12 Prensip Bwa Kayiman

BON NOUVÈL

48èm Ane - No. 530 - Jiyè-Out 2015

12 Prensip Bwa Kayiman

Si yon moun bezwen konprann sosyete ayisyen an nan fondalnatal li, li pa ka mete tradisyon peyi a sou kote. Mas esklav ki te fè 1791 ak 1804 yo pa te konn ekri. Se nan pale youn ak lòt, yo te kase randevou. Se nan pale youn ak lòt, youn te esplike lòt demach y ap fè pou yo te retire kò yo anba sistèm esklavajis la. Se nan kesyonnen sistèm esklavajis la, yo te aprann diferans yo. Se nan aprann diferans ak lòt posiblite lavi a te ka ofri, yo te chwazi vizyon pa yo, yo te chwazi wout pa yo, wout ki pa t ale nan menm direksyon ak wout kolon yo, yo te konstui vizyon yo sou lavi a, vizyon ki te depaman ak vizyon kolon yo. An nou wè sa nan 12 prensip sa yo Pyè Michèl Cheri ekri a.

Lè nou gade peyi a sou tan la­ko­loni, nou jwenn plis pase 100 gwoup esklav diferan, ki divize an nanchon ak tribi. Premye eleman ki te simante mas esklav yo, se kondisyon esplwatasyon ak demou­ni­zasyon yo t ap viv nan sistèm esklavajis la.

Dezyèm eleman ki te si­mante mas esklav yo ansanm, se enposiblite pou esklav te wè lavi a menm jan ak kolon yo. N ap repete l. Se nan pran konsyans yo. Esklav yo pa ka wè lavi a menm jan ak kolon blan yo. Esklav yo te antre nan demach pou yo chape anba men colon yo. Nan moman sa a, mawon yo te reprezante kon­syans avanse esklav yo. Demakasyon sa a te vle di ideyoloji blan yo (krisyanis, ewo­peyen, rasis) pa gen priz sou sèvo moun ki pa kwè nan sa blan kwè. Premye kase chenn nan te fèt nan sèvo mawon yo, ki te pito pran mòn, pase pou yo te asepte kondisyon sistèm nan.

Anpil prensip Ayisyen ap viv, anpil règleman Ayisyen jwenn sou fason pou yo òganize lavi yo soti nan demakaj esklav yo fè, etan, epi anvan menm yo te kase chenn yo nan lane 1791.

Konsa nou ka konprann lagè militè a deklanche ak tout nivo li dwe pran, nan lane 1791, men lagè ideyolojik la te kòmanse apati premye jou mawon yo bati yon peristil anndan koloni an. Apati moman sa a, mawon yo pral pran distans yo ak vizyon blan yo. Avèk demach sa a, mawon yo pral vini ak pwòp vizyon pa yo sou tout kesyon ki regade lavi moun.

Se konsa, nou ranmase 12 nan pi gwo prensip ki rete vivan nan tradisyon Ayisyen pou nou montre ki baz ideyolojik ki te mennen Bwa Kayiman, epitou ki vizyon lavi ki t ap pale nan seremoni Bwa Kayiman an. 12 prensip sa yo, se 12 repons dirèk, 12 repons ki depaman ak lide ki t ap sikile nan epòk la sou lavi an jeneral.

Bwa Kayiman gen plis pase 12 prensip. Chak Ayisyen andwa chwazi ki lòt prensip li jije ki pi enpòtan pase sa nou bay la yo, men se pou tout eritye nèg Bwa Kayiman yo fè sa yo konnen pou tout limanite aprann konnen ki vizyon ki te motive yon gwoup esklav lè yo te pete yon rèl ki fè lanfè lakoloni an tranble. Jouk jounen jodiya, n ap viv soukous kout rèl sa a.

