ANATOMI PO MOUN

Ki sa po ye?

Gade kò w. Tout kote ou gade ou wè po. Po se pi gwo ògàn nan kò moun. On granmoun ka gen ant 12 ak 20 pye kare po ki kouvri kò li. Po on moun fè l parèt jèn oubyen li fè l parèt aje; li fè l parèt malad oubyen li fè l parèt an sante. Po on moun kenbe l cho, li kenbe l fre. Li pwoteje l kont mikwòb e li menm fè kò l enpèmeyab.

Po gen twa kouch: epidèm, dèm ak ipodèm. Epidèm lan se kouch ki anlè a, sa vle di kouch ki vizib la.  Dèm lan se kouch ki nan mitan an. Ipodèm lan se kouch ki anba a, kidonk kouch ki pi fon an. Gade dyagram sa a.

Epidèm lan

Gade men ou. Sa w wè a se epidèm lan. Epidèm lan poukont pa l gen kat (4) kouch. Kouch ki anba nèt nan epidèm nan fèt ak selil vivan. Selil sa yo toujou ap miltipliye. Nouvo selil yo monte e yo travèse kouch epidèm lan.

Pandan nouvo selil yo ap travèse kouch epidèm lan, gen lòt bagay k ap pase. Distans pou selil yo rive nan kouch ki anlè nèt nan epidèm lan, yo pa vivan ankò. Selil sa yo fèt ak keratin sèlman. Keratin se yon pwoteyin ki fè selil yo enpèmeyab. Se sa k fè dlo ka glise sou po a. Selil sa yo pran apeprè 27 jou pou yo rive nan kouck ki anlè nèt nan epidèm lan. Sa vle di ou gen on nouvo po chak 27 jou.

Selil ki nan epidèm lan fè melanin tou. Melanin se yon pigman ki bay po koulè. Li anpeche reyon solèy boule po a. Lè reyon solèy frape po a, selil ki nan po a fè plis melanin. Takte ki konn sou po a se ti tach melanin yo ye. Tout moun pa gen menm kantite melanin. Moun po fonse gen plis melanin pase moun po klè. Gen moun ki pa gen melanin ditou nan po li. Yo rele moun sa yo albinòs. Se melanin ki bay cheve ak je koulè tou.

Dèm lan

Gade po ou. W ap wè on bann ti twou tou piti ladan l. Twou sa yo rele pò. Yo mennen nan dèm lan ki se pi gwo kouch nan po a. Gen de pwoteyin nan dèm lan: kolajèn ak elastin. Se kolajèn ki bay po a estrikti li genyen an.  Elastin fè po a fleksib. Se li ki fè po a tounen nan plas li lè ou rale l. Se nan dèm lan tou rasin plim ki kouvri po a soti. Gen yon seri nè nan dèm lan ki pèmèt ou konnen ki lè on bagay cho ak ki lè li frèt. Se menm nè sa yo ki fè w santi doulè.

Gen glann ki fè luil ak glann ki fè swè nan dèm lan. Glann ki fè luil yo kenbe po a lis e li anpeche po a absòbe twòp dlo lè w ap naje oubyen lè w ap benyen. Glann ki fè swè yo menm ede kò a kontwole tanperati li.

Ipodèm lan

Ipodèm lan se on kouch ki gen anpil grès ladan l. Li pwoteje mis yo ak zo yo oka ou tonbe oubyen ou fè aksidan. Grès ki nan ipodèm lan kontwole tanperati kò a pou li pa ni twò cho ni twò frèt. Gen tisi nan ipodèm lan ki konekte po a ak mis oswa ak zo ki nan kò a.

Po se yon ògàn ki enpòtan anpil nan kò nou paske li sèvi kòm on baryè ant rès kò a ak anviwónman an.

 

Kite yon repons