Chante Legliz ann Ayiti

SÈL

Ane 7/Nimewo 43/Fevriye 1979

Chante Legliz ann Ayiti

Nan keskyon kantik ak chante nan seremoni katolik ann Ayiti, se twa pòsyon koze pou n egzaminen. Premye pòsyon an nou ta mèt rele l reny laten-franse. Dezyèm pòsyon an se reny laten-kreyòl. Twazyèm nan se reny kreyòl.

Laten-franse

Nou pa bezwen rete lontan sou reny chante legliz ki te chante an laten osnon an franse. Poutan se reny sa a ki te pi long. Denpi nan tan Blan, nan tan Esklav lakoloni, nou gen dwa di te gen seremoni katolik nan peyi d Ayiti. Se pou esklav yo te batize, se pou yo te aprann katechis, konfese, kominyen, konfimen, se pou yo te al lamès lè dimanch. Sa yo te konn chante nan legliz, se te laten, se te franse tou. Lang franse te sèvi pou kantik pèp la. Men lang franse pa te monte anwo lotèl. Anwo lotèl, pè yo, se sèl an laten yo te konn chante. Kanta pou kreyòl menm, lang esklav yo, nanpwen moun ki te panse lang sa a te merite antre nan legliz, ni monte anwo lotèl. Nou pa bezwen mande pou ki rezon lang kreyòl pa t sèvi anndan legliz: ofon se paske mezi konsiderasyon ou gen pou yon moun, se mezi konsiderasyon tou w ap genyen pou lang moun nan pale a.

Reny laten-franse sa a dire lontan nan peyi a. Jouk apre 1930, se te reny sa a toujou. Ni lavil, ni nan bouk, ni andeyò, te mèt rasanbleman popilasyon lanmès yo se te moun ki pa te konn anyen an franse osnon an laten, sa pou yo te chante nan legliz, se te Gloria, Credo, Sanctus, O Salutaris, Tantum Ergo, Ora pro nobis etsetera.., enpi aprè lanmès osnon nan lòt seremoni tankou Heure Sainte, te gen kantik kou wè Venez Divin Messie, Les Anges dans nos campagnes, Pitié mon Dieu, c’est pour notre patrie, Cæur transpercé pour nous, J’irai la voir un jour etsetera…

Apre 1930, (kidonk sa pankò menm gen 50 an), gras a pè ayisyen ki te rantre ap pale kreyòl nan mas pèp la, yon lòt reny vin kòmanse, reny laten-kreyòl la.

Premye kantik kreyòl

Premye jefò ki te fèt pou rantre lang kreyòl nan chante legliz, se te yon mouvman katechis. Yon pawòl chante, tout moun ap toujou kenbe l nan tèt, enpi y ap repete l pi fasil pase yon pawòl pale. Premye Ayisyen ki fè kantik kreyòl pou legliz, se Monseyè Remi Ogisten. Lè sa a, an 1939, li te kire Bèlfontèn (Troukoukou). Lide li t ap defann lè l fè polikopye yon premye ti kaye kantik kreyòl, se te jwenn mwayen pou parwasyen Bèlfontèn te kenbe leson katechis yo pi fasil. Nan ti kaye l la ki te parèt vè 1940, gen kantik anpil moun nan peyi a te gen tan aprann. N a sonje pa egzanp: “Se konviksyon m, se lide mwen,”, “Mwen batize”, Fèt Nwèl sa a, ala yon bèl fèt”, etsetera.

Men Monseyè Remi Ogisten pa t yon veritab mizisyen. Li pa t menm yon sanba, kòmsi pou l ta konn mete yon koze deyò ansanm ak tout mizik pou koze a chante. Nan travay li te fè a, menm si fò nou rekonèt se yon mouvman kalite siperyè pa rapò a lang kreyòl la, pou lang nou sa a te rantre anndan legliz, men kanmenm, se senpleman dekalke pawòl kreyòl yo te dekalke sou mizik franse ki te pi popilè nan Manuel Paroissial la. Pa egzanp, “Fèt Nwèl sa a, ala yon bèl fèt” te ajiste sou mizik “Les anges dans nos campagnes”, “Mwen batize” sou “Je suis chrétien”.

