K: Nou li bèl liv sekreteri d Eta pou alfabetizasyon an: Koute pale li ekri 4 chemen konnen. Nan 135 paj li genyen an, nou pa jwenn mo alfabetizasyon an ditou.
R: Ni nou pa jwenn mo "konsyantizasyon".
K: Men, se 2 mo nou tande nan bouch anpil moun ki enterese montre granmoun li ak ekri.
R Nan peyi a, gen anpil moun ki anmezi fè sa m ta rele: alfabetizasyon "pawol nan bouch".
K Se vre anpil moun se: pale anpil met la.
R: Anpil moun tou ta vle voye kò yo nan alfabetizasyon "gwo lide ti memwa", nan alfabetizasyon "anbisyon touye rat", nan alfabetizasyon "bounda won pete kare", nan alfabetizasyon "kaka bèf se gato", nan alfabetizasyon "blòf ak fè wè".
K: Se kab vre, men, gen moun ki vle "louvri je" lòt moun, fè "zonbi goute sèl", "wete lasi nan je" moun, "lave je" lòt moun, fè sa ki pa te fin moun "vin moun".
R: Tout lide sa yo mache ak yon kwayans ki gen danje ladan kòmkwa yon ti ponyen moun (natirèlman ou menm ak mwen menm) posede sajès, konesans, bon konprann, lide dwat ak laverite epi moun sa yo (natirèlman moun ki pa konn li yo espesyalman) pa gen bon sans, pa konn anyen, pa konprann anyen, gen lide kwochi sèlman nan tèt yo epi yo pa konn laverite.
K: Èske se pa menm koze ak pawòl "moun eklere" ak "moun ki nan fè nwa"?
R: Se menm bagay. Fè alfabetizasyon fasil nèt pou moun ki gen lide kon sa. Yo annik repete "alfabetizasyon" ak "konsyantizasyon". Tank yo repete 2 pawòl sa yo, tank yo rele pi fò, se tank yo kwè tout pwoblèm regle.
K: Nou pa pran nan pyèj sa a?
R: Non. Se poutèt sa 2 mo sa yo pa parèt menm nan liv nou prepare a. Se poutèt sa tou gen moun mal konprann ak moun san konsyans ki kouri di: nou ta renmen pèp la pa pran konsyans.
K: Men, èske lide mare "alfabetizasyon" ak "konsyantizasyon" se pa lide yon mèt koze a, yon edikatè Brezil yo rele Paolo Frere?
R: Lide Paolo Frere, ki mare "alfabetizasyon" ak "konsyantizasyon", pa klè jan anpil moun kwè a ni yo pa senp.
K: Esplike nou sa.
R: Lide a chita sou yon distenksyon ant sa yo rele "konsyans kritik" ak sa yo rele "konsyans majik" oubyen "konsyans nayif'.
K: Lè ou di "konsyans kritik" èske gen moun ki pa p kwè se pale lòt moun mal oubyen se kritike tou sa yo fè?
R: Gen moun ki kab kwè sa. Men, se pa sa. Se chèche rasin kache tout pwoblèm epi se mete men serye nan korije yo.
K: Èske sa mande anpil konesans?
R: Sa mache ak yon bon degre "konesans syantifik".1
K: Ban n yon egzanp.
R: An n sipoze yon gwoup moun ap reflechi sou pwoblèm sante nan tèl zòn, pou yo pran dispozisyon pou yo chanje sitiyasyon an.
K: Fòk yo konn kichòy nan branch sante.
R: Ki plan aktivite sante serye yo kapab prepare si yo kwè lakòz maladi se mò, se zonbi, se move zè yo voye sou moun?
K: Fòk yo konprann rasin maladi se mikwòb.
R: E Ii ta bon pou yo konnen rasin maladi se viris, se defo ak mank nan sa gwo savan rele jèn, DNA (oubyen ADN), pwogram jenetik moun.
K: Se gran zafè, se pa demagoji.
