Nan ki moman on moun ta dwe kòmanse mete lòd nan finans li?
Genyen on pwovèb lakay ki di: “Pi bonè se granm maten”. Enben, nan domèn finans, pi bonè pi bon. Depi on moun kòmanse travay, l ap resevwa on salè, l ap achte, l ap depanse; depi on moun gen lajan yo fè l kado osnon paran li mouri kite on bon ti kòb pou li, epi li depoze kòb sa a nan on kont labank oubyen envesti l nan on konpayi ki ap peye l enterè sou manman lajan an; depi on moun ouvè on biznis kote l ap rantre lajan, depanse lajan; depi on moun gen plan pou l achte on kay, pran mògej/ipotèk labank, achte kredi, fè dèt; nan tout okazyon sa yo, moun lan dwe, san pèdi tan, kòmanse mete lòd nan finans li. Paske si li pa fè sa, anvan lontan li ka twouve l anfas on bann ak on pakèt pwoblèm ki ka rann lavi l difisil dènye degre. Gen moun ki menm konn rive pèdi tèt yo akòz move jesyon finans, move jesyon lajan.
Ki kote pou li kòmanse?
Genyen plizyè etap on moun dwe suiv pou l rive gen bon kontwòl sou zafè finans li. Premye demach la se prepare on bidjè epi aplike sa ki nan bidjè a san neglijans.
Kisa on bidjè ye? Ki diferan pati ki genyen nan on bidjè?
On bidjè pou on moun oubyen pou on biznis se on plan ki esplike kijan moun nan oubyen dirijan on biznis pral depanse lajan k ap disponib pou li depanse. Kòm genyen kèk diferans ant bidjè pèsonèl ak bidjè on biznis, n ap gade yo separeman.
Kouman pou prepare bidjè w? Kijan on bidjè pèsonèl bati?
An jeneral, on bidjè gen 3 pati. Premye pati a se lis ak sous tout lajan moun nan espere resevwa pou ane a apre l fin peye taks. Dezyèm pati a se lis tou sa moun nan planifye achte oubyen peye ak lajan li pral resevwa a. Twazyèm pati a moutre rezilta demach moun lan nan 2 premye pati nou sot wè yo. Si depans yo mwens pase lajan l ap resevwa a, moun nan ap gen yon kòb anplis k ap rete nan men li. Li ka itilize kòb sa a swa pou li achte plis pwodui ak sèvis ki fè l plezi, swa kòmanse mete lajan labank pou envestisman, swa pou sekirite ak pou ka ijans. Men si depans yo plis pase lajan li konte resevwa a, enben moun nan ap fè on defisi. L ap sètoblije elimine oswa diminye depans yo, men li ta dwe kòmanse ak depans ki gen mwens enpòtans jiskaske bidjè a balanse.
Diferan fòm bidjè
Genyen plizyè fòm, plizyè plan bidjè. Chak moun dwe chwazi plan bidjè li santi ki pi bon pou li, ki ka ba l pi bon rezilta nan ede l kontwole antre-soti lajan, selon abitid depanse li. An nou gade detwa fòm bidjè.
1. Genyen yon fòm bidjè yo rele Sistèm Anvlòp.
Nan sistèm anvlòp la, moun nan kreye plizyè kategori depans dapre salè oubyen lajan li rantre, epi li klase depans yo nan lòd priyorite. Nan chak anvlòp, li mete on kategori depans ansanm ak montan lajan kach li vle depanse pou kategori sa a, epi li ekri non kategori a sou anvlòp la. Otomatikman kantite lajan li te mete nan on anvlòp fini, depans pou kategori a fini pou mwa a tou. Sof si moun lan ta deside sèvi ak lajan ki disponib nan on lòt kategori pou kategori ki fini an. Sa konn rive lè moun nan santi nan moman an li gen plis bagay enpòtan nan on kategori pase nan on lòt.
Fòm bidjè sa a bon pou moun ki pito depanse lajan kach pase pou yo itilize chèk, itilize kat kredi, on jan pou yo evite akimile dèt. Men sistèm anvlòp la konn pa ka mache, swa paske gen bòdwo ki pa ka peye ak lajan kach oubyen konpayi a pa gen biwo nan katye kay kliyan an pou resevwa peman kach.
2. On lòt fòm bidjè ki popilè anpil se plan bidjè yo rele 50-30-20.
Se on fòm bidjè ki senp. Olye pou moun nan kreye plizyè kategori, tankou nou sot wè nan sistèm anvlòp la, li mete senkant (50) pousan lajan ki rete nan men l apre taks pou depans ki nesesè, depans obligatwa, tankou peman mògej/ipotèk, lwaye, dlo, elektrisite, ekolaj, bil machin. Trant (30) pousan pou depans pou fantezi depans selon gou moun lan, tankou achte bijou, , al an vakans, lwazi epi ven (20) pousan pou peye dèt ak fè ekonomi.