Nan premye tan sa a, te gen yon pwoblèm pou Ayisyen ki t ap chèche fè kantik kreyòl. Pwoblèm nan te soti nan evèk yo, espesyalman nan Monseyè Legwaz, achevèk Pòtoprens. Monseyè Legwaz te deklare pè yo pa gen dwa fè elizyon an kreyòl, sa vle di pa egzanp fò yo ekri: Mwen di ou pou ou vini wè li. Yo pa t andwa ekri: M di w pou vin wè l. Monseyè sa a ki pa te konn anyen nan lang kreyòl te deside li pa p bay otorizasyon fè moun yo chante kantik ki pa t ekri jan l te vle a. Suiv kòmandman achevèk sa a, se te yon tèt chaje.

Pa egzanp, Remi Ogisten ki te yon senp ti pè lè sa a, te anvi fè yon refren kantik ak yon ti bout fraz pèp ayisyen toujou renmen repete. Lè moun yo vle kenbe fèm ak yon koze, yo di: Se konviksyon m, se lide m. Pou refren kantik la ta bon, se 7 silab sa yo, jan yo ye a, ki ta pou rantre konsa nan mizik la. Poutèt Monsenyè Legwaz, Pè Remi Ogisten ta sètoblije ekri: Se konviksyon mwen, se lide mwen. Sa fè 9 silab. Se te yon mizik franse: “Je m'engage, je m’engage” ki te pote 8 silab avèk yon kadans apiye sou twazyèm ak setyèm silab. Ajiste kreyòl sa a ak mizik franse sa a, se te yon veritab siga limen nan toulède bout.

Premye sa Pè Remi Ogisten fè, se chanje li chanje mo yo plas. Sa bay: se lide mwen, konviksyon mwen. Egal 8 silab ak kadans apiye sou twazyèm ak setyèm. Pou mizik la pawòl sa yo te kadre. Men veritab fraz pèp la te tchake.

(Franse) Je m’enga-ge, je m’engage…

(Krey.1) Se lide mwen, konviksyon mwen.

(Krey.2) Se konviksyon m, se lide mwen..

“Nou pa an Frans isit”

Kèk tan apre, yon komite ki te reskonsab refòm nan kantik kreyòl (e mwen m te manm nan komite sa a) tounen remete pawòl pèp la jan pèp la toujou di l la. Sa vin bay: Se konvikskyon m, se lide mwen. Komite a te di: “Tanpi pou kadans franse, tanpi pou Monseyè Legwaz. Pito nou respekte gonm kiltirèl pèp la. Nou pa an Frans isit”.

Solisyon pwoblèm nan, se te fè mizik kreyòl pou pawòl kreyòl. Pè Remi Ogisten pa t sanba pou l ta pouse nouvo mizik. Li t ap fè sa l te kapab avèk mizik pèp la te tou konnen deja. Se te yon travay valab kanmenm, paske anvan travay sa a, pèsonn potkò janm sèvi ak lang kreyòl nan kantik legliz katolik.

Reny chante laten-kreyòl sa a, nou gen dwa di li dire 20 an. Pè anwo lotèl te chante laten toujou. Pèp la, nan pawas andeyò avèk nan mès 4trè lavil, te kòmanse pran abitid chante kantik an lang kreyòl. Natirèlman, te gen anpil kantik an franse toujou avèk chan laten pi plis pase kantik kreyòl. E menm, fò nou di, jouk jounen jodi, gen moun ann Ayiti ki pi pito chante franse ak laten pase kreyòl. Moun sa yo pokò gen kont konsiderasyon ak admirasyon pou mas pèp ayisyen k ap pale kreyòl la. Yo pokò wè jan mas pèp kreyòl sa a, se yon mas pèp ki valab, yon mas pèp ki gen bon kalite gonm kiltirèl. Petèt yo pokò santi mas pèp sa a, se yo menm menm nan.

Kreyòl, ni pawòl ni mizik

Sou reny laten-kreyòl la, veritab kantik kreyòl te kòmanse parèt. Nan Pawas Marigo, defen Pè Boston te fè chante osnon li te ranje chante sanba nan popilasyon an te pote ba li. Chante sa yo reprezante dives batay katolik t ap fè kont sipèstisyon ak plasay. Mwen menm, denpi an 1941, mwen te pran dives kantik Monseyè Remi Ogisten ki potkò pibliye, enpi m te envante mizik nouvou tou esprè pou kantik sa yo, pa egzanp: A wi, lanmò dwe fè reflechi.