R: Demagoji sitire ilizyon. Se yon gwo ilizyon nou ta genyen si nou ta fè sanblan kwè: lè yon mas moun, ki pa te konn li, mache nan sant alfabetizasyon regilyè pandan kèk mwa, lide yo vin chanje nèt.
K: Fòk gen chanjman nan tèt moun ki pase si mwa nan yon bon sant alfabetizasyon. Ki chanjman?
R: Men yon repons ki pa nan blòf. Moun ki pa te konn li, ki pa te konn ekri, vin konn li, vin konn ekri, apre 6 mwa.
K: Se yon chanjman nan konesans.
R: Ant oktòb 1979 ak jen 1982, Jan Betran Aristid etidye teyoloji katolik nan yon seminè ann Izrayel. Anvan sa li te gen bon konesans sou relijyon katolik, tankou anpil jenn moun ki leve nan lekòl relijye. Men, apre sa li vin gen yon konesans detaye sistèm yo rele teyoloji katolik la.
K: Se yon chanjman nan konesans tou. Men dwe gen anpil lòt chanjman nan lide l, nan jan li wè lavi a, nan jan li wè sitiyasyon pèp ayisyen, ki fèt nan kè l epi nan lespri l menm lè a.
R: Sa ou di a dwe vre. Men, chanjman sa yo pa soti dirèk dirèk nan etidye teyoloji. Si se nan etidye teyoloji yo te soti, tout pè ki pase kèk ane nan etidye teyoloji ta gen menm bon lide, menm bon santiman ak menm bon dispozisyon tou.
K: Dapre wou ki sa ki pa chanje nan tèt moun ki fè 6 mwa ap mache nan bon sant alfabetizasyon?
R: Dapre mwen pifò lide yo, pifò prejije yo, pifò kwayans yo pa chanje. Yo pa te janm gen mwayen etidye koze lasyans. Tèt yo te chaje ak anpil kwayans ki pa kadre ak konesans modèn sou maladi bèt, maladi moun, eksetera. Kèk mwa alfabetizasyon pa kapab kont pou yo lage ''konsyans majik", "konsyans nayif" ki nan tèt yo depi 15, 20, 30, 40 ane. Ki lè yo ta gen tan devlope yon baz solid konesans syantifik, ki yon kondisyon devlopman bon jan "konsyans kritik''?
K: Èske ou panse moun ki gen yon bon degre konesans syantifik, gen yon "konsyans kritik"?
R: Non. Konesans syantifik se yon kondisyon devlopman bon jan "konsyans kritik". Men, konesans syantifik gen dwa pa mennen devlopman "konsyans kritik". Mwen panse pifò moun, ki gen yon bon baz konesans syantifik ann Ayiti ak lòt kote sou latè a, pa rive devlope yon konsyans kritik pou sa.
K: Èske pawòl ou a pa yon tijan dekourajan? "Konsyans kritik" sa a gen lè se yon ja lajan kèk grenn moun, ki gen anpil chans, jwenn.
R: Pawòl la pa pi dekourajan pase lè nou kale je nou sou reyalite lavi a pou nou rekonèt: Se pa anpil moun ki an sante nèt. Se pa anpil moun ki sen toutbon. Se pa anpil moun ki brav toutbon. Se pa anpil moun ki asepte lide lòt moun ki pa menm ak pa yo. Se pa anpil moun ki sèvi pwochen yo nèt san yo pa gade ti enterè pa yo.
K: Se vre. Men, gen moun ki an sante. Gen moun serye, gen moun onèt. Gen moun ki devwe.
R: Bon pawòl, ki vo pou koze "konsyans kritik" ak "konsyans majik" la. Sou latè beni an, nou pa fasil jwenn yon sitiyasyon kote yon bagay bon nèt oubyen li move nèt. Se kon sa, anndan tèt moun ki gen yon "konsyans majik", yon "konsyans nayif", gen kèk eleman "konsyans kritik"tou. Epi nan tèt moun ki gen yon "konsyans kritik" gen kèk rès "konsyans majik" tou.
