, kouman w fè?

Chany – Lè w gen bwat la nan men w, bwat la se defans ou li ye. Depi yon moun wè w li wè se yon vye malere k ap degaje l. Depi w pa nan frekansite yo mèt rele w nan nenpòt biwo w ap travay. Si gen yon kouri ou mèt antre nan nenpòt lakou ou pap gen pwoblèm, bwat la tounen yon pwoteksyon. Yo pap fè l pou nenpòt moun men depi yo wè w ak bwat chany lan, yo wè se moun mizè w ye.

Ramo Dezamo – Talè a ou t ap pale de gouvènman an ki sa w ta renmen yo fè pou nou?

Chany – Mwen ta renmen plakbòl ak angrè desann, epi tou si rekòt la ap mache byen nan peyi m, m pap menm bezwen desann ankò.

Kite yon repons