Premye prenisp, ki sèvi baz pou kèlkeswa lòt prensip k ap vini se kòmandman nimewo 1 an:

1.1 Premye prensip: Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

Prensip sa a se pi gwo prensip ki mennen oubyen ki soti nan Bwa Kayiman. Annik sonje depi Kristòf Kolon te fè dappiyanp sou tè endyen yo, nan lane 1492, Loksidan te envante tout kalite teyori pou yo klase moun dapre koulè po yo. Lè yon mawon te pran mòn, kolon an di se yon esklav parese... Lide sa yo te si tèlman fò sou tan lakoloni, pèsonn pa te ka admèt se paske mawon yo te kwè: tout moun se moun, epi pa gen moun pase moun, ki fè yo te derefize kondisyon esklavay la. Prensip sa a, ki soti nan goumen kont lesklavay, travèse tan (plis pase 200 lane) pou li rive jwenn nou jounen jodiya. Prensip sa a vin tounen yonn nan pwovèb Ayisyen plis sèvi pou yo denonse move tretman ak mepri pou moun, kèlkeswa kote y ap viv la. Nan pifò sosyete sou latè, se nan redi, se nan goumen, se grenn pa grenn, moun ap admèt yon prensip ki di: Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

1.2 Dezyèm prensip: Tout moun gen plas yo anba syèl ble a

Si gen yon prensip ki soti dirèkteman nan tradisyon Bwa Kayiman, se prensip tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Latradisyon rapòte, dapre Pwofesè Dyengele, lè pou yo te fè seremoni Bwa Kayiman an, reprezantan esklav yo ak ma-won ki te nan tèt mouvman an te mande pou tout nanchon, ki te gen pitit yo nan mitan mas esklav yo te voye reprezantan yo nan rankont ki t ap fèt la. Tout moun fèt pou la, nou pa dwe bliye pèsonn. Se leson sa a nou ranmase nan dezyèm pren­sip Bwa Kayiman yo. An Ayiti, temwayaj sa a toujou vi­van, nan salitasyon yo fè, nan kò-mansman tout seremoni vo­dou, pou chak nanchon afriken, ki kite tras yo sou tè peyi Ayiti.

1.3 Twazyèm Prensip : Si gen pou youn (1) gen pou de (2), sonje moun ki dèyè

Èske prensip sa a soti depi nan Bwa Kayiman? Nou pa kwè sa. Sa nou sèten, twazyèm prensip la, se youn nan prensip ki pi vivan nan lavi pratik nan mitan fanmi ak nan vwazinay anndan peyi a. Filozofi prensip sa a di nou konsa latè a se pou tout moun, paske tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Pou tout moun ka viv anba syèl ble, anvan yon moun sonje sere, se pou l sonje gen moun dèyè ki poko jwenn.

1.4 Katriyèm Prensip : Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè...

Prensip sa a mete baz pou yon sivilizasyon tounèf kale anndan espas mawon yo pral reklame pou yo viv an libète tankou moun ak tout diyite yo. Prensip sa a parèt ak yon kokennchenn demakasyon metodolojik radi­kal, san parèy, ant de (2) sistèm ideyolojik.

Pou ki rezon demakasyon an radikal? Anndan espas oksi­dantal la, tankou nan espas lòt sivilizayon, gen dwa gen plizyè kouran ideyolojik sou fason moun wè tèt yo anndan kosmos la, sitou sou koze Bondye. Menmsi gen plizyè kouran, `chak kouran, chak kan, chak klik toujou bliye si se imaji­nasyon lèzòm k ap konstui pwòp konpreyansyon yo sou mistè nan lavi a yo poko pèse.

Yo bliye si esplikasyon yo jwenn yo soti nan istwa lavi yo, nan kilti ak eksperyans yo, nan kalite espas y ap viv la. Konsa chak kouran deklare se li sèl ki nan laverite. Nou remake chak fidèl anndan yon relijyon ap di: relijyon pa m pi bon. Lè youn nan kouran yo pa ka toufe lòt kouran an, se kout zam ki regle kesyon an. Anndan espas sivili­zasyon pa-m-pi-bon yo (kretyen, mizilman), pa ka gen respè pou ladiferans. Konse­kans: moun pa janm sispann mouri pou granmesi nan non Bondye.

Lòt rezon ki fè demakasyon an radikal? Chak kouran nan sivi­li­zasyon pa-m-pi-bon yo ap reklame verite a pou yo, konsa yo sètoblije wè lavi a tankou yon lesefrape ant de (2) kan: kan verite kont kan manti, kan Bondye kont kan satan, kan li­miyè kont kan fènwa, kan pozitif kont kan negatif. Sivili­zasyon pa-m-pi-bon yo bay tèt yo dwa pou yo kondane tout si­vilizasyon ki pa kadre ak "verite" pa-m-pi-bon an. Yo pa ka imajine ka gen sivilizasyon kote moun ka wè lavi a yon fa­son yo menm yo pa te kon­nen. Se kokennchenn demakasyon sa a Bwa Kayiman an de­montre. Si Bwa Kayiman pa te voye prensip pa-m-pi-bon yo jete, jounen jodiya, nou t ap wè desandan yon etni afriken ap goumen ak desandan yon lòt etni poutèt youn pa t ap wè lavi a menm jan ak yon lòt.