K: Kon sa se pa youn ou lòt nèt.
R: Gen plas pou chanjman, gen plas pou pwogrè. Travay la pa janm fini nèt. Epi degre "konsyans kritik" moun se pa kichòy nou kapab mezire tankou nou mezire wotè ak pwa moun.
K: Men, èske nou pa kapab di gen kèk moun ki bay prèv yo gen yon "konsyans kritik", tankou gen lòt ki bay prèv yo pa gen yon "konsyans kritik"?
R: Mwen kwè sa. Nan lis pa m, sou bò "konsyans kritik" mwen ta make non: Maatma Gandi, Patris Loumoumba, Indira Gandi, Tche Gevara, Maten Litè King, Amilka Kabral, Moris Bichòp. Sou bò "konsyans majik", mwen ta mete Antonyo Kebwo, Salaza, Divalye, Franko, Somoza, Makòs, (Agawou) Jonasen.
K: Anpil moun kab dakò ak 7 non ou mete sou bò "konsyans kritik" la.
R: Yo kapab dakò avè m sou yon lòt pwen tou. Kit gran lidè sa yo, kit nenpòt ki moun, nou oblije rekonèt: se pa nan 6 grenn mwa yo devlope yon "konsyans kritik". Ni se pa pandan ane yo pase lekòl primè ak lekòl segondè. Sa ki ta fòse nou kwè 6 mwa alfabetizasyon, bon kou l bon, serye kou l serye, ta kapab mennen devlopman yon "konsyans kritik", espesyalman pou pifò moun? Dabò 6 mwa pa kapab ba yo yon bon baz konesans syantifik. Men, san baz sa a pa gen ''konsyans kritik'' ki ''konsyans kritik'' toutbon vre.
K: Sanble ou pa dakò ak Frere sou pwen sa a?
R: Mwen panse: Youn nan feblès teyori Paolo Frere a se maryaj li fè ant "alfabetizasyon" ak devlopman yon "konsyans kritik" ( = konsyantizasyon).
K: Ki konsekans sa genyen?
R: Youn nan rezilta nou pi fasil jwenn se sa pèp la rele "pèdi ni krab ni panyen". Moun PA APRANN li epi yo pa devlope okenn "konsyans kritik" toutbon vre. Men, yo aprann repete sèten pawol tou kwit.
K: Èske yon kantite moun ki di yo suiv lide Paolo Frere se pa repete yo repete sèten pawòl li di san yo pa fin konprann yo oubyen san yo pa fouye yo?
R: Epi san yo pa bay kèk lòt lide solid Frere tout enpòtans yo genyen. Frere pa annik marye alfabetizasyon ak devlopman yon konsyans kritik. Pou Frere tout aktivite moun, lè yo sèvi ak lespri yo, ta dwe yon efò pou devlopman yon konsyans kritik.
K: Ki premye kondisyon pou sa?
R: Premye kondisyon pou sa, se rekonèt reyalite a, malgre fo aparans ak vye prejije ki gen dwa kache li.
K: Ou kab ban n yon egzanp?
R: Frere ta sezi wè jan pifò moun ki di yo vle alfabetizasyon pou konsyans kritik ann Ayiti pa menm poze pwoblèm yon lekòl an franse pou yon mas timoun, yon mas pèp ki pale kreyòl sèlman. Dapre li yon lekòl ki fèt nan enterè yon ti lelit fèt kont enterè yon mas pèp.
K: Ki lòt bagay ki ta fè Frere etone?
R: Frere ta sezi wè yon gouvènman ki pa gen 10 moun ladan n ki gen yon konsyans kritik nan tout ministè, depi ministè Afè sosyal, ministè Edikasyon nasyonal, jis ministè Enfòmasyon, eksetera..
K Ki sa anko?
