AYITI PEYI MWEN PRESKIL SID LA

BON NOUVÈL

Ayiti peyi mwen

Preskil Sid la

Mòn ak siklòn

Sa ki fòme Preskil sid la, se yon mòn long, long. Toupatou nan mòn sa a, gen yon bann gòj kote kèk larivyè ap koule al tonbe nan lanmè, bò zonn Lagonav oubyen bò zonn Lilavach. Men tou, gen kèk gwo plenn ak platon, tankou plenn Okay la ak plenn Leyogàn nan, tankou platon ki soti Aken, ki pase Fondènèg enpi ki abouti Tigwav la.

Anpil lapli tonbe nan zonn preskil sid la chak ane. Gen nan lapli sa yo se van alize ki pote yo, gen lòt se lapli nò yo ye. Gen lòt menm, se van ki soti nan lanmè Karayib la ki vini avè yo. Tankou nan tout peyi a, gen yon sezon sechrès ak yo sezon lapli.

Bagay moun nan sid pi pè se siklòn yo. Nan tout peyi a, se zonn sid la siklòn yo toujou ravaje pi rèd. Men kèk siklòn ki pase nan sid la deja:

Hazel : Oktòb 1954

Greta : Oktòb 1956

Ella : Sektanm 1958

Flora : Oktòb 1963

Cléo : Daou 1964

Inez : Sektanm 1966

Chak siklòn ki pase fè anpil dega nan kraze kay, kraze jaden, ravaje moun, touye bèt. Nan tan lontan, yo te entèdi bato vwayaje nan lanmè karayib la akòz siklòn sa yo. Men alèkile ti kannòt nou yo pa pè pran lanmè pou yo ale menm jouk Naso, Miami. Nou pa bezwen mande konbyen moun ki toujou mouri nan lanmè.

Mwa daou, sektanm, oktòb, se mwa malè pou zonn sid a. Se mwa pou tout moun toujou pran prekosyon tou. Pa vwayaje lwen nan vye kannòt ki pa fin bon.

Nan tan siklòn, men sa ki fè plis dega: se van yo ki vante ak fòs, se larivyè yo ki anvayi tout kote, se lanmè a tou ki moute, enpi ki an mouvman. Ravaj bagay sa yo fè se yon malè ki terib anpil.

Apre chak siklòn, pyeplant yo pèdi fèy yo. Lè konsa, nanpwen lonbray ankò pou jaden yo. Dizès mete pye, sechrès anvayi toupatou. Yon kokenn chenn grangou rantre. Se pa bagay pou nou ta wè. Sa ki pi rèd la atò, se tout kòlonn maladi ak epi­demi ki vini apre. Siklòn yo touye moun nan tout raje, men tout sa ki pa mouri blese. Nanpwen renmèd. Mezanmi, se tande pale pa wè.

Se peyi Pikè yo

Nou te pale deja sou lagè Kako yo nan Nò, ak man Plato santral la. Lagè Kako yo ak lagè Pikè yo nan Sid la, se prèske menm bagay. Ni Kako ni Pikè, yo tout t ap goumen pou menm bagay: latè pou yo travay, dwa pou yo vann danre yo san pèsonn pa esplwate yo, pa souse san yo tankou pinèz. Depi 1804, abi­tan yo ap lite, ap batay, nan soufrans, pou yo reklame dwa yo tankou Kako yo nan Nò, abitan yo te blije fè bann nan Sid la, sou zòd yon volin chèf ki pa t konn fè bak devan okenn danje, tankou Goman, Acaau, Jean-François, Mouline, Jeannis ets.

Depi pran nan mòn Jeremi yo jouk rive nan mòn Jakmèl yo, se pa bann abitan yo t ap goumen toupatou pou yo defann lavi yo, ak byen yo. Gwo nèg yo te konbat yo anpil tou. Abitan mouri kon chwal nan lagè sa yo. Anpil nan chèf yo te reziste jouk yo bay dènye souf yo. Sa ki te vin sispann mouvman Pikè yo, se lè anpil nan yo te al koupe kann Kiba, men tou se lè yo te vin dezame tout abitan yo.

Abitan yo toujou ap konbat pou defann tè yo. Men alèkile yo prèske pèdi tout bon tè laplenn yo. Se vye zo wòch di nan mòn yo lapli ak van fin lave yo sèlman ki nan men yo. Bon venn tè ki wouze, ki donnen manje yo, se nan men grannèg sèlman yo ye. Konsa alèkile, abitan yo tanmen kouri vin chache lavi lavil. Anpil nan yo chache pati al travay lòtbò. Sa ki mouri nan lanmè se youn, sa ki nan lesklavay koupe kann nan panyòl se lòt.

Onè Respè !

Bat moun

Ann Ayiti toujou, tankou nan anpil lòt peyi, gen yon vye abitid ki la rèdmare: se bat moun. Chèf yo ap bat, mèt lekòl ap bat, papa ak manman ap bat ... Yo te moutre nou nan ti liv Onè Respè a, jan bat moun se yon abitid sovaj ki pa dwe la ankò nan yon peyi sivilize. Ayiti pa dwe sitire sa. Men nou tout nou konnen jan pou yon ti yen, pi gwo vide baton sou pi piti. Grasadye, prezidan Janklòd mande pou kesyon bat moun nan sispann nan peyi a. Fò nou tout ansanm, fè kon nou konnen pou nou derasinen vye abitid sa a nan mitan pèp ayisyen an.

Zanmi koute! Si bò lakay ou gen kèk chèf ki kontinye toujou ap simen makak sou prizonnye, sou moun yo arete pou yo fè yo pale, se pou w ekri Bon Nouvèl vit vit. Men, se pou w gen kouray siyen non ou.

Rele pi bon pase toufe.

 

Kite yon repons