| BON NOUVÈL |
Ayiti peyi mwen
Zònn Nòdwès la
Yon zonn ki pa gen lapli
Se yon zonn sèk nèt kote lapli pa tonbe souvan. Konsa larivyè yo pa gen kont dlo pou fè awozay. S ak fè sa?
Van yo, alize ak nòde pa pote lapli nan zonn sa a. Pa gen mòn ki wo pou bare pasay van yo. Tout van toujou pote anpil anpil ti gout dlo, nou rele vapè. Lè mòn yo bare van yo, van sa yo blije moute anlè. Y ap chache travèse tèt mòn yo. Konsa yo moute, y al fòme nwaj ki bay lapli.
Zonn Nòdwès la gen yon ti mòn nan mitan de platon, ki rele Plenn Janrabèl ak Plenn Delab. Se sèlman nan mòn sa a gen ti lapli pi souvan.
Pa gen lòt mannyè pou sove zonn sa a pase 3 sa yo: plante pyebwa, fouye pi, pa kite ti dlo ki nan larivyè ki la yo gaspiye al tonbe nan lanmè. Abitan yo pou kont yo p ap janm rive fè travay sa yo.
Yon zonn ki pa janm manke grangou
Listwa rakonte nou, nan lane 1750 anpil moun te kite Kanada pou yo vin viv isit. Yo te voye viv nan zonn Nòdwès la. Yo tout te peri. Grangou te touye yo. Sa ki lakòz grangou pa janm manke a, se lapli ki pa tonbe.
Yon zonn kote tout moun ap mouri grangou a
Se zonn kote gen pi plis moun ki pati Naso. Y ap kouri pou grangou a. Yo pati san papye, nan kannòt. Vwayaj la se yon bagay ki tris, ki fè dlo koule nan je anpil moun. Nou pa ka konte moun ki mouri nwaye nan lanmè anvan yo rive. Ni nou pa ka konte moun yo arete voye tounen anvan yo rive. Epi se moun ki te depanse 300, menm 400 dola pou yo pati. Yo te vann tout ti sa yo te genyen.
Sa ki gen chans rete Naso, toujou voye kòb pou sove fanmiy yo. Yo konte kapab gen yon 40.000 Ayisyen konsa k ap travay Naso. Lòtbò a yo fè travay ki pi di, men yo jwenn lajan pou sa. Yo pa chanje mannyè yo te konn viv ann Ayiti lè yo rive lòtbò a.
Yo travay yon ti moso tè, yo sekle, yo plante tou. Men gen yon diferans. Ak lajan yo genyen, yo achte chari, ponp, pou yo travay tè pi byen. Konsa yo moutre, si yo te jwenn yon bourad ann Ayiti, yo ta kapab fe pwogrè tou.
Abitan ki te pechè isit, kontinye fè lapèch Naso. Men li achte yon bato ak motè. Sa moutre nou kapasite yon abitan genyen pou l fè pwogrè, si li pa gen malveyan k ap toupizi l.
Si anpil fwa abitan yo dekouraje, se pa fòt yo. Se sou ti travay yo y ap viv. Lè pri danre yo bese, se yo ki sibi chòk la pi plis. Lè tou, olye yo jwenn ankourajman, se pèsekisyon anba ponyèt chèf ak espekilatè, sa w vle yo fè!
| Lanmori Ayiti Tomas | ||
| Pou pare bon manje sa a, ou bezwen sèlman yon moso lanmori, piman vèt, zonyon ou echalòt, yon kiyè vinèg, lwil ak sitwon.
Mete lanmori a nan dlo sitwon, jouk li desale. Apre ou mete li kwit nan dlo sou dife pou l pa vin di. Fri zonyon an, echalòt la e piman vèt la. Degoute lanmori a byen degoute, e mete l nan zonyon k ap fri, avèk yon kiyè vinèg. Sèvi lanmori a ak yon salad zaboka, patat ou yanm |
||