R: Frere ta sezi wè yon kolonn monseyè, pè, mè, frè, pastè, predikatè, pwofesè, ki pa gen yon pwelyèm konsyans kritik nan tèt yo, men ki pa p ezite repete mo "konsyantizasyon".
K: Gen toujou?
R: Frere ta sezi konnen, depi 40 ane, pa te gen 10 moun ak ti moso konsyans kritik nan tèt yo nan tout òganizasyon leta, legliz ki t ap "fè" alfabetizasyon.
K: Ou kwè se pa kont?
R: Frere ta pi sezi toujou si l te konnen gen moun ki mande yon alfabetizasyon pou devlopman yon konsyans kritik nan mas pèp ayisyen ki pa konn li, ki pa konn ekri a, etan yo deklare monitè k ap montre yo li dwe touche yon lajan pou sa (piti kou l piti).
K: Èske Frere konn mizè k ap kraze pèp nou an?
R: Antouka li konn mizè ki nan Nodès peyi Brezil kote li fèt la. Li konn mizè ki te blayi kò l sou Nikaragwa apre 10 an yon lagè ki te detwi kay, lekòl, pon, lopital, jaden, ki te touye konbyen mil moun, espesyalman jenn moun. Men Frere konnen alfabetizasyon yon mas pèp PA KAPAB yon alfabetizasyon "bay dyòb".
K: Men, bay dyòb, se yon pwoblèm grav, se yon pwoblèm prese.
R: Degaje nou pou konbyen mil jennfi ak jennjan jwenn yon aktivite travay ki rapòte yo, se youn nan pi gwo defi gouvènman ayisyen.
K: Pawòl la di: lè w angaje ou kenbe tout pyebwa.
R: Si nou kwè nou kapab genyen yon kanpay alfabetizasyon "pou bay dyòb", se youn nan pi gwo erè nou re.
K: Esplike n ki jan se yon erè.
R: Se yon erè ekonomik paske pou plis pase 2 milyon edmi moun aprann li rapid, sa mande yon mas moun k ap ede yo e k ap montre yo.
K: Ki valè moun kon sa?
R: Plis pase 800 mil moun.
K: Kote w soti ak chif sa a?
R: Ti krik, ti krak, Ayisyen ki pale de alfabetizasyon nonmen non Kiba ak Nikaragwa.
K: Èske se pa 2 bèl egzanp?
R: Kiba, an 1961, se 371 mil VOLONTÈ (100 mil elèv, 236 mil animatè, 35 mil sipevizè) ki montre 70 mil moun li ak ekri sou 979 mil analfabèt.
K: E Nikaragwa?
R: Nikaragwa, an 1980, se 250 mil VOLONTÈ ki montre 717 mil lòt moun Ii ak ekri.2
K: Nou wè kote 800 mil moun ou yo soti pou ka Ayiti a.
R: Si chak ta touche 250 goud pa mwa, sa ta fè 200 milyon goud pa mwa. Si chak ta touche 500 goud pa mwa, sa ta fè 400 milyon goud pa mwa. Si chak ta touche 750 goud pa mwa, sa ta fè 600 milyon goud pa mwa. Ala rich pou Ayiti ta rich.
K: Dapre chif sa yo, peye moun fè alfabetizasyon ann Ayiti se yon bagay ki enposib.
R: Met sou sa, se yon erè pedagojik.
K: Kijan?
R: Si 800 mil moun bezwen lajan y ap touche a, fòk yo ta anvi fè yon jan pou sitiyasyon an dire pou yo pa pèdi ti travay sa a.
K: Èske se pifò pwofesè lekòl ki pa ta montre timoun byen espre pou yo kenbe yo lekol pi lontan?
R: Pwofesè lekòl konnen timoun ki fèt chak jou ranplase elèv lekòl ki fin grandi.
K: Se vre pou jan moun grennen pitit nan peyi a.