A wi lanmò dwe fè reflechi

A wi lanmò dwe fè reflechi

jodi nou leve n ap manje fè fèt

e demen menm lanmò di nou: otan

Li pa pè siprann, li vini an trèt

Ou vle pale men li pa ba ou tan

A wi lanmò. . .

Mizik mwen sa yo te pi kadre avèk pawòl kreyòl. Se te yon pwogrè, paske se mizik la ki te tounen sèvant lang nan. Se pa lang kreyòl ki te sètoblije ap kwense, tchake, defigire tèt li pou l ajiste l sou mizik tou fèt.

An 1946, m kòmanse fè pwòp kantik pa mwen, ni pawòl, ni mizik. Mwen te konn polikopye yo voye nan pawas ki te enterese pou kantik kreyòl. Dyosèz Gonayiv, an 1948, pibliye yon “Manuel créole”: tout yon pòsyon nan Manuel sa a te plen kantik kreyòl. Mwen te gen kèk pa m ladan. Lòt pè tou te gen kantik pa yo swa nan Manuel sa a osnon nan lòt kaye. Mwen pa sonje tout pè, swa ayisyen, swa etranje ki te fè kantik. Men m ka site Pè Kasanyòl (Ti Gwav), Pè Jafre (Petyonvil), Pè Klasens (Sen Jera), Pè Lejanm (Tè Nèv), Pè Solaj (Okay).

Menm si yon bon chante katolik fèt pou l toujou repete yon verite osnon yon bon prensip, menm si premye kantik mwen yo te toujou devlope yon esplikasyon sou laverite Levanjil, m pa ka di se dirèk-teman katechis mwen te vle fè nan kantik sa yo. Lè m te gen yon lide, yon santiman ap travay anndan mwen, m te konn senpleman deklare santiman sa a an chantan. Yon lide konsa, yon santiman konsa, se lavi a jan m te konprann li an ki te fè yo pouse nan sansibilite m, enpi m kite yo soti. Yo soti an fòm chante. Pafwa, m te fin fè yon prèch, enpi se prèch la ki vin konsantre an fòm yon kantik. M a site youn nan chante sa yo: “Sen Michèl toujou deyò”.

Sen Michèl toujou deyò

Sen Michèl toujou pi fò

Pinga Satan, Aba Satan

Se lafwa k ap triyonfe

Pinga Satan Aba Satan

Se lafwa k ap triyonfe

Mizik kreyòl, ak ki kadans

Sèlman, kantik sa yo, yo te bati sou kadans mizik klasik. Se te 2, 3, 4 tan, osnon kadans sis-uit, pafwa twa-uit. Ositou nan fon kè m, m te gen yon dènye pwen ki potkò fin alèz.

Dabò, mwen te remake pèp la te toujou gen tandans chanje kichòy nan kantik mwen yo: swa yo boukante yon nòt nan melodi a, swa yo pran kadans ki te sanble pi natirèl pou yo.

Se vle m te vle koresponn byen ak mas pèp la. Se sa k fè chanjman sa yo te travay tèt mwen. M pase divès ane ap etidye sa k te lakòz chanjman sa yo. Pè Delwi, nan pawas pa li (Gran Gozye), te fè divès kantik kreyòl. Yo te bèl anpil. Li te fè yo an fòm mizik gregoryen. Sa fè li menm li pa t kòlte ak pwoblèm chanjman kadans la. Pami kantik Pè Delwi yo, men youn m pa konn si m sonje tout pawòl yo byen. Men, m sèten se mizik la sa: “Notre Dame du Perpétuel Secours”.

Notre Dame du Perpétuel Secours,

lapriyè lapriyè pou Ayiti.

Peyi nou nan peche

sove nou Notre Dame

pitye pou nou

Nou fè Bondye fache,

Sekouri nou souple

N ape peri. Notre Dame . . .

M kwè Pè Delwi tou, se pa dirèkteman katechis li t ap chèche fè nan chante l yo. Se di li t ap di santiman kretyen ki monte soti nan fon kè l al eklate an fòm chante.

Kadans tanbou

Menm dat sa yo, vin gen Pè Lwi-Chal, kire Mabyal, nan zòn Jakmèl, ki te fè 2, 3 kantik tout moun te twouve ki dwòl, pa egzanp sa a: “Bondye k kreye lesyèl enpi latè”.