Olye Bwa Kayiman brase tout kwayans esklav yo, fè yo fè yon sèl, olye li fè yon kouran monte sou tout lòt yo, li envante zouti metodoloji pa li. Zouti sa a pèmèt li kreye yon matris kote kèlkeswa tradisyon afriken, ou­byen, kit li te la nan Bwa Kayiman, kit li pa te la, ka pa­rèt san pa gen pyès lòt tradisyon k ap batay pou toufe l. Moun Lavale Jakmèl konn istwa Bònsante, moun Mawouj Nò-dwès konn istwa Mawome­tan...

Sou plan lojik fondalnatal, Bwa Kayiman eskive lojik youn kont lòt (esklizyon: mete moun sou kote) pou li pouse lojik youn plis lòt devan (enklizyon: kite plas pou tout moun). Se chwa sa yo, ki fèt depi nan Bwa Kayiman, ki pèmèt yon Ayi­syen sèvi lwa etan li pral pran lakominyon, san li pa gen san­timan li merite al nan lanfè pou sa. Ak yon lojik konsa pa ka gen nesesite pou yon eritye Bwa Kayiman ap mache di pa m pi bon, ale wè pou li t ap pèsekite yon lòt pou kwayans li.

Dapre tradisyon peyi a, chak nanchon afriken, ki te gen pitit yo anndan peyi a, kite yon eritay pou pitit peyi a. Nou ka wè sa nan fason vodou a ranje lwa (lespri), ki te travèse lanmè ak Afriken yo nan fon kal batiman pou li mete youn an amoni ak lòt dapre jan yo te konprann travay lwa sa yo nan espas kote yo te soti an Afrik la. Se sa nou rele matris pou yon sivilizasyon tounèf.

Prensip la vin ak yon kon­sepsyon nèf sou rapò moun ak Bondye. Sèl fason pou yon moun jije yon relijyon, se sou satisfaksyon chak moun jwenn nan relijyon yo. Konsepsyon sa a pa ka akòde ak lojik sivi­lizasyon pa-m-pi-bon yo.

1.5 Senkyèm Prensip : Sa nou pa konnen pi gran pase nou

Prensip imilite devan sa nou pa konprann. Prensip respè pou lòt fason moun ap viv, respè pou lòt fason moun konprann lavi a, fason ki depaman ak sa nou abitye. Respè pou ekspe-ryans nou pa viv. Anpil feno-mèn (èske marasa konn mare moun?), nou tande nan bouch moun sèlman, gen dwa posib anndan yon sivilizasyon, epi li enposib anndan yon lòt. Pèsonn pa ka di li okouran tout regle-man ki fè kòsmòs la ap vire. Lavi moun ap viv, kèl-keswa tan an, kèlkeswa kote a, se youn nan latriye eksperyans yon sivili-zasyon te ka fè.

Nan peyi Tibè nan Nò Lachin, mwàn (pè) nan Monastè Boudis pa t ka imajine gen regleman nan lanati ki ka pèmèt moun rale dlo nan baton fè yo monte sou tèt mòn. Konsa tou, anndan Ayiti menm gen moun ki ka sezi tande gen doktè fèy ak oungan ki ka fè yon gwosès kanpe, epi pou yo fè l kontinye nòmalman apre. Nou ka bezwen konnen, men nou pa gen dwa di sa pa ka fèt, nou fèt pou nou admèt sèlman gen anpil posiblite nan egzistans la ki pa pase devan je nou.

Apre sa, se yon envitasyon pou moun grandi nan chache lakonesans. Tank yon moun ap aprann, se tank l ap dekouvri pi devan gen lòt fenomèn nan lavi a ki mande pou moun gen plis respè toujou sou fenomèn lavi a. Se nan aprann n ap dekouvri lasajès.