R: Alfabetizasyon "bay dyòb" se yon erè sikolojik. Lè zonbi goute sèl, Ii pa tande rete. Si 800 mil moun, ki pa te nan travay, jwenn 250 goud pa mwa oubyen 500 goud oubyen 750 goud, se nòmal pou yo egzije plis, piske se fonn ti lajan sa a ap fonn nan men yo.
K: Lajan pa janm kont ak lavi chè a.
R: Epi fòk sa fè moun yo kalkile. Si yo touche 250, 500 oubyen 750 goud pa mwa pou 40 è travay pa mwa, fòk yo ta touche 4 fwa plis pou 160 è travay yo tout ta merite fè chak mwa.
K: Sa fè nou sonje pwovèb la: Kay koule twonpe solèy, li pa kab twonpe lapli.
R: Epi "Tou mantò pa fon". Yon bon valè jenn moun pa egare dekwa pou yo konprann yon piwili y ap ba yo souse, se manje anfòm kò yo bezwen toutbon. Yon ti kraze lajan yo pwomèt yo oubyen yo ba yo pou kèk mwa, sa pa kapab solisyon pwoblèm chomaj ak travay nan peyi a.
K: Jan Labib di a:"Lajan se rasin tout malè".
R: Se yon gate pati pou moun k ap plede mande yon alfabetizasyon pou devlopman yon "konsyans kritik". Sa yon monitè pral reponn yon elèv ki ta di : "Poutèt ou nan mizè ou mande touche yon kòb pou w montre m li. E mwen menm ki pi nan mizè pase w, èske m pa ta bezwen jwenn yon ti kraze tou pou m aprann li?"
K: Pawol two fo, machwa gonfle.
R: Si leta dwe peye moun ki te pase lekòl pou yo separe ti konesans yo ak lòt moun lè peyi a deja ba yo plis avantaj pase mas moun ki pa te pase lekol yo, sa l ap fè ak moun ki pa konn li epi ki nan pi move sitiyasyon?
K: Se vre: sitiyasyon pifò moun, ki pa konn li, pi pa bon pase sitiyasyon moun ki pase plizyè ane lekòl.
R: Ala wòwòt "konsyans kritik" Ayisyen, ki konn li yo, ta wòwòt si yo pa ta wè se yon gwo enjistis ki lakòz yon ti pòsyon moun, tankou yo, t al lekòl, men mas pèp la pa te gen mwayen aprann li ak ekri.
K: Mouvman alfabetizasyon an gen anpil baryè vre.
R: San konte baryè yo vle ba li nan chèche fè l tounen yon alfabetizasyon "kabrit plizyè met".
K Kòman sa?
R: Kwak modèl Kiba ak Nikaragwa a nan bouch anpil moun, yo derefize suiv egzanp 2 peyi sa yo ki pa te nan alfabetizasyon "plon gaye", nan alfabetizasyon "kabrit plizye mèt". Se tout otorite nan gouvènman Kiba ak Nikaragwa ki te kanpe ansanm dèyè yon sèl sèvis leta ki te anchaje kanpay alfabetizasyon an. Si se pa kon sa, sajès pèp la tou pale nou: Kabrit plizyè mèt mouri nan kòd.
K: An n tounen sou pawòl sa ki chanje ak sa ki pa chanje nan tèt moun apre 6 mwa alfabetizasyon. Si se pa gwo chanjman ki fèt, men, ti chanjman (ki vle di soti nan pa konn li rive nan konn li), èske nou merite bat kò nou anpil pou sa sèlman?
R: Ou rele "soti nan pa konn li rive nan konn li" yon ti chanjman. M ta gen dwa mande w pou ki sa konbyen milyon ak milyon malere sou latè a fè gwo sakrifis pou timoun yo rive nan ti rezilta sa a? ·
K: Se yon bon keksyon. Men...