Bondye k kreye lesyèl enpi late

Vin admire tout bèl mèvèy li fè

Mache vin rann devan l. . .

Lè w tande kantik sa yo ap chante nan Mabyal, melodi yo pa t si bèl, men ou ta di se te yon seri kout tanbou ou te tande k ap dewoule. Wi, pou dat sa a, anpil moun te twouve yo dwòl. Men se pa ti kras renmen moun Mabyal te renmen yo. Se eklate legliz Mabyal t ap eklate lò kantik sa yo t ap chante. Te gen yon gonm nan chante sa yo, se te gonm pèp la menm. Fò di tou, Pè Lwi-Chal, ki pa t mizisyen ditou, te bay pèp la laotmen pou yo te mete kadans yo vle nan chante sa yo.

Popilasyon Mabyal sa a, ak tout Pè Lwi-Chal alatèt, se yon pawas ki te aji ak anpil fòs sou mwen lemoman tèt pa m te plen kesyon, ap etidiye ki kadans chante ki ta pi bon pou pèp ayisyen.

Kadans Vodou

An 1949 menm, rive m rive Platosantral, pou lapremyè fwa, mwen jwenn okazyon al gade yon dans vodou. M degize m. M al an chatpent. M foure kò m nan mitan foul moun yo. M pran gade. M pran san m egzaminen mezi bagay m te ka wè. Mwen wè dans vodou k ap danse, m tande tanbou k ap kadanse, chante k ap chante.

Nuit sila a, se te yon gran nuit nan egzistans mwen. Etan la, mwen santi mwen ak pèp sa a, se yon sèl gonm ki gonmen nou. Mwen wè dans yo bèl, yo pwòp, yo pi siperyè pase dans bal. Mwen twouve chante yo ak tout kadans yo se mèvèy. Kadans yo m te santi jan yo reponn byen ansanm ak kè m k ap bat nan lestomak mwen.

Lè m fin gade kont mwen, m ale. An alan m mwen santi repons mwen t ap chèche depi konbyen ane a, se li menm ki te ekri nan tout mwen menm. “Kadans chante pèp la, se nan Vodou l ye. Moun yo va chante byen, yo va danse ak tout kè, y a devlope santiman yo byen, si se sou kout tanbou ak kadans vodou chante yo fèt.”

Enpi lespri m kontinye ap travay: Vodou se Vodou. Kwayans se kwayans. Mizik se mizik. Kadans se kadans. Danse se danse. Chante se chante. Tanbou se yon biy bwa fouye ak yon po bèt kouvri l. Sa fè gen divès bagay, len pa menm ak lòt. Nan mitan yo genyen mwen menm. Se kretyen m ye. Se katolik mwen ye. Pouki m pa ta pran bèl kadans sa yo, bèl kout tanbou sa yo? Pouki m pa ta pran bèl dans sa yo pou m mete yo ap djayi sou santiman kretyen ki nan kè m, sou kwayans kretyen ki nan konviksyon m, pou se avèk yo menm mwen deklare : Bondye Papa m, mwen kwè nan ou, se ou m renmen pase tout bagay, mwen rekonèt tout bonte ou fè pou mwen, mwen pote tout mwen menm mèt nan sèvis ou, m ap devlope tout aktivite itil pou Bon Nouvèl ou a avanse kote m pase? An yon mo, pouki m pa ta pran tanbou a ak tout kadans li yo, mete l ap devlope kwayans kre-tyen, olye pou l rete ap devlope kwayans vodou sèlman? Kadans sa yo, kout tanbou sa yo, yo se kadans Ayisyen, yo se kout tanbou Ayisyen. Lè Ayisyen an vin patizan Jezi-Kri, se pou l sa ak menm kadans sa yo, ak menm kout tanbou sa yo. Ou mèt nan Vodou, ou mèt nan katolik, ou mèt nan pwotestan, denpi ou Ayisyen, kadans tanbou toujou la ansanm ak ou, menm jan kreyòl la, se lang ou, li toujou la avèk ou. Ou pote l nan ou. Se ou menm menm li ye.

Apre 1949, 10 ane pase youn dèyè lòt. 10 ane travay. Paske deklarasyon santiman katolik d Ayiti fèt pou djayi sou kadans tanbou, se youn. Fè yo djayi sou kadans ki ann aktivite nan vodou a, se yon lòt kalite afè. Toudabò mwen pa t konn anyen nan kadans vodou.

