Antreprenarya
Joseph D. Chery, BBA, MA, Financial Consultant
Jan sistèm ekonomik la òganize jodi a, ak gwo konpetisyon chen manje chen ki genyen ant divès konpayi k ap anplwaye moun, sa konn lakòz anpil nan konpayi yo fèmen pòt yo, epi voye travayè yo al chita lakay yo. Youn nan konsekans sa vin genyen: anpil moun pèdi kay yo, ti ekonomi yo te fè depafini nan men yo. Kidonk tout sakrifis yo te fè, se te mouvman nil.
Dapre espè nan kesyon travay ak chomaj, youn nan meyè fason pou moun evite tonbe nan sityasyon pa konprann sa a, se kreye pwòp antrepriz pa w, pwòp biznis pa w. Kidonk, antre nan domèn antreprenarya , tounen yon antreprenè, jan yo di sa nan langaj ekonomi.
Ki sa antreprenarya ye? Ki sa sa mande?
Antre nan antreprenarya se kreye pwòp biznis pa w. Men se pa sèlman ouvri pòt biznis ou a ki antreprenarya a. Gen plizyè faktè fondamantal nan antreprenarya.
Premye faktè a se moun. Nan baz tout aktivite antreprenarya, gen yon moun ki gen yon gwo rèv nan kè l, k ap travay rèv la, k ap devlope rèv la, k ap nouri rèv la san rete ak lide, ak refleksyon ak pasyon, ak anvi pou l reyisi. Moun lan rive nan on pwen kote li santi li ka envesti tout tan l, tout resous li nan pwojè a. Fòk se on moun ki tou natirèlman renmen pran inisyativ, yon moun ki santi fòk li endepandan, fòk li pa depann sou pyès moun pou l pran desizyon l.
Fòk se yon moun ki veyatif, on moun k ap obsève tou sa k ap pase nan zòn kote l ap viv la. Epi kou li wè yon opòtinite parèt devan l, li pa pèdi tan, li aji prese prese; apre li fin evalye sitiyasyon an, li kòmanse fè aksyon.
Sa mande pou moun lan, san li pa aji tankou yon azaryen, tankou yon tèt cho k ap depanse lajan san gade dèyè, pa pè pran ris, men ris ki chita sou kalkil, ris ki baze sou bon jan analiz anviwònman ekonomik kote li pral mennen aktivite a, bon jan analiz k ap pèmèt li rive konprann klè pwobabilite ki genyen pou biznis lan reyisi.
Sa mande pou moun lan gen bon jan disiplin, pou li pa fè anyen vaykevay, pou l mennen aktivite biznis li selon yon plan ki byen defini, byen bati.
Sa mande pou moun lan pèsistan, pou li pa nan mòde lage. Se pou li fè tout sa k nesesè pou aktivite biznis la bay rezilta.
Sa mande pou moun lan gen konfyans nan tèt li. Menm si tout moun ta gen dout sou reyisit bizniz la, fòk li menm, li kwè tout bagay ap pase byen.
Sa mande pou moun lan gen kapasite pou l rale lòt moun dèyè l, moun k ap suiv li nan pwojè a, moun k ap aksepte lide li devlope yo.
Sa mande pou moun lan gen imilite, pou se pa yon moun ki pè fè bak, ki pè gade dèyè, ki pè evalye travay li, evalye pwòp tèt li pou l wè ki sa ki merite korije oubyen amelyore.
Sa mande pou moun lan gen bon kalite moral, pou l mete enterè kliyan l ap sèvi yo anvan enterè pa l, pou l chwazi fè sa ki moral nan tout sityasyon menm si rezilta a pa an favè l.
Dezyèm faktè enpòtan nan egzistans on aktivite antreprenarya, se Plan Biznis la.
Ki sa yon plan biznis ye? Ki enpòtans li genyen nan siksè antreprenaria?
Yon plan biznis se yon dokiman yon moun ki pral kòmanse yon biznis prepare pou l di ki jan de biznis li ye, ki jan li pral jere biznis la epi ki sa li pral fè ki diferan ak sa lòt bizinis parèy li fè pou biznis la fè pwofi. Plan biznis la enpòtan tou pou moun ki ta enterese vin envesti ladan l oubyen pou enstitisyon ki ta kapab gade posibilite pou yo prete biznis la kòb pou l fonksyone.
Ki sa yon plan biznis dwe genyen anndan l?
- Yon plan biznis ki solid dwe kòmanse ak yon rezime, yon ti paragraf tou kout, ki di ki sa biznis lan ye, kalite pwodui ak sèvis li pral ofri, opòtinite li ka ofri envestisè. Ti rezime sa a enpòtan anpil paske yon envestisè oubyen yon enstitisyon ki kapab finanse pa p pran tan pou yo li tout detay ki nan plan an. Rezime a dwe pèmèt yo konnen byen rapid tou sa ki enpòtan pou yo konnen sou pwojè a.