R : Men, an n sonje "ti rezilta" pou grenn moun degrennen ak "ti rezilta" pou yon mas moun nan distans 4 an, se pa menm afè. Ti pil sou ti pil, fè gwo pil. Si 3 milyon moun, ki pa te konn li, nan yon ti peyi, rive konn li toutbon, konn ekri vre, se yon kokennchenn chanjman nan sosyete a. Se yon baz estwòdinè pou yon seri konesans itil ak bon jan teknik, ki chita sou pwogrè lasyans, pran pye rapid nan distans yon lòt 4 an, nan tout peyi a. Sa kapab mennen gwo gwo chanjman si mas pèp ki konn li a fòse leta pa betize ak paragraf 6 konstitisyon an: chak moun gen dwa jwenn bon jan fòmasyon ak bon jan konesans.
K: Vrèman vre, pa gen anpil moun, pa gen kont moun ki kalkile pawòl fon sa yo.
R: Èske se pa mank "konsyans kritik" ki lakòz?
K: Ban n kèk lòt egzanp ki montre nou sa mank "konsyans kritik" fè.
R: An n pran yon seri egzèsis yo rele "degoudi men", nan kòmansman kèk liv alfabetizasyon. Sa soti nan yon mank "konsyans kritik", ki lakòz gen "entelektyèl" ki pa wè ladrès sèvo ak men tout granmoun fi ak tout granmoun gason, enfimite pa domaje grav. Tifi ki sèvi ak men yo, depi yo piti, pou yo jwe pench ak oslè, pou yo brase manje nan chodyè sou 3 wòch dife, pou yo file zegwi, pou yo pyese rad, pou yo monte bouton, pou yo lave rad nan fwote yo san yo pa chire, pou yo pase yo san yo pa boule yo ni san yo pa boule dwèt yo, pou yo benyen tibebe san yo pa kòche yo, èske lè y ap aprann ekri a laj de 15 an, 20 an, 30 an, 40 an, 50 an, yo bezwen egzèsis pou yo "degoudi men yo"? Moun ki kwè sa manke "konsyans kritik".
K: E mesye yo?
R: Ti gason ki jwe mab, ki voye wòch depi yo piti, ki mare bèt yon jan pou yo pa lage, ki tire bèf, ki peche kribich larivyè, ki kenbe krab, ki kale kokoye ak manchèt file, ki manyen wou, èske yo bezwen yon "degoudi men", lè 15 an, 20 an, 30 an, 40 an, 50 an bare yo anvan y aprann ekri? Moun ki kwè sa manke "konsyans kritik".
K: Rezon w nan pla men w.
R: Gen liv alfabetizasyon ki kòmanse ak egzèsis pou granmoun rekonèt pozisyon "anwo, anba, a dwat, a goch". Se "konsyans kritik" moun manke ki fè yo pa konnen, nan peyi d Ayiti, depi timoun piti yo fawouche yo pou sandal, sapat, soulye yo mete dwategòch. Se "konsyans kritik" yo manke ki fè yo pa konnen si Ayisyen gade anwo pou yo wè si gen mango, zaboka, veritab ak lòt fwi nan pyebwa e yo konn gade anba pou yo asire pye yo lè y ap desann mon.
K: Se mank ki grav vre, se vye prejije.
R: Gen liv ki mande montre granmoun kenbe kreyon (ata nan "El Machete" , gid pou liv kanpay alfabetizasyon Nikaragwa a "El amanecer del pueblo" yo jwenn tenten sa a). Se mank "konsyans kritik" ki enpoze "entelektyèl " wè granmoun sa yo konn kenbe kouto, manchèt, zegwi, kiyè, eksetera san pèsonn pa te janm fè yo fè egzesis pou sa.3
K: Men, malgre sa, plis pase 700 mil moun aprann ekri Nikaragwa, an 1980, jan ou te di l la.
R: Wi, se vre. Sa montre nou se pa tout erè mank "konsyans kritik" mennen ki bloke tout pwogrè sou latè. Dapre mwen, pifò timoun ki al lekòl nan tout kalite peyi aprann li, yo aprann ekri, malgre pwofesè ki montre yo.
