| BON NOUVÈL |
Ayiti peyi mwen
Zonn Pòtoprens
Kijan Pòtoprens grandi
Bò lane 1950, Pòtoprens te gen 140 mil moun. Nan lane 1970 li te rive gen yon demi milyon moun konsa. Lè nou rive nan lane 1985 Pòtoprens ap vin genyen yon milyon moun kanmenm. Foul moun sa yo k ap ale vini, k ap rantre soti, nan vil la, transfòme Pòtoprens nèt. Men, sa ki fè gen moun konsa nan vil la? Anpil abitan pa vle rete andeyò ankò. Yo rantre lavil. Moun yo kon-tinye ap fè pitit kon rat. Enpi tou, gen vaksen piki. Konsa moun pa mouri vit tankou nan tan lontan.
Kòlonn moun sa yo ki rantre soti an pwovens yo, fonde yon bann lakou foumi toupatou nan vil. Nan lakou sa yo moun ap viv pil sou pil. Se katye pòv yo: Bwouklin, Tokyo, Lasalin.
Men tou gen anpil bèl katye gwo moun yo, moun rich yo fonde. Katye sa yo pote non: Tijo, Dèlma, Boudon. Soti Petyonvil moute Kenskòf, se la gwo zouzoun yo rete, nan bèl palè, bèl balkon. Nan mitan moun pòv ak moun rich yo gen yon kategori moun yo rele klas mwayèn nan. Se nan mitan yo, ou jwenn plis arivis. Yon arivis, se yon moun ki soti nan mas pèp la, ki moute, l ap bat pou l rive nan klas moun rich yo.
Pwoblèm Pòtoprens
Moun andeyò yo rantre lavil. Yo kwè Pòtoprens se yon paradi. Men, lè yo la, yo nan pwoblèm.
Pwoblèm jwenn yon ti kwen pou w viv, se pi gwo tray moun lavil yo. Nanpwen kay pou moun rete. Yo mande twòp lajan. Gen kèk koridò kote moun sou moun tankou mouch. Epi, sa k dòmi, anba galri... se yon wont pou peyi a.
Yon lòt grav pwoblèm, se bay tout moun sa yo manje. Gen yon 30 mache konsa kote tout moun sa yo jwenn pwovizyon pou yo achte. Men manje abitan ap rekòlte nan jaden yo, pa kont menm. Tout bagay vin pi chè chak jou. Malgre gen 1.300 madansara ki rantre chak jou Pòtoprens vin vann pwovizyon, manke manje kanmenm.
Twazyèm grav pwoblèm Pòtoprens, se pwoblèm deplasman. Yon sèl gran wout nan vil la kote ti kamyonnèt taptap yo ap fè lago lago tout lasent jounen, se Granri a. Li kon-tinye jouk rive Kalfou. Bò 8 tè dimaten, se lè tout magazen louvri, tout lekòl koumanse, tout aktivite sou pye. Bò 4 trè apremidi, se lè yo tout ap fèmen. Nan lè sa yo, lari yo pa gen kote pou w pike zepeng ak moun, ak machin. Ou blije pèdi anpil tan pou w soti la al la. Lè sa yo, si w pa fè atansyon, machin fè w tounen ti filang ti filang.
Repiblik Pòtoprens
Pòtoprens se tankou yon repiblik nan mitan repiblik Dayiti a. Sou chak 100 Ayisyen, gen 11 k ap viv lavil Pòtoprens. Se Pòtoprens ou jwenn tout gwo lekòl, gwo labank, gwo lopital ak gwo doktè, tout gwo magazen konmès. Se la tou nou jwenn tout gwo biwo kote chèf yo rete. Tout gwonèg save yo, se la yo rete.
Pouvwa lajan se nan Pòtoprens sa rete. Tout lavi Pòtoprens se sou do abitan andeyò sa chita. Se travay abitan ki fè lajan mache nan peyi a. Se pwovizyon abitan nan mòn ki nouri tout moun lavil. Pòtoprens, se twòkèt la, chay la se jaden abitan yo. Moun ki nan peyi etranje yo, voye ti kòb tou. Men tout ekonomi lajan peyi a, se sou do abitan andeyò sa chita. Se lavil Pòtoprens ki alatèt peyi a. Se pou sa yo rele Pòtoprens "kapital".
Alantou Pòtoprens
Gen 3 gran platon ki viwonnen Pòtoprens. Se plenn Lakayè a, Plenn Kildesak la, ak plenn Leyogàn nan. Plenn sa yo gen dlo ki wouze yo, menm nan tan lesèk.
Nan tan lakoloni, se tabak, koton ak gadinay, yo te fè nan plenn Lakayè a. Apre, yo te vin mete kann nan tout plenn nan, bò lane 1735. Te gen 150 izin sik nan plenn Kildesak la, 70 nan plenn Leogàn nan. Larivyè Momans wouze plenn Leyogàn nan byen wouze.
Alèkile se kann nou jwenn plis nan plenn sa yo. Se bon tè ki donnen anpil danre. Se nan men grannèg tè sa yo ye sitou. Gen kèk kote nan plenn sa yo ki pa jwenn dlo. Se pit yo plante nan yo. Ni nan plenn sa yo, ni nan tout mòn yo alantou vil, gen anpil abitan k ap travay jaden yo pou yo nouri moun lavil la. tout legim ak bannann nou wè nan vil la, se oubyen nan plenn sa yo, oubyen andeyò nan pwovens yo soti.
Kounye a vil Pòtoprens ap vin pi laj chak jou. Se bò zonn nò ak bò zonn nòdès l ap grandi, l ap laji. Nan tan lontan bò zonn sid ak sidwès li te laji, li te blayi kò l.
