Mwen fè zanmi avèk moun ki te konnen kadans vodou yo byen, avèk moun ki te konn bat tanbou nan seremoni. Mwen mande yo vin lakay mwen. M achte yon manyetofòn, mwen anrejistre kout tanbou ak chante vodou ansanm ak esplikasyon moun yo te founi m. M koute yo byen. M koute yo konbyen fwa pou m te ka abitye tèt mwen ak kadans vodou yo. Se konsa m vin konnen sa yo rele: Yanvalou, Kongo, Ibo, Daonmen, Kòy, Djouba, Petro, Nago, Mayi, Zarenyen, etsetera. M mande moun ki konnen pou yo danse dans sa yo pou mwen dekwa pou m wè byen tèl kadans ak tèl dans, ak kilès santiman patizan Jezi-Kri, ak kilès lide patizan Jezi-Kri yo kapab kadre pi fasil, pi alèz.

Tanboula

An 1958, Okap Ayisyen, mwen fè parèt yon chante, se “Klète Nwèl”, premye chante Nwèl ayisyen. Li fèt pou kadans yanvalou ak mereng lant, gen plas tou ladan pou yon Booun. Booun nan sa vle di woulman tanbou k ap soutni yon chan envokasyon lemoman tout moun an silans koube byen ba, fwon nan pousyè.

An 1963, m te deja fè yon 30 chante konsa, tout pou kadans tanbou. Chante sa yo mwen rele yo Tanboula. Tanboula, sa pa sèlman vle di tanbou a toujou la ak nou menm Ayisyen, ansanm ak kadans li yo, enpi nou pote yo nan nou, se nou menm menm yo ye. Tanboula, sa vle di tou chante sa yo ta fèt pou yo pase nan ti fèt ki sanble ak Banboula, ki sanble tou ak Tonbola. Sa m te wè nan vizyon m lè sa a, se yon kalite reyinyon katolik ki ta pou rasanble divès kote nan pawas yo, sou pewon legliz, nan kalfou, nan gran lakou, nan jaden, anba pyebwa. Enpi yon fwa moun yo rasanble, yo ta bat tanbou, chante, danse tanboula, esplike pawòl tanboula yo. Konsa, anpil lide ak santiman patizan Jezi-Kri ta repete, yo ta tonbe nan kè moun yo, nouri lespri yo, ede yo wè pi klè nan pwoblèm yo, soulaje yo anba chagren, pèmèt yo retwouve kè poze pami traka k ap boulvèse yo. E tout kalite byen sa yo ta fèt kòmsi se yon plezi k ap dewoule sou kadans tanbou pèp la renmen yo. Se ni chante yo, ni kalite rasanbleman sa yo mwen te rele Tanboula.

Devlopman Tanboula

Lemoman tanboula yo te kòmanse ap chante ann Ayiti, Konsil Vatikan 2 a t ap dewoule. Konsil sa a soutni yon mouvman lang popilè nan seremoni katolik. Sa fè, ann Ayiti, pawòl Legliz ki te laten ak franse tounen pawòl kreyòl. Se konsa reny kreyòl la vin antre nan Legliz katolik ayisyen. Epi, ane 1964, premye plak Tanboula a parèt, kòmanse gaye chante yo toupatou: Tanboula te pouse rasin ki kenbe fèm. Pi ta, ane 1965, chante Tanboula yo soti ak tout mizik yo nan yon ti liv. An 1966, Monseyè ayisyen yo, yo tout ansanm, te tonbe dakò pou m te fè mezi chante kreyòl m ta kapab. Fò m te konpoze 2 seri chante pou legliz: sa pou pè yo chante anwo lotèl, sa pou pèp la chante nan dewoulman seremoni.

Vè 1968, te deja gen lòt Ayisyen ki konpoze chante kreyòl an kadans tanbou. Pou 8 desanm 1977, kominote Sent Mari ki nan Kanapevè, Pòtoprens, fè parèt yon liv chante ki pote 725 chante kreyòl. Si gen 725 ki parèt, sa vle di gen menm 2000 ki te gen tan fèt. Tout volim chante sa yo fèt an kadans tanbou apre 1963. Yo se suit mouvman tanboula a. Mizisyen ki fè chante sa yo gen non yo ekri nan liv la. Pami yo, fò nou nonmen espesyalman Monseyè Frantz Kolimon ki fè anpil travay sou sòm yo avèk divès istwa ki ekri nan Labib. Gras a li menm, anpil paj Labib vin alawotè pou tout moun kapab repete yo fasil an chantan.