K: Sa vle di gen espwa?
R: Gen espwa si gen volonte politik. Dapre Fenanndo Kadenal: se volonte politik ki esplike rezilta kanpay alfabetizasyon Nikaragwa a.4
K: Isit ann Ayiti, an 1995, èske gen volonte politik pou tout moun aprann li, pou tout moun aprann ekri?
R: Mwen ta sèten sa si m te wè pifò otorite kanpe fèm dèyè reskonsab sekreteri d Eta pou alfabetizasyon an, tankou tout otorite Kiba te apiye Abel Priyeto Morales ak Rawoul Fere, tankou tout otorite Nikaragwa te apiye Fenanndo Kadenal.
YON DÈNYE PAWÒL
Moun, ki swiv keksyon ak repons sa yo byen, gen dwa rekonèt yon premye bagay: lide "konsyans kritik" la pa fasil. Li pa senp, li pa klè. Yo gen dwa wè yon dezyèm bagay: Nou te gen rezon pa sèvi ak mo "konsyantizasyon" an ni nan liv Koute pale li ekri 4 chemen konnen an, ni nan liv esplikasyon ki mache ak li a: Ki jan pou nou montre granmoun li.
Sa yo kab pa konnen sèke: se egzanp mèt koze a menm, Paolo Frere, nou swiv. Msye ekri yon liv ki parèt an 1991, an potigè epi an franse: L'Education dans la ville. Se tradiksyon angle 1993 la mwen genyen anba je m. Nan paj 107-111, nan yon koze long Frere fè ak yon pwofesè sosyoloji inivèsite (ameriken) Kalifoni ki Los Annjelès la, Kalòs Torès, Torès mande l pou ki sa li pa sèvi ak mo "konsyantizasyon" an ankò. Frere reponn li: Se vre, depi vè 1970 li fè desizyon l pou li pa sèvi ak mo konsyantizasyon an ankò paske epòk sa a anpil moun tonbe sèvi ak mo a tankou yon ti grenn majik moun annik vale pa dòz. Nou pa ta di se pou Ayisyen ki gen 25 ane reta nan koze alfabetizasyon Paolo Frere ap pale?
Edivanda Mougrabi poze yon keksyon moun pa kapab reponn: Ki lè yo kapab di yon moun "konsyantize"?
Si pa gen repons pou keksyon sa a, sa vle di nou pa kapab reponn yon lòt kritik Mougrabi fè: Frere pa ban nou okenn mwayen, okenn teknik, ki ta kapab fè moun vin ''konsyantize''.
Li pale de "dyalòg". Dyalòg bon, dyalòg nesesè, men dyalòg pa rezoud pwoblèm difisil konesans ak diskisyon syantifik. Kon sa lide "konsyantizasyon" an rete yon pawòl vag.
- Al wè paj 219-220 yon liv an franse: Antoine Faundez, "Education, Développement et Culture" Contradictions théoriques et pratiques" IDEA-EPEP Décembre 1994".
- Al wè paj 104, 105, 110 yon liv an pòtigè: "Antonio Faundez, A expansão de escrita na Africa e na America Latina, Paz e Terra, 1994". Al wè paj 5, 6, 9, 55, yon liv ann angle: "Jonathan Kozol, Children of the Revolution, Delacorte Press, New York 1978".
- Al wè paj 395, 396, 397, 399 yon atik an franse "Préapprentissage et alphabétisation". Alpha 88, Recherches en alphabétisation, Jean Paul Hautecoeur éditeur, Québec 1988".
- Al wè yon atik ann angle: "Fernando Cardenal, SJ, Valerie Miller, "Nicaragua 1980: The Battle of the ABCS: "Harvard Educational Review vol: 51, 1 February 1981."
Iv Dejan (Yves Dejean)
Desanm 1995
Pòtoprens, Ayiti