Youn nan gwo gwo mo ki egziste nan sosyete ayisyen an se pwofonde. Pwofonde nan lakonesans! Klas dominant yo nan peyi a fè tou sa ki posib pou lakonesans pa blayi anndan sosyete a. Egzanp: Depi 1950, lasyans admèt lang manman yon moun se pi gwo zouti pou li aprann. An Ayiti tout res-konsab edikasyon konn sa, men yo pito anile moun nan fè yo fè jakorepèt nan repete leson franse yo pa konprann. Youn nan rezon yo pi fasil repete se: lè yon moun pati sa li pral fè ak kreyòl la. Kòmkidire sosyete a ap prepare moun pou yo kite peyi a.

Apre sa, fòk nou rekonèt mo pwofonde a mare ak kesyon mistik, akoz

1) sosyete ayisyen an bay aspè mistik la nan vodou a anpil enpòtans;

2) Epistemoloji se yon branch nan filozofi ki etidye tout kalite rapò lakonesans genyen ak yon epòk oubyen ak yon sosyete.

Nan epistemoloji vodou a nou jwenn sèten konesans rezève sèlman pou moun ki inisye, k ap pran degre. Si nou ouvè senkyèm prensip la pou tout Ayisyen, fòk nou laji mo pwofonde a, pou nou dekouvri se nan tout kesyon lavi a pou Ayisyen pwofonde, nan chache lakonesans.

Sizyèm prensip: Nanpwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

Nan ane 1905, (Albert) Einstein dekouvri lwa sou relativite jeneral. Si gen lwa sou relativite jeneral, se paske tout sa ki egziste nan kòsmòs la ap vire youn akote lòt, akoz fòs youn k ap peze sou fòs lòt, pou youn rale lòt oubyen pou youn repouse lòt. Se nan mezi fòs yon eleman ka reyaji ak fòs yon lòt, kòsmòs la rive jwenn ekilib li. Nan fè laviwonn, fòs yo gendwa chanje sans ekilib la. Depi jou lasyans te fin bay Einstein rezon, save pa janm sispann travay pou yo dekouvri yon fòmil matemtik ki ka sèvi nan kèlkeswa sitiyasyon an.

Anvan Einstein te dekouvri teyori sou relativite (jeneral la), prensip ekilib jeneral la te deja parèt nan chak vèvè yo trase anba yon peristil anndan peyi a. Ekilib nan mitan fòs yo se yon egzijans nan kèlkeswa vèvè a, pou kèlkeswa rezon yo trase vèvè a. Anpil save deklare vèvè yo trase anba peristil yo soti nan eritaj Endyen yo. Si vèvè yo se yon eritay Endyen, sa vle di depi nan tan Endyen yo, gen moun ki te deja konprann kòsmòs la chita sou ekilib nan mitan eleman ki peple kòsmòs la, moun sa yo te gentan adopte prensip ekilib la nan reyalite lavi yo. Sivilizasyon ki vle respekte amoni ant moun ak anviwònman an (kòsmòs la) dwe adopte prensip ekilip kòs-mòs pou lavi sosyete yo.

Setyèm Prensip: Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

Kisa sa vle di? Sa vle di: chak moun dwe rekonèt li pa ka debalanse ekilib lavi a, li pa ka debalanse ekilib kòsmòs la. Defèt ekilib yo ap rale malè sou tèt tout moun, atò moun ki pran reskonsablite defèt ekilib yo. Fè ekilib la retounen ap vini nan brasaj k ap fèt nan mitan eleman yo, etan yo nan boulvès. Lè ekilib yo fin defèt, se nan anpil lesefrape ak kolizyon, pou fòs k ap pote eleman yo repran ekilib yo. Pèsonn pa ka devine ki rezilta boulvès yo ka bay. Eleman nou te konnen anvan boulvès yo gendwa disparèt nèt, konsa gen lòt ki ka parèt...

Sitiyasyon boulvès Ayiti ap viv la sanble ak yon ekilib ki defèt, kote fòs yo ap chache yon lòt ekilib. Kit se ògèy yon moun yo blese pou granmesi, kit se yon pyebwa yo mal koupe, kit se yon savan ki envante yon bonm, gen yon ekilib ki defèt, pèsonn pa konnen konbyen tan sa ka pran pou moun k ap vin dèyè rekonstui ekilib yo...

Uityèm prensip: Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.