Yon delivrans

Lè nou gade jan chante kreyòl devlope anpil yon sèl kou, nou sètoblije di tanboula a, se te yon delivrans. Anpil moun kapab di santiman yo an chantan. Kadans tanbou ak kadans lang kreyòl yo deja tout kadre ansanm san pwoblèm. Yon vye swadizan pwoblèm tankou traka Monseyè Legwaz te soulve a pa gen okenn plas ankò, nanpwen moun ki sonje vye koze konsa ankò. Si mwen ta vle mete Se konviksyon m, se lide m nan yon chante, anyen pa t ap wete ni mete sou 7 silab sa yo. Men pa egzanp m ta fè yon Nago konsa:

Se konviksyon m, se lide m,

Se ladan m ape viv

Se konviksyon m, se lide m

Se ladan m ap mouri.

Kominote Sent Mari

Fò di tou kominote Sent Mari a kenbe tanbou a fèm nan Pòtoprens ak nan tout peyi a. Divès ekip tanboula soti Sent Mari vwayaje al nan prèske tout pawas al fè misyon tout an tanbou. Tout pawas voye ekip vin fè retrèt Sent Mari. Nan retrèt sa yo, moun yo aprann chante kreyòl yo ak tout kadans tanbou ki kadre ak chak chante. Mouvman tanboula a an mèvèy nan tout Ayiti. Mouvman kreyòl la tou.

Yon lespri nouvo

M kwè, gras a tanboula, kreyòl pran fil nèt. Se paske lè w ap chante santiman Levanjil la an kreyòl, ou sètoblije kòmsi w ap envante nouvo pawòl tout tan pou rann yon lespri nouvo k ap djayi anndan tèt ou, k ap djayi tou nan espas ant ou menm ak lòt pwochen yo. Anpil Ayisyen k al vizite kominote Sent Mari, sa k frape yo se nouvo sekous k ap soulve tout moun nan kominote kreyòl sa a. Moun yo gen yon anvi viv sou yo dèske yo santi tèt yo leve dapre yo kapab di an kreyòl tou sa yo panse. Yo dekouvri jan kreyòl la valab, jan yo menm menm yo valab tou e lòt moun fèt pou respekte yo. Yo gen yon gonm ki rasanble kè yo ansanm-ansanm. Pami yo, gen jenn gason ak jenn madmwazèl 18 an, se nan tanboula yo grandi, se li yo konnen, se ladan yo santi y alèz.

Yon lòt pwen enteresan, se fason tanbou a bat, lò se tanboula. Se pa tout tanbouyè ki kapab bat tanbou pou tanboula a byen konfòme. Ou kapab fò nan tanbou dyaz, ou fò nan tanbou vodou, enpi ou pa kapab bay satisfaksyon nan tanboula, paske taboula se yon lapriyè, tanboula se kè patizan Jezi-Kri k ap pale ak Bondye, k ap devlope santiman ki anrasinen nan lafwa. Fò moun ki sou tanbou a gen-yen menm lafwa sa a, menm santiman sa yo ap fleri nan kè l: alèkile, frape l frape tanbou a, se menm fleri a k ap devlope an fòm kadans tanbou. Konsa, li fè tanbou tounen yon benediksyon k ap anrichi bon santiman nan tout kè, k ap leve kè nou met anlè, k ap simaye yon sekous limyè nan tout nou menm ak tout alantou kote n ap viv.

Yon nouvo jenerasyon

Tanboula gen tou sa ki fo pou l devlope. Fitentan, jèm tanboula k ap pouse kounye a ap jèmen vin pouse yon gran gran pyebwa. Kadans ki ann aktivite jodi a ap devlope, y ap pouse lòt branch, y ap donnen lòt kadans. Yon nouvo jenerasyon ap grandi: se jenn sanba, jenn tanbouyè, jenn chantè, jenn dansè. Yo gen kè yo rich ak limyè Jezi-Kri. Y a pral envante yon kantie flè mizik, chante ak dans. Nan 25 an ankò, limyè tanboula sila a, dènye ras moun sou tè a va rekonèt li s onw mèvèy estwòdinè.

Joseph Ogisten

 

Kite yon repons