| BON NOUVÈL |
Ayiti peyi mwen
Zonn Platosantral
Plato santral la vin tounen yon depatman alèkile. Li rele depatman disant. Li koumanse depi pran nan fwontyè panyòl, vire Mibalè, Piyon, Sèkalasous. Se yon gran gran platon kote yo gade bèf anpil. La gen anpil savann.
Nan tan lakoloni, se nan men panyòl yo Plato santral la te ye. Yo te konn fè anpil gadinay nan savann yo. Blan franse yo pa te janm vle pran chans al rete la. Yo te pè blan panyòl yo. Men tou yo te pè nèg mawon yo ki te konn al kache la nan rak bwa yo. Se yon zonn ki lwen lanmè. Yo te pito rete bò lanmè. Sa te pèmèt yo fè komès yo pi byen. Se apre premye Janvye 1804, abitan yo te pran zonn sa a nan men panyòl yo. Lè sa a otorite lame a t ap fòse tout moun ki pa gen metye pou yo al travay latè. Anpil abitan te wè sa twò di, yo te kraze rak. Konsa anpil nan yo bwaze nan zonn plato santral la.
Abitan yo te kwense kò yo nan kote ki donnen anpil manje sitou: bò larivyè yo, nan gòj yo, anba pye mòn yo, nan platon yo. Nan plas gadinay bèt, abitan yo mete jaden yo. Nan jaden sa yo nou jwenn divès kalite rekòt: kann, bannann, mayi, koton... Abitan yo gade kèk bèt tou jouk kounye a: bèf, kabrit, mouton, kochon. Se sitou bèt sa yo ki rapòte yo ti lajan yo bezwen nan ane a.
Bò fwontyè a Ayisyen ak panyòl, fè komès rèdmare. Se zonn kontrebann. Pi gran vil nan Plato santral la, se Ench. Moun plato yo fè komès sitou ak vil Okap, vil Gonayiv, enpi Pòtoprens pa Mibalè.
Plato santral la se peyi kako yo
Sa fè prèske 3 syèk denpi se travay latè k ap bay peyi a tout ekonomi li bezwen. Nan lakoloni, se esklav yo ki te konn fè travay latè. Yo te revòlte. Men apre lendepandans peyi a, gwo chèf lame yo te fòse abitan yo al fè travay fòse nan gran bitasyon yo. Abitan pa t dakò al travay fòse nan gran bitasyon grannèg. Konsa yo te revòlte kont sa. Abitan ki te revòlte, yo te rele yo Kako nan zonn plato santral ak zonn nò a. Yo te rele yo Pikè nan zonn sid la. Nan tan lontan ni kako ni pikè te blije goumen anpil ak grannèg yo. Se te yon batay kote abitan t ap defann dwa yo. Men kisa abitan yo t ap reklame: latè pou yo fè jaden yo, dwa pou yo vann ti afè yo san yo pa peye twòp lajan nan mache.
Nou ta mèt di, kako ak pikè yo, se eritye nèg mawon yo, se eritye solda yo ki te fè lagè lendepandans la. Osito peyi a te fin pran lendepandans li, te deja gen kako nan tout rak bwa nan zonn plato santral la. Nan lane 1869, se premye fwa yo te sakaje vil Pòtoprens. Jouk rive nan ane 1915, yo te toujou menase vil Pòtoprens. Blan meriken te vin pran peyi a nan men nou le 28 Jiyè 1915. Lè sa a Rozalvo Bobo rasanble yon kòlonn kako, enpi li te koumanse krabinen blan meriken.
Blan meriken yo te mete tout moun nan travay fòse. Yo te dezame tout abitan. Yo te kontwole fwontyè a. Yo te tanmen touye moun kon rat. Lè sa a 15 mil kako koumanse yon kokenn chenn batay ak yo. Moun mouri kon mouch, pandan sizan. Anpil ti bouk disparèt nèt anba zam blan yo. Gen plis pase 50 mil moun ki mouri nan batay yo. Pi gran chèf kako yo se te: Charlemagne Péralte. Yo te sasinen l le premye Novanm 1919 nan plato santral la. Avèk lanmò sa a, lagè kako yo te fini.
Men alèkile granmoun lontan yo konsève tout istwa kako yo nan tèt yo. Yo kontinye rakonte bèl istwa sa yo ki tounen bèl kont, bèl chanson. Tout timoun ki pa al lekòl, kontinye aprann istwa peyi a nan fason sa a.
Al koupe kann
Lè Kiba ak Repiblik Dominikèn te enstale izin pou fè sik lakay yo, se ann Ayiti to te voye chache moun pou al koupe kann. Yo te chache yon mannyè pou yo fòse abitan sa yo asepte nenpòt ki ti kras kòb. Moun plato santral la, se nan panyòl yo ale sitou. Konsa denpi lontan tout richès 2 peyi sa yo te chita sou do abitan ayisyen. Se kan ki fè gwo ekonomi peyi sa yo.
Abitan sa yo te pase anpil tray. An 1937, panyòl yo te masakre Ayisyen kon rat. Ni Kiba, ni an Dominikani yo te trete Ayisyen sa yo tankou bèt. Men joukounye a bagay la kontinye pi rèd an Dominikani.