Twa dènye prensip sa yo marye ak senkyèm nan. Paske menm prensip la parèt sou twa fòm. Yo vin sou twa fòm, paske sa reprezante yon ensistans : se pou tout moun konnen yo. Prensip sa yo ap atire atansyon tout moun sou reyalite lavi a (pou poze kesyon), kit se nan sosyete rich, kit se nan sosyete san mwayen. Si nou gade dega lèzòm ap fè sou anviwònman an, kit se an Ayiti, kit se lòt bò dlo, nou ka konprann kòman nèg vizyon, ki mete prensip sa yo deyò, te konn reflechi, kòman yo te pwofonde.

Difikilte lavi a oblije nou kon­prann nesesite pou nou pwofonde nan konesans sou regleman ki kòmande lavi moun ansanm ak kòsmòs la. Lavi moun pa deparye ak laviwonn k ap fèt nan kòsmòs la. Menm jan ak sitiyasyon mawon yo, ki te devan defi esklavay la, si­tiyasyon difisil Ayisyen yo ap viv jounen jodiya egzije yo suiv konpòtman mawon yo, ki te desann fon (pwofonde) nan fi­lozofi lavi a pou yo jwenn ki direksyon pou yo pran pou yo soti nan zafè esklavay la.

Nan ane 1791, mawon yo pran dispozisyon pou yo te trase yon lòt modèl lavi. An 2009, laplipa Ayisyen chwazi rete tann èd ak mirak Bondye. Sosyete a ap depafini ak yon mantalite chita tann, asiste, defetis, ki pa montre pyès moun kote tout moun ap ka manje, ni ki kote travay pou tout moun nan ap sòti, san nou pa pale pou ekilib nou dwe chèche. Ekilib ki nesesè pou amoni ka tabli anndan sosyete a.

Nevyèm Prensip : Pa janm manje manje bliye.

Pouki rezon pou Ayisyen pa dwe manje "manje bliye"? Prensip souvnans. Nan ane 1793, Tousen Louvèti fòse Lafrans pwoklame libète jeneral pou tout esklav nan kèlkeswa koloni franse a. Nan ane 1802, Napoleyon Bonapat (premye Konsil fransè) voye 55000 solda vin remete esklavay nan koloni yo (Sendomeng, Matinik, ak Gwadloup). Si Fransè yo pa te rive remete esklavay anndan Sendomeng, yo te rive fè sa nan zile Matinik ak Gwadloup.

Ki leson ansyen esklav yo aprann nan tantativ Napo­leyon Bonapat la? Pi gwo leson premye jenerasyon Ayisyen yo kite pou nou, se yon leson poli­tik ak sosyal: "Nanpwen pyès gany ki la pou tout tan. Se pou nou toujou veyatif. Se pou nou toujou sou gad nou, paske jou nou bliye kò nou, jou nou an feblès, fòs nou te konbat yo ap remonte sou nou, depi yo kapab".

Ki rapò prensip sa a genyen ak Ayisyen 2009 yo? Prensip Bwa Kayiman yo soti nan lanfè lako­loni; se sa ki fè yo solid. Pou mawon yo te kraze lanfè a, fòk yo te plonje (pwofonde) nan nannan filozofi lavi a, pou yo sòti ak prensip sa yo ki te rebay esklav yo tout dimansyon moun yo. Yon dimansyon sis­tèm es-klavay la pa t rekonèt. Prensip Bwa Kayiman yo depaman ak filozofi lavi ewo­peyen epòk sa yo (blan, rasis, pa m pi bon, de­mounizan). Malgre limanite ap fè pwogrè, prensip Bwa Kayi-man toujou ap pale, paske se pa nan tout sosyete sou latè yo admèt yo. Si genyen sosyete ki pa rekonèt yo, jouk jounen jodiya, se paske gen fòs nan sosyete sa yo ki re­jete valè sa yo. Eriye prensip sa yo gen obliga­syon pou yo res­pekte, onore, venere moun potorik sa yo ki te jwenn kòman pou yo desitire yon sis­tèm ki t ap lote moun nan mitan bèt. Si Eritye yo bliye sa, sivilizasyon pa m bi bon yo gen lòt zam pou yo de­mounize moun tankou sou tan lakoloni.

Dizyèm Prensip : Toujou sonje: fè koupe fè; dèyè mòn gen mòn; pa fè san inosan koule; pa lage chay nan men manfouben.