Avantaj plan bidjè sa a, li fleksib. Moun lan ka chanje pousantaj yo dapre bezwen l pou moman an oubyen dapre plan finans li. Parekzanp, si se on jèn moun ki ta renmen sanble on bèl kòb apre 10 zan, 15 zan, li gen fleksibilite mete 30 pousan pou ekonomi epi 20 pousan pou depans pou fantezi yo.
Fòm bidjè sa a gen on lòt avantaj tou: si depans obligatwa yo pran plis pase 50% bidjè moun nan, plan sa a kapab fè moun nan wè nesesite pou li fè chanjman nan fason l ap viv. Parekzanp, lwe on apatman ki pi piti, ki mwen chè, achte on machin ki pa kraze bidjè l pou l ka jwenn ase kòb pou li mete nan lòt kategori yo.
3. On twazyèm fòm bidjè ki ta merite pou nou gade se sa yo rele ann angle, nan langaj finans, “Zero-Based Budgeting”, kidonk on plan Bidjè Baz Zewo.
Se on fòm bjdjè ki sanble avèk sistèm anvlòp la nan sans moun nan ka deside davans sou ki pwodui ak nan ki sèvis l ap depanse chak dola ki rantre nan men l. Men li pa bezwen kreye kategori, li pa bezwen prepare anvlòp. Objektif plan bidjè sa a se rive fòse moun nan depanse egzakteman kantite lajan li genyen. Konsa pa gen posiblite fè defisi.
Se on plan bidjè m rekòmande pèsonèlman paske li pèmèt on moun wè klè epi konnen ki kote li pral depanse chak dola k ap antre nan men l. Konsa ap gen mwens chans pou moun nan lage kò l nan fè dèt. Se on bon zouti ki ka ede jèn moun oubyen moun ki fèk kòmanse travay gen bon kontwòl sou fason yo depanse lajan yo.
Enpòtans on bidjè pèsonèl
Pou on moun, on bidjè se on pyès santral nan planifikasyon finans li. Nenpòt moun ka gen plan finansye. Men si li pa gen on bidjè li ka difisil anpil pou li konnen ki pati nan aktivite finans li pou l bay plis atansyon ann akò ak bi finansye l.
Men kèk avantaj on bidjè pèsonèl:
1. Prepare on bidjè epi aplike l san ratman ka ede on moun atenn objektif finansye li. Parekzanp, sanble lajan pou l fè on gwo acha, tankou achte on kay, oubyen pou l peye pou on sèvis ki enpòtan pou li, tankou edikasyon.
2. On bidjè ka ede on moun viv nan limit mwayen li lè l itilize l kòm on zouti pou li limite depans li. Si on moun pa t janm fè on bidjè, nan fen ane a, li ka mande ki kote tout lajan l touche yo pase.
3. On bidjè ka ede on moun peye dèt li. Si on moun ap travay pou li soti anba dèt, on bidjè ka ede l mete plis lajan nan kategori peman dèt. Parekzanp, si moun nan remake li depanse anpil pou lwazi, li ka prepare on bidjè ki pèmèt li mete mwens lajan nan kategori lwazi ak detant epi ajoute ekonomi lajan li fè nan kategori sa a nan anvlòp peye dèt la.
4. On bidjè ka ede on moun fè ekonomi. Ekonomi lontèm: pou retrèt li, vye jou li, avans pou achte on kay… Ekonomi mwayentèm: pou on moun pran vakans ak fanmi l. Ekonomi koutèm: pou akimile fon pou ka ijans. On bidjè ka ede l gen kontwòl sou kijan l depanse lajan l konsa l ap ka koupe sou depans ki pa nesesè epi fè plis ekonomi.
Sa yo se kèk avantaj on bidjè pèsonèl, men li enpòtan anpil pou on moun konnen pou ki rezon li fè bidjè, paske lè rezon an/yo klè nan tèt li, sa ka motive l fè plis efò pou l kontinye itilize bidjè a.
Yon modèl bidjè pèsonèl pou on mwa:
Ribrik | Estimasyon | Reyèl |
Rantre | ||
Salè (premye djòb) | $2500.00 | $2500.00 |
Salè (dezyèm djòb) | 850.00 | 850.00 |
Total Rantre | $3350.00 | $3350.00 |
Depans | ||
Lwaye | $1500.00 | $1500.00 |
Taks | 402.00 | 402.00 |
Bil machin | 175.00 | 175.00 |
Elektrisite | 135.00 | 135.00 |
Telefòn ak entènèt | 110.00 | 130.00 |
Asirans | 230.00 | 230.00 |
Manje | 405.00 | 465.00 |
Lwazi | 80.00 | 100.00 |
Lesiv | 65.00 | 80.00 |
Total Depans | $3102.00 | $3217.00 |
Ekonomi | $ 248.00 | $133.00 |
Kòmantè:
Kòm nou kapab wè, bidjè a moutre moun sa a depanse plis pase montan li te planifye pou li depanse a. Si li serye nan jefò pou ekonomize $248 chak mwa apre depans, li ta dwe revize depans li yo epi koupe nan depans ki pa esansyèl yo.
