| BON NOUVÈL |
JEOGRAFI
Ayiti peyi mwen
Dapre liv Jòj Anglad: Mon pays d'Haïti!
Lavi abitan andeyò yo di anpil. Men yo tout pa sibi menm kalite toumant. Lè nou etidye byen jan lanati a ye nan peyi a, nou kapab di: abitan yo ap viv nan 6 zonn ki pa menm jan. Genyen nan zonn sa yo ki gen plis mòn pase lòt. Genyen menm ki jwenn plis lapli pase lòt. Gen de kote menm, se platon sèlman. Konsa gen abitan ki viv pi alèz pase lòt, dapre zonn kote l ap viv la. Men 6 zonn yo: Zonn nan Nò, zonn nan Sid, zonn Nòdwès, zonn platon ak gòj Latibonit la, zonn Pòtoprens, zonn Plato santral la. An nou wè yo youn an youn.
Zonn nan Nò
Denpi pran bò zonn Obòy jouk rive Fòlibète, denpi pran bò zonn Pilat jouk rive Montòganize, se zonn nan Nò. Zonn sa a gen anpil platon ak mòn. Zonn sa a gen plis moun, plis abitan pase tout lòt yo. Lanati a pèmèt abitan sa yo viv yon ti jan pi alèz paske gen lapli souvantfwa. Lèfini lakilti a mache byen tou.
Vil ak Bouk
Bouk ak vil yo la nan zonn sa a tankou yon volin kalfou kote abitan andeyò ak espekilatè rantre pou yo fè komès la mache. Yo tout pa gen menm grandè ni menm enpòtans, ni menm fòs moun. Pi gran vil la Okap, gen yon 46.000 moun konsa. Antou, nou jwenn 37 vil ak bouk nan zonn nan.
Lapli
Lapli tonbe anpil nan zonn Nò a. Se 2 kalite van ki pote lapli sa yo. Van sa yo rele: Alize ak Nòde.
Abitan andeyò nan zonn Nò a pwofite tan lapli sa yo pou yo fè anpil rekòt. Nan peyi nou, ann Ayiti, se 2 sezon sèlman ki genyen: yon sezon sèk denpi pran mwa desanm jouk rive mwa mas ak yon sezon lapli. Nan sezon sèk la se pitimi, manyòk ak yanm nou plis jwenn nan jaden yo.
Gen yon kote nan Nò a ki prés pa jwenn lapli anpil menm. Se denpi pran Otrou, pase Fòlibéte, jouk Valyè. Anpil abitan nan mizè lòt bò a. Nan lane 1926-1927 yo te pèdi tout tè yo te genyen. Gwo izin pit Faeton ak Derak yo te bezwen anpil tè. Konsa zotobre yo te pran tè abitan yo kareman.
Ekonomi
Nan zonn Nò a, abitan yo sanble kò yo pou yo viv anba pye mòn yo, nan gòj mòn yo, nan platon ki gen lapli, enpi ki kenbe dlo yo. Plis rekòt yo se: kafe ak bannann. Nan tan esklavaj, mòn yo te kouvri ak plenn kafe, platon yo te boure ak kann. Kounye a se pa menm jan.
Gen espekilatè k ap achte kafe nan men ti abitan yo. Se espekilatè sa yo ki pote kafe a vann nan gwo vil yo kote batiman vin pran yo pote nan peyi etranje. Espekilatè sa yo fè anpil kòb sou do ti abitan yo lanmizè ap touye. Se travay ti abitan yo sèlman ki fè kafe a donnen nan jaden yo. Men yo pa jwi anyen nan laswè travay yo. Yo toujou fè dèt davans lakay espekilatè yo. Konsa, yo toujou gen yon enterè anplis pou yo peye lè kafe a bon. Konsa, se abitan yo k ap fòse travay tankou bèt, pou yo angrese yon volin grannèg ki chita ap fè gwo kòlèt nan bouk yo ak nan vil yo.
Nan limit Ayiti ak peyi panyòl yo, denpi pran Wanament jouk depase Montòganize, abitan yo konn gade myèl, enpi tou yo fè konmès kleren ak panyòl yo. Nan kontrebann, se pa de bagay yo achte lòtbò. Konsa yo menm yo vann tou.
Gran platon yo kote tè a bon anpil, se nan men grannèg lavil yo ye. Anpil nan yo plen kann, kafe, ak zoranj. Si gen abitan k ap travay sou yo, se dimwatye yo pran. Gen de lè tou se pou grannèg sa yo y ap travay. Yo touche yon ti monnen pou sa. yo tankou zonbi: y ap travay pou yo angrese grannèg, men yo pa konprann si se esklavaj y ap fè la a.
