Regleman sa yo, se yon rado regleman pou ede moun viv lavi a nan amoni. Pa gen fòs ki pa gen feblès li; pa gen fòs ki pa gen fòs ki ka kontre avè l. Toujou fè pou rezon nou toujou nan men nou. Gen yon pòsyon moun ki di: "Sa w fè sou latè, se nan syèl ou peye l". Gen yon lòt pòsyon ki di: "Sa w fè sou latè se sou latè ou peye l". Gen yon lòt pòsyon ki pa respekte anyen nan lavi a... Y ap fè chay san yo pa konnen ki moun dèyè ki pral peye.

Onzyèm Prensip : Veye! Lènmi Bwa Kayiman ap vin sou tout kalite non, ak tout kalite rechany pou yo tire revany.

Si Napoleyon Bonapat pa la pou li remete sistèm esklavay la sou pye anndan peyi a, si li enposib pou esklavay retounen sou tè Ayiti, sa pa vle di rasis yo pa gen lòt mwayen pou yo tire revany. Premye mwayen rasis yo genyen pou yo tire revanj, se echèk sosyete ayisyen an pou li rezoud pwoblèm li. Tablo echèk Ayisyen yo bay blan yo prètèks ak zam pou rasis yo kritike eksperyans 1791-1804 la. Sa ki pi rèd, anndan peyi a menm, tout koze tankou, "Campagne anti-superstitieuse, kapany rejete, dejouke Bwa Kayiman, Èzili se Jezabèl, remèt peyi a ba Jezi", tout koze sa yo se tantativ rasis yo ap eseye, granmesi Ayisyen yo lemante ak lajan, pou yo efase memwa Bwa Kayiman nan mitan pèp ayisyen. Objektif rasis yo se fè Ayisyen repete: "Nou pa wè kisa Bwa Kayiman te itil ! Kisa 1804 te itil? tankou sèten Ayisyen kòmanse di l.

Douzyèm Prensip : Malè yon eritye ki bliye esklav fè Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.

Nan ane 2009, rasis toujou egziste sou latè. Jouk jounen jodi a, desandan eritye 1791 yo, desandan eritye 1804 yo ap peye dwa yo te rache nan men kolon pou moun pa gade moun tankou bèt. Nèg nwè Matinik ak Gwadloup tann plis pase 40 ane apre Ayisyen, anvan pou blan franse aksepte ba yo libète. Etazini te taye yon baryè ide-yolojik espesyal pou Ayiti, pou li te bare enfliyans revoli­syon ki soti nan eksperyans Bwa Kayi-man an.

Sonje nan ane 1826, se Etazini ki te fè yo pa resevwa Ayiti nan premye reyinyon yo t ap òga­nize pou Eta Endepandan nan kontinan Amerik la. Etazini pran 60 ane pou li rekonèt en­depandans peyi a. Blan ak blan te oblije fè lagè pou yo desitire esklavaj nan peyi yo. Nèg nwè nan peyi Etazini oblije tann jouk 1960-1964 pou yo jwenn dwa pou yo vote. Nan Afrikdi­sid, Mandela pase 27 ane nan prizon anvan pou blan rekonèt dwa nèg nwè... Malgre tou sa ki vin pase apre, anpil blan sou latè pa janm padone Ayisyen dèske se yo ki te dechouke sis­tèm esklavajis la an premye, nan yon kwen sou latè. Apre echèk yo an Ayiti, kolonyalis yo travèse sou lòt kontinan (Afrik, Azi), pou al gaye vizyon rasis yo nan esplwate pèp endijèn yo jwenn nan kontinan sa yo.

Etan gen sivilizayon k ap dispa­rèt, gen lòt k ap parèt. Chak sivilizasyon vini ak valè pa li, ak vizyon pa li sou lavi a. Nan anpi women, yo te desitire eskla­vay nan kòmansman Mwayennaj. Lè Kristòf Kolon fè dappiyanp sou Lamerik ak ko­lon li yo, Las Casas ki te gen kè sansib pou Endyen, mande pou yo bwote nèg nwè sot an Afrik. Se konsa moun, ki pre­tann y ap sèvi Bondye, siyen non yo anba yon krim kont li­manite pou yo ka fè lajan. Se kalvè sa a, ki tanpe nan fon nanm desandan esklav yo, blan rasis yo, anba kouvèti Levanjil, ap bat pou yo efase nan kon­syans ak memwa viktim yo.

Kite yon repons