Plan bidjè pou biznis
Bidjè yon biznis se on plan ki esplike kijan biznis la pral depanse lajan k ap disponib pou l depanse.
Menm jan ak bidjè pèsonèl, bidjè biznis gen 3 pati.
Premye pati a se lis ak sous tout lajan antreprenè a/yo espere resevwa pou ane k ap vini an: benefis ki ap soti nan lavant machandiz/sèvis, lajan lòt moun pral envesti nan biznis lan, lajan biznis lan ap ranmase nan men moun ki te fè kredi lakay yo.
Dezyèm pati a se lis tou sa konpayi an planifye pou li achte ak pri chak bagay pral koute.
Twazyèm pati a se pwofi oubyen defisi konpayi a ka fè selon fason dirijan yo jere zafè konpayi an. Si kantite lajan konpayi an espere resevwa plis pase depans li planifye pou l fè, konpayi a ka pwojte on pwofi pou ane a. Konsa tou, si depans li planifye pou l fè ap plis pase lajan li espere resevwa, konpayi an ka pwojte on defisi pou ane a.
Enpòtans bidjè pou on biznis
Pou on biznis, on bidjè enpòtan pou plizyè rezon:
1. Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan konnen nan nenpòt ki moman kijan finans li ye. Konesans sa a pèmèt antreprenè a/yo planifye davans, mete anplas estrateji pou agrandi biznis la, anplwaye plis moun, envesti nan nouvo pwodui ak ekipman, fè pwojeksyon sou kantite pwofi li/yo pral fè.
2. Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan atire envestisè, ogmante posiblite pou li jwenn lajan prete, pran desizyon nan nivo salè l ap peye, nan depans pou li fonksyone ak nan lòt benefis pou anplwaye.
3. Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan planifye ane a epi gade pi devan. Lè biznis lan prepare bidjè li nan kòmansman ane a, li ka wè depi an lagan ki pwoblèm ki ka parèt devan l, ki ajisteman l ap gen pou li fè nan jan l ap fonksyone, si l ap gen pou l ogmante oubyen diminye pèsonèl ak kantite materyèl l ap bezwen.. Se bidjè a ki ap pèmèt biznis lan antisipe tout chanjman k ap nesesè pou antreprenè a/ yo fè.
4. Yon bidjè ki byen prepare ka ede biznis lan defini priyorite l, kidonk mete lòd nan sa l vle reyalize on jan pou evite fè depans initil.
5. Yon bidjè ki byen prepare dwe prevwa on plan pou biznis lan ekonomize lajan l ap bezwen sizoka gen ijans ak lajan l ap bezwen pou li achte pwopriyete, pou l achte ekipman l ap bezwen pou li agrandi.
Yon modèl bidjè pou biznis:
Non konpayi an: ________________________________________
Nimewo Idantifikasyon: __________________________________
Dat bidjè a prepare: ______________________________________
REVNI | RESÈT | ESTIMASYON RESÈT | DIFERANS |
LAVANT APRE DEPANS | 22.000 | 21.800 | 200 |
ENVESTISMAN | 4.000 | ||
TOTAL RESÈT | 26.000 | ||
DEPANS FONKSYÒNMAN | MONTAN DEPANS | ESTIMASYON DEPANS | DIFERANS |
SALÈ | 3.000 | 3.500 | 500 |
PIBLISITE | 1.200 | 900 | -300 |
KONTABLITE | 500 | 750 | 250 |
FRÈ LIVREZON | 3.200 | 3.400 | 200 |
LWAYE | 6.000 | 6.000 | 0 |
MATERYO | 1.100 | 900 | -200 |
ASIRANS | 420 | 420 | 0 |
TELEFÒN | 310 | 300 | -10 |
ELEKTRISITE | 630 | 600 | -30 |
TRANSPÒ | 275 | 260 | -15 |
TOTAL | 16.635 | 17.030 | 395 |
Jan nou te di nan kòmansman chapit la, on bidjè se on zouti pou ede on moun osnon on biznis mete lòd nan aktivite finans li, fonksyone selon mwayen lajan li dispoze. Wòl prensipal on bidjè se pou jesyon lajan. Kidonk, li enpòtan pou nou gade kisa lajan ye, ki kote konsèp sa a soti, ki enpòtans lajan nan devlopman sosyo-ekonomik on moun, on pèp, on peyi. Se aspè sa yo nou pral abòde nan 2 pwochen chapit ribrik la.
Joseph D. Chery/Jozèf D. Cheri
Foto: Circular-economy-by-Kevin-Dooley-is-licensed-under-CC-BY-2.0.jpg