- Yon bon plan biznis dwe montre konesans antreprenè a genyen sou mache li vle antre ladan l lan. Li dwe montre klè ki plan antreprenè a genyen pou l distribiye pwodui li pral mete deyò yo, ki sa k fè li panse li gen avantaj sou lòt konpetitè yo, epi tou ki sa k fè konsomatè yo ap pi enterese nan pwodui oubyen sèvis konpayi l la pral ofri.
- Anndan plan biznis la, fòk genyen tou on lòt plan detaye ki esplike ki jan biznis lan pral fonksyone chak jou; ki kote biznis lan pral baze, adrès, aksè, e latriye; ki jan y ap prepare epi distribiye pwodui a oubyen ki jan y ap bay sèvis la.
- Plan biznis la dwe mansyone kantite ak kalite moun ki pral ede antreprenè a jere biznis la, epi konbyen sa ap koute pou bay moun sa yo fòmasyon.
- Youn nan pati ki gen plis enpòtans nan yon plan biznis, se seksyon ki bay detay sou kantite lajan biznis ap bezwen pou li fonksyone, sou previzyon distribisyon pwodui, epi sou kantite pwofi antreprenè a pwojte reyalize chak ane.
Li enpòtan pou m presize yon bon plan biznis pa vle di gen garanti biznis lan ap gen siksè. Men pou yon antreprenè ki gen lide solid, yon bon plan bizinis se yon bon zouti ki ka ede l reyalize rèv li, kreye yon bizinis ki dirab, ki pa p nèk parèt epi fèmen pòt nan twa ou kat mwa.
Twazyèm faktè enpòtan nan egzistans on aktivite antreprenarya, se bidjè biznis la.
Kisa yon bidjè ye? Ki diferan pati ki genyen nan yon bidjè?
Bidjè yon biznis se plan ki esplike ki jan biznis la pral depanse lajan k ap disponib pou l depanse. An jeneral, yon bidjè gen 2 pati:
- Premye pati a se lis ak sous tout lajan antreprenè a/yo espere resevwa pou ane k ap vini an: pwofi ki ap soti nan lavant machandiz/sèvis, lajan lòt moun pral envesti nan biznis lan, lajan biznis lan ap ranmase nan men moun ki te fè kredi lakay yo.
- Dezyèm pati a se lis tou sa konpayi an planifye pou li achte ak pri chak bagay ap koute. Si kantite lajan konpayi an espere resevwa plis pase depans l ap gen pou l fè, konpayi an ka pwojte yon pwofi pou ane a. Konsa tou, si depans li planifye pou l fè ap plis pase lajan li espere resevwa, konpayi a ka pwojete yon defisi pou ane a.
Pou ki rezon yon bidjè enpòtan?
Yon bidjè enpòtan pou plizyè rezon:
- Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan konnen nan nenpòt ki momen ki jan finans li ye. Konesans sa a pèmèt antreprenè/yo planifye davans, mete an plas estrateji pou agrandi biznis la, anplwaye plis moun, envesti nan nouvo pwodui ak ekipman, fè pwojeksyon sou kantite pwofi li/yo pral fè.
- Yon bidjè ki byen prepare tou pèmèt biznis lan atire envestisè, ogmante posiblite pou li jwenn lajan prete, pran desizyon nan nivo salè l ap ka peye, nan depans pou li fonksyone ak nan lòt benefis pou anplwaye.
- Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan planifye ane a epi gade pi devan. Lè biznis lan prepare bidjè li nan kòmansman ane a, li ka wè depi an lagan ki pwoblèm ki ka parèt devan l, ki ajisteman l ap gen pou li fè nan jan l ap fonksyone. Pa egzanp, si l ap manke lajan likid, si l ap gen pou li chanje plas kote l ap fonksyone, si l ap gen pou l ogmante oubyen diminye pèsonèl ak kantite materyèl l ap bezwen… Se bidjè a ki pèmèt biznis lan antisipe tout chanjman k ap nesesè pou antreprenè a/yo fè.
- Yon bidjè ki byen prepare ka ede biznis lan defini priyorite li, kidonk mete lòd nan sa l vle reyalize on jan pou l evite fè depans initil.
- Yon bidjè ki byen prepare dwe prevwa yon plan pou biznis lan ekonomize lajan l ap bezwen sizoka gen ijans ak lajan l ap bezwen li achte pwopriyete, ekipman l ap bezwen pou l agrandi.
Majorite moun ki maton nan koze devlopman ekonomik dakò jounen jodi a pou yo di: antreprenarya gen yon pakèt enpòtans nan ede amelyore kondisyon lavi moun nan anpil sosyete. Anfèt antreprenarya vin tounen youn nan pi gwo faktè ki ede ekonomi anpil peyi bouyi moute epi rive pèmèt yo kreye anpil djòb. Dapre estatistik ki disponib, se antreprenarya ki nan sous kreyasyon plis pase 60% djòb nan plizyè peyi endistriyalize.
Kidonk, tout peyi, tout gouvènman ki serye sou zafè devlopman ekonomik ak sosyal sitwayen yo ta dwe ankouraje devlopman antreprenarya lakay yo epi tou pote kole nan ede antreprenè jwenn finansman ki nesesè pou ede yo derape.