Nou genyen on pawoli Ian peyi nou ki di:
"Se Ian boula ou konn on bon sanba, se lè ou gen bon sanba, ou kenbe boula."
Se pa san rezon. Se grasa kilti a peyi nou respire, grasa penti nou, eskilti nou, teyat nou, mizik nou ki fè nou santi souf Ayiti la toujou. Malgre sa pifò atis nou yo pa ka viv de zèv yo. Yo la, yo penpennen jiskaske lanmò bwote yo ale. San di pètèt Rodrigue Milien se youn nan atis sa yo. Nicolas Pierre Rolin (Alsibyad] se youn tou.
Se te pandan sezon vakans Ian ane 1954, yon jenn gason apranti mekanik ki rele Pierre Nicolas Rollin, elèv Sant Aprantisaj St Maten, fòme on ti twoup teyat amatè pou divèti timoun lekòl Ian kèk katye. Nan tèt twoup la te gen Pierre Nicolas Rolin (Alsibyad), Willy Guillaume, Sloges Nicolas, Jules Similien (Toto), Abel Henry, Roosevelt Joseph, Gerard Fontaine, Yvrose Romain, Yolande Pierre Jules. Yo te rele twoup la "Twoup Alsibyad"
Théâtre de Verdure se premye gran sal teyat kote twoup la te jwe ak Super Jazz des Jeunes. Depi lè sa a twoup la kòmanse pouse zèl. 2 janvye 1962 kap Twoup Alsibyad pran van. Yo fè premye gwo prezantasyon nan Ciné Capitol. Apre sa, twoup la, 6 gason 3 fi, tonbe pwomennen jwe Ian plizyè katye ak lekòl toupatou. Radio Diffusion Haitienne (RDH) pwopoze twoup la pou yo fè yon pwogram 30 minit nan radyo a chak dimanch. Alsibyad fèt ak kwaf. Lè sa a yo pa t pale kreyòl Ian radyo, se tankou Alsibyad te soti Ian gwo lo lotri nasyonal.
Twoup Alsibyad te genyen kèk bon ti pyès ki te konn fè piblik la ri, tankou: Alsibyad mekanisyen,
Mezon d afè danjere, Pa genyen so metye... Kap Alsibyad gonfle van ap dodo meya Ian van, li chanje estasyon radyo (MBC) chak dimanch 2è won kou boul tout moun branche ap fè dijesyon, se kouche atè pou ri.
Byad pike devan, Ii pouse bourik Ii pou yon lòt estasyon radyo , Radio caraibes, kote Ii pase plis pase 25 ane. Se te bon tan, tan ale tan pa tounen.
Alsibyad te fè teyat popilè an kreyòl. Pèsonaj Alsibyad la, se yon pèsonaj deregle, koken, koutbatè, bakonnyè ki toujou sou kou, tanto ougan tanto pastè, anfen on pèsonaj meleyis-meleyo.
Nan bon moman Ii Twoup Alsibyad te jwe toupatou Rex Théâtre, Casino International, Théâtre de Verdure, Ciné Capitol, Institut Français d’Haiti.
Apre bon tan se move tan.
An 1975, yon senp ti fraz fè Byad al Ian kanpe lwen pou 13 an: "Tout peyi ap devlope, Ayiti ap anvlope". Koze sa a le lage Byad nan chomaj tou. Lè Byad te resi tounen ann Ayiti, peyi a te nan yon lòt epòk. Teyat te gentan fè anpil wout. Antouka, byad fe pati de premye grenn lapli ki te wouze jaden teyat popile a.
Nicolas Pierre Rollin (Alsibyad) youn pami pi ansyen komedyen ayisyen ki te fè yon bèl esperyans teyat ak Jules Similien (Toto Nesesite), Rodrigue Milien, Pè Solay ak anpil lòt tokay.
Max Eugène (Tonton Max)