ANMOURÈZ

Lè m ap pale ak ou

ou kou wè mab bò wonn:

ou vire,

ou woule,

ou fè lalad

jouk ou vin tonbe

mò rèd lan bra m...

Lè m ap pale ak ou

ou kou wè bèfchenn:

ou fè eksprès

pye w chape,

ou pèdi okazyon

jouk je m rale w

tankou radyo rale mizik

Lè m ap pale ak ou

ou tankou chen

k anvi pise:

ou gade adwat

ou gade agòch

ou santi kò m

ou kouri

ou vire an won

jouk ou plase w douvan m

tankou boul pik douvan wonn...

Lè m ap pale ak ou

ou kou jandam:

ou drèt,

ou bay manti,

ou fè demonstrasyon,

ou gonfle dyòl ou

ou fè enteresan

jouk mwen fè w dòmi

tankou yon manman fè yon timoun dòmi...

Lè m ap pale avèk ou ou sispann fè ezitasyon,

nou pa lan pendeng...

Lè m ap pale ak ou

pa fè m tann pou senk kòb piske

cheri ou pa Makdonal...

Georges Castera fils:

Optique, sept. 1956, No 31, pp. 64-65

Vwa: Max Eugène (Maks Ejèn)

 

Kite yon repons