Alfabetizasyon ak refòm sistèm edikasykon an

Libète

11 – 17 oktòb 1995 * Ane 4 * No 159

Alfabetizasyon ak refòm sistèm edikasykon an

Pou ki sa òganizatè reyinyon an mete alfabetizasyon an ansanm ak keksyon sistèm edikasyon an ? Èske se paske yo santi youn nan prensipal rezilta alfabetizasyon dwe mennen menm ak youn nan premye rezilta yon bon sistèm lekòl ta dwe mennen tou :

Fòk tout moun konn li.

Fòk tout moun konn ekri

Ki wout nou wè preparasyon mouvman alfa-betizasyon an pran, pou l rive jwenn rezilta sa a ?

Se sèvi ak sèl grenn lang tout moun ki gen plis pase 15 lane nan peyi a, e ki pa konn li yo, konnen kòm sèl, kòm sèl mwayen, kkòm sèl chemen pou yo aprann li e pou yo aprann ekri. Wout yo chwazi la a klè.

Se tankou wout ministè agrikilti chwazi pou l ogmante sa pèp ayisyen an bezwen pou li manje : fè yon jan pou Ayiti pwodui plis danre li deja kapab pwodui (egzanp : diri, mayi, pwa, bannan). Se pa chèche wè kouman Ayiti ta kapab pwodui ble, pou nou fè farin frans.

Ki wout nou wè sistèm lekòl la pran ? Yon wout ki pa klè. Tout moun byen konnen tout timoun ki rantre lekòl ann Ayiti konn pale kreyòl. Epi tout moun konnen, se yon ti ponyen nan timoun ki fèk rantre lekòl ki konn pale franse tou.

Kon sa, yon solisyon lojik ta rekonèt chemen pou timoun ta suiv pou yo aprann li, pou yo aprann ekri, se menm ak chemen granmoun suiv (nou vle di : moun ki gen plis pase 15 lane).

Si se pa chemen sa a yo suiv, nou kapab prevwa rezilta a fasil. Nan pa sèvi ak lang tout timoun konnen an, nou pap rive fè pi fò ti Ayisyen aprann li toutbon, aprann ekri toutbon. Nou va kapab jwenn bon rezilta pou yon ti gwoup timoun, nan pèdi anpil ane, nan fè anpil depans. Si se wout sa a nou suiv, nou pa prèt pou n rive nan rezilta “Fòk tout timoun konn li. Fòk tout timoun konn ekri.” Epi, jan sa deja rive, n a pèdi ni sak ni krab. Pi fò timoun pap aprann li. Pi fò timoun pap aprann franse.

Yon refòm sistèm, ki ta vle sèvi enterè yon mas timoun, nan menm pwen ak yon mouvman alfabetizasyon ki vle sèvi yon mas granmoun. Se menm mwayen prensipal tou 2 aktivite yo genyen. Sèl lang mas timoun ak mas granmoun déjà genyen a dispozisyon yo ann Ayiti, se kreyòl.

Tout lòt bagay se pale franse…

Reflechi sou sa.

Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon prepare kèk bon zouti ki kapab ede nou jwenn rezilta n ap chèche a : Fòk tout moun konn li. Fòk tout moun konn ekri.

Se : 7 tablo lekti.

Se : “Koute, pale, li, ekri, 4 chemen konnen”.

Se : “Ki jan pou nou montre granmoun li” (ak youn ki nan kouti. Se : “Ki jan pu nou montre timoun li”).

Reyelman vre, 3 zouti sa yo vo pou timoun k ap aprann li tou. Sa pa vle di tout lide prensipal ki nan liv 4 chemen konnen an ap gen menm fòs, menm sans, menm degre konprann, ni pou timoun, ni pou granmoun. Men, sa vle di, tou sa ki enpòtan nan lide sa yo a lapòte timoun tou. Epi pawòl ki nan liv la, depi paj 5 jis paj 135 a lapòte timoun tou, e yo enteresan pou timoun tou. Reyèlman vre, se pawòl klè, pawòl senp, pawòl pi fò moun kapab konprann.

Sa vle di, si tout lekòl nan peyi a sèvi ak 3 zouti sa yo byen, pi fò timoun 6 an, k ap kòmanse aprann ak zouti sa yo, an 1995, an 1996, an 1997, ap konn li fen, ak konn ekri byen. Y ap konprann sa yo li byen. Y ap pran gou nan lekti toutbon, etan yo rantre nan chemen konnen yo rele li ak ekri a an 1995. Y ap kontinye an 1996, an 1997, an 1998. Ni yo pap janm sispann mache nan 2 chemen konnen yo kòmanse mache ladan yo an 1995.

Wi vre, alfabetizasyon ki vle di : pèmèt moun ki depase 15 ane, rantre nan 2 chemen konnen sa yo ale nan menm direksyon ak refòm sistèm lekòl ann Ayiti. Alfabetizasyon mande mwens tan, mwens depans, mwens konplikasyon, mwens preparasyon pase refòm sistèm lekòl. Men, lè pi fò granmoun va konn li ak ekri, nan peyi d Ayiti, kouman pou yo ta kite timoun yo dèyè ? Kote yon foul paran ki konn li ak ekri, ta soti pou yo kite timoun yo dèyè ? Okontrè, yo va goumen tèt kale pou pitit yo jwenn bon jan lekòl, bon jan pwogram, bon jan liv, bon jan dokiman, bon jan zouti pou ogmante konesans yo.

Ogmante konesans pou tout moun, sa vle di, ogmante mwayen pou peyi a mache pi vit nan wout pwogrè, nan wout jistis, nan wout demokrasi.

Pòl Dejan

 

Kite yon repons