Chabon bwa: yon lòt sistèm chodyè ki bay bon rannman

Libète

12 – 18 jiyè 1995 * Ane 3 * No 146

Chabon bwa: yon lòt sistèm chodyè

ki bay bon rannman

T

out moun ki etidye fason yo pwodui epi sèvi ak enèji nan peyi Dayiti rekonèt se ak bwa, ak chabon bwa yo sèvi pi plis nan peyi nou an. Chabon bwa reprezante 65 pou 100 nan kantite enèji peyi a itilize. Alòske bwa li menm reprezante 69 pousan.

Pi gwo pati chabon yo itilize nan peyi a, se moun lavil ki achte l. Dapre etid ki fèt sou kesyon sa a, apeprè 100 mil tòn chabon itilize lavil chak ane pou fè manje. Chabon sa a fèt ak 700 mil tòn bwa chèch ki reprezante 15 pou 100 kantite total bwa ki sèvi nan peyi a. Sa vle di, chabon bwa reprezante yon gwo pati nan pwoblèm enèjetik ak pwoblèm debwazman nan peyi Dayiti. Sa vle di tou, soulajman pwoblèm sa yo ap posib, si yo rezoud pwoblèm sèvi ak chabon pou kuit manje.

Nan peyi nou, moun lavil kuit manje sou recho. Rannman recho a pa depase 20 pou 100. Konsa, se sèlman 20 pou 100 chalè chabon an bay lè l ap boule nan recho a, ki sèvi dirèkteman pou kuit manje a. Sa vle di, 80 pou 100 rès chalè a gaspiye. Yon sistèm ki t ap kapab ogmante rannman recho a pou kuit menm kantite manje a gen plizyè konsekans:

- L ap diminye kantite chabon mèt recho a bezwen pou kuit manje l,

- L ap diminye kantite bwa yo sèvi pou fè chabon sa a,

- L ap diminye tou lajan mèt recho a depanse pou l achte chabon,

- L ap redui kantite lafimen recho yo bay lè manje ap kuit. Yon lafimen ki reprezante yon danje pou tout moun ki respire l.

Nan Kenya, yon peyi an Afrik, anpil etid fèt sou fason pou amelyore rannman recho ki sèvi ak chabon. Foto ki mache ak tèks la esplike kouman yo fè nan Kenya, pou ogmante rannman recho pa yo a ki rele jiko. Recho ansyen yo fèt an fè e yo chita sou 3 pye. Yo gen yon ti pòt anba kote pou wete sann nan. Anlè yo gen yon griy ki chita sou 3 zòrèy kote yo mete chodyè a. Anndan an, yo mete chabon pou kuit manje a. Desen nimewo 1 an montre kouman yo fè. Nouvo recho a fèt an fè tou. Men, fòm li diferan. Anba l, gen yon ti pòt kote pou retire sann paske se nan pati anba a sann nan fè pil. Nan pati anwo a, yo mete yon bokit seramik kote yo mete chabon pou kuit manje a. Seramik se yon materyèl ki fèt menm jan ak brik. Bokit sa a ka fèt tou an tè glèz. Nan anba bokit la, gen yon twou pou sann nan tonbe pandan dife a ap boule. Anwo recho a, nou ka wè 3 zòrèy kote yo mete griy ki sipòte chodyè a. Bokit seramik la enpòtan anpil paske li sèvi kòm yon rezèvwa pou kenbe chalè dife a. Sa vle di, mwens chalè gaspiye. Kidonk, yo sèvi ak mwens chabon pou kuit menm kantite manje a. Desen nimewo 2 a montre kouman l fèt.

Ak nouvo jiko a, rannman recho nan Kenya soti nan 20 pou 100, pou l rive 30 pou 100. Si nou ta sèvi ak sistèm sa a ann Ayiti, nou ta bezwen sèlman 67 mil tòn chabon ki reprezante 133 mil tòn bwa. Sa ta bay gwo pwoblèm debwazman nan peyi a yon ti souf. Sa ta bay pèp la yon ti souf tou sou plan ekonomik, paske nouvo recho a pa koute chè. Paske li sèvi ak mwens chabon, kwak recho a li menm koute pi chè. Fòk nou souliye, rannman recho sa yo kapab miyò ann Ayiti paske, desen recho ayisyen an pi enferyè pase desen ansyen recho nan peyi Kenya a.

Pou nouvo sistèm sa a pran pye ann Ayiti, m kwè gouvènman peyi a, espesyalman sekreteri deta Min, fèt pou eseye yon pwogram nan tèt kole ak fèblantye, moun ki fè brik osnon potri, ak gwoup fanm ki enpòtan anpil paske, sèl jan pou rezoud pwoblèm teknik sa a, se bay prensipal moun ki pral sèvi ak nouvo recho yo, yon wòl egal ego nan pwojè sa a. M panse tou, konstriksyon yon bokit seramik ki bon mache, ki dirab e ki kapab sipòte chalè a, se yon pwoblèm ki pral mande konkou teknik gwoup etranje.

Maks Blanchè

 

Kite yon repons