| BON NOUVÈL |
JEOGRAFI
Ayiti peyi mwen
Dapre liv Jòj Anglad: "Mon pays d'Haïti"
Platon ak gòj Latibonit la
Platon ak gòj Latibonit la, se twazyèm gran zonn nou jwenn nan peyi a. Platon ak gòj Latibonit la, se pitit flèv la. Se gwo larivyè Latibonit la ki simen lavi nan zonn sa a. Li bay anpil manje
Gwo Larivyè flèv Latibonit la
Tèt ak sous flèv Latibonit la se nan peyi panyòl li ye. Men se nan peyi nou, ann Ayiti, flèv la koule plis. Ann Ayiti sèlman li gen yon 155 kilomèt longè konsa. Denpi 1950 yo te fè yon gwo gwo miray nan mitan 2 mòn ki bare dlo flèv la. Dlo sa a vin tounen yon gwo basen ki pèmèt yo wouze tè nan platon Latibonit la. Konsa, zonn sa a kapab donnen diri san pran souf tout ane. Kounye a gen yon gwo izin nan miray sa a k ap bay kouran lektrik. Se izin Pelig la, bò zonn Mibalè.
Platon Latibonit la
Lapli pa tonbe anpil nan zonn sa a. Se dlo Latibonit la ki wouze l gras a kannal moun yo fouye yo. Gen anpil kote nan plenn nan ki chèch nèt, tankou savann dezole konsa. Se mitan plenn nan, kote ki byen wouze a, ki donnen anpil manje. Plenn Latibonit la se youn nan zonn nan peyi a kote lakilti a pi bon, bay plis randman.
Bouk ki nan plenn nan
Pi gwo vil ak bouk nou jwenn nan plenn Latibonit la se: Gonayiv ki gen 30.000 moun. Senmak 18.000 moun. Tirivyè Latibonit 9.000 moun. Gòj ak platon Latibonit la, se youn nan kote nan peyi a ki gen plis moun. Moun nan zonn sa a viv an bon vwazinay. Yo konn met tèt yo ansanm pou youn ede lòt nan travay sekle, plante, rekòlte. Se lè gen yon fèt, yon maryaj, yon batèm, yon seremoni vodou, yon lantèman, pou wè kouman moun nan zonn sa a konn reyini ansanm pou youn pataje lapenn lòt.
Manje ki soti Latibonit
Zonn sa a bay anpil manje. Se bouk Lestè ki gen pi gwo mache kote tout moun nan zonn nan rasanble pou yo vann, achte. Se diri yo fè plis. Larivyè Latibonit la toujou pote anpil kabinay lè li desann. Li depoze fimye sa yo toupatou nan tout plenn nan. Sa sèvi pou pèmèt pye diri yo pouse ak manm.
Men tou, plenn nan bay anpil lòt viv tou: pwa, patat, bannann. Bò mwa desanm jouk rive mwa mas, se plis legim li bay: tomat, berejenn, tabak. Konsa, nan yon jaden, se plizyè kalite danre abitan yo fè an menm tan. Jaden yo la sitou pou bay moun yo nan kay la manje. Abitan yo pa gen abitid manje nan mache. Yo manje nan jaden yo. Sa yo vann nan mache, se sèlman sa ki nesesè pou yo achte rad, savon ets. Chak lane ti moso tè chak abitan ap vin pi piti. Poukisa? Enben, gen anpil plis timoun k ap kontinye fèt chak lane. Anba pye mòn yo ki alantou Latibonit la, danre moun yo fè plis se kafe. Lè ou avanse bò zonn lavil Gonayiv, tè yo pi chèch. Se plis koton, ak disèl moun yo fè. Bouk ki rele Grann Salin nan menm, li espesyalis nan fè sèl pou lakizin.
























